Mwen dakò a Moise Jean Charles a san pousan nan tout sa...

Patrick Princivil - December 8 2015, 4:30 PM

Mwen dakò a Moise Jean Charles a san pousan nan tout sa lap di la yo, men sak fèm véksé a: sé paské dépi an 1986 ; yap plédé bay bèl paròl, bèl Fransè ak bèl Anglè, yo pa janm réglé anyen.

an 1987 - 1988 yo, Générald Henri Nanphi té fè kont magouy li ak Léslie Manigat, aprè 2 mwa li té mété pyé sou kou Léslie Manigat poul té ré pran gato a nan menm Manigat, nan menm ané a Gouvernman Amériken pran Général Nanphi lal jétél nan yon lòt péyi, poukisa?

nou pat konnen.

Dépi lè sa a sé gòg magòg nan léta. Group Léopard té lévé kont Prosper Avril jiskaské ex - Prézidan Prosper Avril té démantelé group Léopard.

Raoul Sédras pété nan figi Jean Bertran Aristide, kalé boudal jiskaské sété Gouvernman Amériken ki tal pran ti rès ma Jean Bertrand Aristide nan men Raoul Sédras.

Sété tout hèn sa yo ki té fè ké Jean Bertrand Aristide té démantelé lamé Ayisyen an.

Tout bagay sa yo ap rivé la a paské moun sa yo ap aji tankou bèt bwa; moun sayo ap aji tankou vyé bèt sovaje nan rajé, yo pa ini ; chak 5 ans oswa chak avan 5 ans gouvernman rich ap volé gagè pou pasé gato a bay kolòn ti pòv ki pa kanpé sou anyen.

Lè nou al dèyè lisans nan léta Ayisyen sèvis yo paralizé, avan pou moun yo rési tapé yon ti bout papyé bay nou sé ak yon ti gren dwèt moun yo ap tatonnen sou òdinatè a, sa fè wont, menm kliyan yo sé tout yon mizè pou nou jwen sèvis. 2 oswa 3 ti gren òdinatè ap bay sèvis pou 5, 000 000 moun pa jou, 3 moun sa yo kap tatonnen sou òdinatè sa yo mizérab. Rakétè kap travay andedan biwo léta yo menm, sé yon késyon de map jéréw, métém dévan moun ki nan ling moun ki pat jéré yo pou pasé dévan al kanpé dévan nou, menm si yo mété nou dévan moun sa nap pasé mizè nan ling nan. DGI menm kout baton, tou patou menm kout baton, gen de moman sé ak sabò mwen santim ta pran ban malandren sa yo.

Èské sé Jovenel Moise oswa Jude Céléstin ; Oswa Moise Jean Charles oswa Marise Narssice oswa pè éternèl nèg (bòlèt la) ki pwal ranjé tentennade sa yo.

Zafè la mairie, Asèk, Kazèk etc. sé tout yon tèt chajé.

Moun yo lèd, yo sal, yo sal, épi yo santi kaka.

Moise pakon fè politik, nonm nan déja prè poul chasé Munistah, pou lal nétwayé lapolis.

Chyen fè rèv li épi li rété nan kè li, bon yo déja fin konnen ké sé sa li pwal fè ki yès ki pwal aksépté pèdi travay li pou ti Moise Jean Charles?

Misyé pa entélijan, François Duvalier pa tap janm fè yon vyé érè konsa, sé pou misyé al apran fè politik.

Related Article:

AUDIO: Haiti - Moise Jean Charles di li PAP Suporte Jude Celestin come Candidat a la Presidence

Tande AUDIO saa... Haiti Elections -- Moise Jean Charles deklare li PAP suporte candidature Jude Celestin apre yon jounalis Magic 9 te mande li eske...

REPLY to this message

Return to Message List