Pafwa mwen oblijé rété an silans épim pa...

Patrick Princivil - November 25 2015, 10:35 AM

Pafwa mwen oblijé rété an silans épim pa di anyen paské pakèt kandida sa yo pap janm rivé konpran sa kap pasé la a sé pou sak fè pandan Jézi té sou kwa a li tap soufri épil té di papa padoné yo yo pakon sa yap fè.

Mwen konpran frustrasyon G8 la, mwen konpran frustrasyon tout rès group 96 la. PHTK a; KEP a, CEP nou té gen avan 2011 lan tap mennen gouvernman Ayisyen an ak pèp Ayisyen an nan yon mizè nwa san konpran, sé sak fè sa té rivé la a. Alò si PHTK, KEP CEP, lapolis etc. dékouvri ké yon lidè pasé nan yon éléksyon ké yo pat menm sipozé yé, si lidè jodi a ak 2 pla men ni, san lajan, a 2 biche, ak po gren ni oswa po bòbòt li, ak yon ti diplòm ké yo acheté anba tab etc. frode oswa pa frode èské yo oblijé lagé pouvwa a al kontinyé trennen nan farine démokratikman jan Aristide té kon dil?

Mwen pagen oken pwoblèm ak pati politik yo, men lè yo wè érè yo sé fè éfò pou korijé yo, sé pa agravé pou yap kontinyé agravé bagay yo. Mwen mandé éskize a tout kandida ak politisyen ak Prézidan mwen chouté sou yo, byen ké féblès la sé nan sang mwen sa yé, byen ké sé sèl Jézi ki ka chanjél pou mwen. Pafwa yo fèm trè faché é yo menm fè tansyonm montém.

Kandida sa yo san konsyans :

Gadé moun Prézidan Martelly rétiré anba tante !
Sim manti mwen manti aprè Laurent Lamothe :

Lè Prézidan Martelly té fèk monté sou pouvwa a, chak éstasyon polis té gen yon ti pickup camyon ki tap bay sèvis a 4, 000 moun ; nan chak zòne sété konsa.

Pafwa mwen té kon kanpé nan yon kwen an Ayiti épim té kon tandé yon séri de bri kap avansé nan lari a kap kriyaw ! Kriyaw ! Kriyaw ! Kriyaw oswa blogodow ! Blogodow ! Blogodow ! Blogodow !

Nou mèt kwèm mezanmi, lè bri prèské rivé bòkotém sal yé yon machine polis san limyè, tout trip machine nan déyò, zam nèg yo pat bon, mwen gen entansyon gen nan ti polis yo, pou yo té kon al pran sèvis yo fò tou tan yo té kon ak yon égwi ak yon bout fil nan men yo pou yap koude fouk pantalon yo sou réjim Réné Préval la ak Lavalas la, mété ak lòt sak té avan yo. Nou -menm Diaspora kap viv aux États - Unis ! pansé ak frustrasyon 104 pati politik yo, men an nou pansé ak pwoblèm péyi nou ap subi tou ! Èské sé pwoblèm tèt ansanm ki mété nou koté nou yé la a oswa ògèy?

Alò jodi a pou yap batay pou PHTK rémèt yo péyi d'Ayit pou yal kontinyé gaspiyé, krazé, maltrété.

Pafwam pa di anyen, men sim ta pran dénosé féblès péyi d'Ayiti ak ipokrizi nan légliz ak politik péyi nou gen anpil moun ki tap pran kriz é yo tonbé bip yo mouri.

Anpil nan kandida sa yo di yo pwal fè épi yon pa menm ka acheté yon bon soulyé pèpè mété nan pyé yo, nan kisa nou pran la a mézanmi?

Sa nou fè nap péyé?

CEP a menm genlè té pè kritik moun sa yo kap plenyen sou zafè séléksyon épi yo kité 104 kandida al nan éléksyon, yon pakèt kandida youn pa vo lòt épi yap kritiké Prézidan Martelly, tandiské yo pa janm lwanjé pou bon travay Prézidan Martelly déja fè nan péyi a.

Yo fè frode sé vré ! mwen pa di sé yon bon bagay, men yo fè frode la ak yon ti résous nan men yo pou yo édé péyi d'Ayiti avansé, sa kap pran pòz ké yo onèt jodi a poukisa yo tap kité Ayiti dégangolé konsa a?

men kounyé a maniféstan yo pran maché ak bokit yo nan men yo nan lari a sou prétèks bat tanbou kont PHTK, manti wi dèyè vòlè yo yé wi. JPP banm kité bonDyé nan syèl dégajél ak pèp li.

Related Article:

Haiti - PM Evans Paul Confirms, Martelly did call Jude Celestin to Congratulate him...

Haiti Elections Update -- Prime Minister Evans Paul did confirm during an interview on radio Vision 2000 Wednesday that president Michel Martelly...

REPLY to this message

Return to Message List