Ané sa a yo sézi! Map gadé sa bonDyé nan...

Patrick Princivil - November 21 2015, 11:04 PM

Ané sa a yo sézi !

Map gadé sa bonDyé nan syèl la ap di pou Ayiti, PHTK drivé nan farine, pakèt ti pòv maléré kandida magoyèm wè la yo déjà drivé nan farine pou tèt yo déja, kiyès ki pwal fè moun sa yo konfyans nan tèt gouvernman an?

pagen wout pa bwa pou Ayiti, péyi a krazé.

Mézanmi tout péyi ap prété lajan nan lòt péyi étranjé pou dévlopman menmsi yo gen pwoblèm lakay yo men péyi yo ap maché.

Nou - menm Ayisyen dépi an 1804 gouvernman Ayisyen ap prété lajan pou dévlopman épi yo pajanm ka rémèt 1 pousan nan lajan yo, sa a sé yon malédiksyon, fò bonDyé di yon mo pou Ayiti; gouvernman Ayisyen an pa entélijan menm. Lè nou rési kòmansé ap fòsé bay PHTK a yon ti krédi jis pou po wouje Michel Martelly a, men PHTK drivé nan farine, mwen pa kwè Ayiti ap janm anyen.

Mwen pagen pwoblèm ak sa nèg yo ap rémèt la a, pwovens yo vyèje, aktyèlman mwen gen 54 ans, rézonm vlé fè antré sòti an Ayiti sé jis poum préché lévanjil, priyé ak moun malade nan lopital ak lakay yo, distribiyé manjé, rade, savon, médikaman etc. bay pèp Ayisyen.

Sa tap plis anfavè bonDyé pasém, sil pa vlé ki mélém?

Gen Miami, Floride, Texas California etc. aprè yon lòt 11 ans ma fout pran rétrèt mwen nan zòne sa yo. Seng Domeng kém té vizé poum ta pran rétrèt mwen, pou vyé jès rasis yo sot fè la mwen paka al riské vim nan péyi konsa.

Lòt opsyon an: poum ta pran rétrèt mwen an Ayiti fòm gen anpil lajan, o mwen fòm ta dwé achété yon 5 kawo tè nanw pwovens épi mwen baré tout 5 kawo tè sa a, épi fòm fè sure ké pagen menm yon ti maléré mizérab ki abité pré zòne nan épi fòm mété pakèt gwo kaméra survéyams ak pano solèy, jénératris backup, ak chyen méchan ak lion pou surveyé zòne nan dékwa pou si yon ti visyé ta menm pasé pré kay nou sèlman poum fè chyen méchan oswa lion manjé yo. Aprè sa mwen pa pèdi anyen nan port au prince.

Sé la rakétè, gran manjè, magouyè, ti visyé yo yé, sim pap vrèman bézwen mwen jis pap pasé la. Jodi a yap blamé PHTK ak CEP a pou frode sak pwal ranplasé PHTK a pwal fè pi visyé.

Vòlè, yo si tèlman chat mawon menm si nou voyé jété anlè byen wo yap désan sou 2 pyé yo. Sweet Micky tap blamé Réné Préval pou menm bagay frode sa a, mwen pa wè oken diférans, misyé té dikél sé yon modèl pou Ayiti, kot modèl sa yé la a?

Menm tenten yo, menm magouyè yo. Okontrè PHTK drivé nan farine pou jistan Jézi rétounen, kiyès ki pwal kwè nan modèl sa a ankò?

Dépi Satan akizé yon nonm dévan bonDyé sé paskél malonèt menm jan ak tout rès malonèt yo, si yo té bon konsa sé pa konsa yo ta fè sa.

Related Article:

Haiti Elections - NOT ONE Photo of Ambulances Going into Voting Centers, Phenomene LOUGAWOU, Reginald Delva Says

Haiti Elections Update --- Former Interior Minister Reginald Delva says he finds it strange that, will all the mobile phone in Haiti able to take...

REPLY to this message

Return to Message List