Lontanm lèm té pi jèn mwen té kon al&#233...

Patrick Princivil - November 20 2015, 3:16 PM

lontanm lèm té pi jèn mwen té kon alé nan match football sou téren ST Térèze la an Ayiti, lè yon yon ékip gen poul prézanté sou téren an poul lal jwé ak lòt ékip la épi yo pa prézanté yo jis fè fòfè sou ékip ki pa prézanté sou téren an.

Kèlkéswa Jude Céléstin al 2end round ak Jovenel Moise, kèlkeswa Jude Céléstin pa alé nan 2end roun ak Jovenel Moise sa pap gadé gro pil boudam menm, li pa prézanté Jovel Moise tou Prézidan, sé yon bagay ki trè Senp. Mwen pè pou rès 52 pati politik yo pa monté vyé konplo yo pou yal sipòté Jude Célétin pou sé yomenm ki pwal kalé bouda Jude Céléstin byen kalé épi yo métél déyò dépi sou 2 mwa. Kandida yo fou yo pa renmen pèp vré.

Fò yo dwé konnen ké Ayiti pa yon kòk gagè.

Fò gen lwa ki pou pasé pou kandida pèdan yo paka al voté ankò an 2015 lan. Sé sèlman pèp la ki dwé désidé si yap voté Jovenel Moise oswa si yap voté Jude Céléstin.

Men yonsèl bagay mwen ta renmen pèp la konpran, péyi a déja nan dlo, nou gen la mairie kap sousé sang ti machan yo nan la ri a ; nou gen Kazèk ak Asèk etc.kap sousé sang ti machan yo nan yon tax ki pa menm rantré nan kès léta, travayè EDH, la Douane ap mal mennen péyi a, la douane ka gen yon ti amélyorasyon menmsi Prézidan Martelly pap janm ka fin métrizé ban vòlè yo paské san visyé a nan kò yo. Mwen ta pi préfé Prézidan Martelly lagé yon ti kòb nan men Jude Céléstin poul alé nan éléksyon kòm yon démonstrasyon dévan moun ki té voté li a, men ak yon kondisyon kél siyen kél akséptél pèdan an langan nan 2end round lan.

Péyi a pa bézwen Jude Céléstin, yo pwal voté misyé poutèt li bo gason konsa lipwal maché tayé moun yo dévan dèyè, fè yo gaspiyé traktè léta épi tout sa. Mwen pa la poum akizé péché moun, lè map gadé kém wè richès péyi a ap pasé nan tenten mwen oblijé kouché an kwa ané sa a poum fè sur ké nèg bannan nan pasé.

Yon kandida ki bézwen bat nèg bannan nan nan an 2021 an sé poul kòmansé travay kounyé a épi poun wè chak kandida sa yo parèt ak yon bagay ki ka fè o mwen 5 fwa valè sa nèg bannan nan rémèt la. Kèlkéswa Laurent Lamothe, li pa pwal poté bouré an 2021 an konsa an tèm li pa fè anyen pou souteni pèp la épil konpran li pwal Prézidan non.

Fwa sa nou pap acheté chat nan sak, nou pap chwazi moun pou bo gason.

Moun ki dwé manjé gato sa a an 2021 an fò sé moun tankou Odson Orélus, nan nouvo Sénatè, Député, Prémyé Minis, Majistra, Kazèk Asèc etc ki pa égoyis, ki la déja mété ak sa ki pwal monté yo ki dwé travay an ékip ak Prézidan Martelly ak nèg bannan nan pou ranjé péyi a. Dépi yon pati politik sé nan divizyon, hing hang lap viv é ki pap pwodui, sé pa sou do Ayiti li pwal monté an 2021 an ; yon pati politik ki rayi PHTK, jis préparé sèkèy yo tan lanmò yo si sé Palè sa a yap tan pou yal monté ak ti group pèsonèl pou al kenbé PHTK ak rès 103 pati politik yo nan soufrans plis pèp la.

Yo pa kon fè politik, sa kap tounen lékòl rétounen jis tounen lékòl, pou kounyé a plas politik pa fèt pou yo, gen bòs chapantyé, gen mason, gen ébénis etc. al apran métyé, sé pa chita ap konsantré yo sou zafè plas léta sèlman pou yo manjé yon bout mayi moulen.

Al van marinad, éspagéti. Sé pa chita ap anbarasé pyé lapolis nan lari a konsa, pwochèn fwa si yap kontinyé konsa sé fout yo bal plastik nan 2 trou zyé yo ; gaz lakimojèn nan kouté lajan lè yo itilizé gaz yo fò yo fè sure ké gaz la al koupé souf yo lakay yo youn aprè lòt, men pa menm jou a.

Moun yo fèm faché !

Yon péyi ké tout lòt péyi vwazen nou yo ap fè vyé konplo: kanalizé rivyè dlo yo pou anvayi Ayiti, ménas sou ménas, yap anpwazonnen bèt nan lanmè pou tiyé nou, nou pran yon tranbléman dé tè 12 Janvyé, 2010 la nou pa menm kon nan ki kondisyon.

yo wè pèp la avèg sou zafè téknoloji yap pofité sikonstans ; olyé pou tout moun mété tèt ansanm ak PHTK ak Dyaspora poun ranjé péyi nou, non ! Tou tan sé hing hang. Ané sa mwen paré pou yo, vin monté sou ti zèl la san fè anyen si nou kapab, map raché fèy kisa sayé yo ak danm mwen kraché yo jété ané sa a.

Related Article:

Haiti Elections - Jude Celestin To Decide if YES or NO he will to go to 2nd Round with Jovenel Moise

Haiti Election Update -- Candidate for president Jude Celestin of the Alternative League for Progress and Emancipation of Haiti (LAPEH) say he is...

REPLY to this message

Return to Message List