Sé téknoloji sa yo ki fèm plézi, zaf&#232...

Patrick Princivil - November 20 2015, 8:52 AM

Sé téknoloji sa yo ki fèm plézi, zafè pou 53 vyé pati politik tou pòv, san sink kòb nan bouda pòche yo ap fout fè maniféstasyon tout jounen tout nan nwit pou kontinyé kenbé pèp nan mizè, bagay sa yo pa entérésém; Prézidan Martelly ak CEP a té bay Laurent Lamothe kanè fò yo fè sur ké PHTK ap genyen batay la.

Yo ka fè travay la sé kanpé fèm ak désizyon nèg bannan nan, paské nou pap tounen nan ban kinapè, ak rakétè sa yo ankò.

Moun sa yo ap pran pòze patriyotik yo konsa épi yo pat janm réglé anyen pou pèp la, Diaspora ak touris pat ka rantré Ayiti si nou pagen Jézi oswa sak nan Dyab yo té kon madré yo fon nan dyab pou yo rantré Ayiti sou Réné Préval ak Jean Bertrand Aristide dépi nan airport la yo té kon tou mété men sou Diaspora al tiyé yo pran tout lajan yo. Yo genlè bliyé sa?

Ban Chimè sa yo pap tounen sou moun ankò.

Dépi an 1986 rivé sou 2011 lan sé sa yo tap fè.

Mwen kwè nan zafè lékòl ak édikasyon, si yo té bon konsa sé pa sa yo tap fè, silvouplè ! Yap fè tout maniféstasyon sa yo épi 53 pati politik sa yo pa menm fè yon ak lòt konfyans non. Mété yon ladan yo Prézidan an Ayiti yap fè plis magouy ké pousa yo akizé CEP a.

Mwen pakon pou lòt moun men ti gato sa dwé rété nan men PHTK
avi, avèk Jézi mwen paka wont, si pou PHTK paka rété avi sé swa bonDyé banou yon Moise oswa yon Josué, oswa yon Samuel, oswa yon Reine Éster, oswa yon Roi David, oswa yon Roi Salomon, oswa yon Prémyé Minis Joseph.

Men nou pap tounen nan Chimè sa yo ak kidnapè sa yo ankò.

Mwen ta renmen Gouvernman Amériken an okipé yo de afè biznis pa yo ané sa a, blan Français té pran gran paran nou yo an Afrik, sa vlé di nou té gen yon koté nou té rété avan 1804; Yo té pran Générald Henri Namphi yo té ékzilél, nou pakon si misyé ak Régala ak Délatou menm vivan, yo té ékzilé Raoul Cédras, byen ké sété régléman de kont yo ak Gouvernman Amériken.

Yo té pasé yo kouri ak Jean Bertrand Aristide ak Jean Cladue Duvalier, malfèktè sa yo tout moun té wè klè sa yo tap mennen, men fwa sa a sa pa pwal pasé konsa ané sa a. Sé yo ki té mété Prézidan Martelly Prézidan d'Ayiti sé pou yo sipòté misyé avi san ipokrizi.

Paté a si tèlman cho nan men yo ané sa yo pakon sa pou yo fè ané sa a, piyay la fini, sé pou yo dégajé yo ak ban ravèt yo, yo mèt
soté ponpé, 53 vyé pati politik sa yo pap ladan.

Related Article:

Haiti - PHTK says Election Results will not change by disturbing the peace

Haiti elections update -- Parti Haitien Tet Kale (PHTK) has a message for the opposition... The election results is not going to change simply by...

REPLY to this message

Return to Message List