Problem lan sinple nan election presidensyel la peyia te...

Hen - November 18 2015, 8:06 AM

problem lan sinple nan election presidensyel la peyia te separe an 54 pati 100:54=1.9% vot pou chak kandida.

2 yo ki kalifie yo se jovenel ak Jude si nou pa vle jovenel se pou tout lot pati yo fe aliyans avek Jude kont Jovenel nan desiem tou election an le saa peyi-a ap divise an 2 pati selman 53 kon 1. Konsa nan desiem tou eleksyon an Jovenel ap giyin selman 1.9% et Jude ap ginyin 98.1%vot yo epi lape. Poukisa pou Jude rale kol sak fe Moise pa kanpe deye Jude pou'l ka ginyin nan 2e tou election an.Sa vle di min si sete Jude kite premye, tout lot kandida tap toujou rele anmwe se kokin election pa bon.Tout 54 kandida yo paka ginyin election an.Olie nou nan manifestasyon pou deranje peyi-a met tet ansanm ak Jude Celestin kont Jovenel et le election fini si Jude pedi se pou nou mete tet ansanm avek Jovenel poun constwi peyi-a.Si Jude bon se pou jovenel ak tout lot kandida met tet yo ansanm pou fe peyi-a mache.Yon prezidan elu selman pou 5 an pran pasians pa batay ede pito le sa pep la ap we ou se bon sitoyin ki ka ede peyi-a epi ya vote-ou nan lot election.Plas la pap fini lap toujou disponib chak 5 an.se pa nan batay ak gro ponyet pou fe yon kou se developman pou fe nan peyi-a minm jan jodyia nap pale de Jovenel se paske lap fe yon bagay nan peyi-a ki fe minm martelly kapab choisil pou prezidan.

Pandan tout moun ap batay pou kraze peyi-a li minm li tap travay pou ede kek malere gin yon vi miyo.

Related Article:

FLASH: Haiti Opposition Announce BIG GIGANTIC Manifestation 18 Novembre, Vertieres Day

Haitian opposition leaders announced that they will united for one BIG street protest to commemorate the battle of Vertieres this 18 November...

REPLY to this message

Return to Message List