Nou tout se yon ban mechan ban hipocrit nou di nap met tet...

Hen - November 18 2015, 7:02 AM

nou tout se yon ban mechan ban hipocrit nou di nap met tet ansanm kont martelly epi minm kote nou finn batay kon martelly nou pral batay yon ak lot nou se yon ban mounn fou ki pa kon-n sa nou vle.Nou toujou ap akize gouvenman min nou pa janm realize ke se yon problem haitien ki pa janm vle byin pou fre li. Problem haitien sa pa selman nan politik min se nan zantray Rass haitien minm liye.Non Haitien an se sa minm li vle di rayi tet pa-ou rayi tout sa-ou ginyin rayi tout sa ki vle samble ave ou.Sim na ka ou pa suppose ede'm min se pou'm rale'ou desann pou vinn min jan ave'm pou nou tou nan kaka an konklusion se yon bayakou nap bezwen pou vinn pote'ou sekou .Pran yon ti tan poze tet ou kesyon conbyin tan nap fe nan kaka-a plus ke 200 an gin tan passe deja. Suspan batay suspan makout, suspan magouye, suspan fe kokin, suspan pran avantaj sou pep la suspan sevi djab suspan koule san mounn san rezon bay peyi-a yon
chans, ansying rat yo pa bay nouvo generasyon an anyin sel ekzanp yo gin devan yo se batay tue moun di betiz pep ap pran lari chak jou.Moun sayo ki vle dirige peyi-a ke yo di yo san moralite patriotic, sosyal, ekonomik familial, academik sanite et juridik.Min ki kote peyi sa prale.Mwen swete yon lot tranbleman de te pi mal pa passe pou detwi peyi-a ak mechanste sa yo. Reflechi byin tout mounn nou te bat bravo pou yo deja pa regle anyin epi pep la kontinue ap soufri.

Haitien pa kite moun vire tet nou al fe manifestasyon pou vacabon rete lakay nou pa pote tet nou ale pou satan pran plezi bou bwe san-ou.Pryie pito pou bondye change ke rass haitien an poun ka apran-n viv ansam et yon ede lot pa selman en haiti min tou kote gin rass sa sou te -a.

Related Article:

FLASH: Haiti Opposition Announce BIG GIGANTIC Manifestation 18 Novembre, Vertieres Day

Haitian opposition leaders announced that they will united for one BIG street protest to commemorate the battle of Vertieres this 18 November...

REPLY to this message

Return to Message List