Pep sa pa ka pa maudi paske yo pa minm gin banann nan pou yo...

Hen - November 17 2015, 10:45 PM

pep sa pa ka pa maudi paske yo pa minm gin banann nan pou yo mange min yo jwen pou yo fe simagri.

sa ki pi mal la yo samble 2 chien ki ap batay pou vomisman.

haitien nan tout bagay depi yon pedi se toujou magouy et wanga.

Ansyin magouye sa yo sipose al pose deye yo yon kote kite pou yon nouvel generation fe yon kou ak haiti.Yon politichyin kap mete pep nan lari chak jou pa rinmin peyi-a yap utilise pep la pou prop tet pa yo. Haitien suspan-n kite vacabon pase nou nan tintin se pi fon yap rantre nou nan sou-development.Tout sa yap fe yo pap change anyin pou ou se selman tet pa yo.Le-ou minm ap mouri yo tout gin visa pou yo al cache epi ou mouri tankou bouki.

Jounalis yo sipose investigue pou konnin ki group ki ap finanse kokorat politik sa yo.Tout moun kap rele Jovenel neg banann nan se jalousi ki nan ke yo paske yo tout se bouch selman yo ginyin yo pap regle anying pou peson.

Election fet pa gin anyin tout bon ki ka prouve ke resulta ni bon ni pa bon.Tout kandida di se yo ki ginyin.

Li inposib pou yon peyi divise an 54 pati epi yo tout ginyin.

Sa fe ront et se tre malonet pou haitien.Nou telman rayi yon lot madichon-an telman ankre nan nou mounn ki pakon li demontre plis sages ke sa yo ki rele tet yo philisof.

Si nou kontinue ap fe betiz yon gro zoreil ap vin-n met pied sou nou et trete nou pi mal pase chyin epi vole tout riches peyi-a.Mesanmi suspan sevi djab antan-n nou.Si ou pose kandida anpil fwa deja ou pat bon pose bonda-ou chita yon konte.

Jovenel mwen respekte -ou pou gro effo wap fe nan peyi -a. Si ou konnin ou pa gren nan bonda-ou pou mete discipline na vacabon minm jan tankou francois duvalier avek youn ke sansib et patriotic pou ede pep, pa melange-ou avek ban-n ravet sa yo kite yo avek pouvwa yo et kite bon die sevi ave-ou pou bay plus mounn mange et travay nan peyi-a.et moun ki di yo pa bezwen bannan-n nan le jou yo mete'l nan bouch se pou'l trangle yo le sa ya sonje le politik dlo sal te plin vant yo, yo te di yo pat vle bannan nan.Yo pa panse olie yo chita ap fe manifestation chak jou si chak grenn san ront sa yo te fe minm jan ak jovenel pou yo te fe yon produi different tankou poi mayi vegetab yam patate pomme de terre yo tap bay ampil mounn manje et travay min yo prefere ap bloke peyi-a pou empeche pep la respire.

Mezanmi mete la pe pou tourist, diaspora et biznis etrange-yo kapab rantre nan peyi-a pou investi et pep la ka jwenn yon vi miyo. si ou rinmin pep la tout bon sonje le ou bloke peyi-a boule cahotchou kraze machinn, et bizniss moun-n detwi ti sa ki ginyin nan peyi-a se pi mal nap pi mal nou pap avanse se back nap fe.Mwen swete nouvo govenman haitiyin an ap passe yon lwa ke avant pou yon group politik fe manifestation se pou yo gin au mwen asurans pou $30000000.00 pou retabli ninpot sa ki detwi a coz manifestation an epi tout manifestion na peyia dwe gen limit pa plus ke 2 pa mwa avek 15 jours inteval.

Related Article:

SCOOP: Haiti - G8 Protesting Presidential Candidates get a NEGATIVE response from CEP after Monday Meeting

Haiti Elections Update -- The Group of eight (G8) Protesting Presidential Candidates did NOT get the response they were waiting for from the...

REPLY to this message

Return to Message List