Mwen sézi poum wè yon pakèt odasy&#233...

Patrick Princivil - November 16 2015, 1:15 PM

Mwen sézi poum wè yon pakèt odasyé polisyen ap akizé CEP a, MUNISTAH, PHTK pou fraud, malgré tout sa yap di yo mwen pap janm bay chien lakay Prézidan Martelly pou pakèt kolòne vyé lidè politik sa yo. Pandan Agro Service ap blayi bannan nan tout rakwen péyi d'Ayiti yo menm yap maché détwi, krazé brizé, mété, koté yo pwal avèk sa yo?

Pendan Agroservice ap travay di, yo menm yap maché fè maniféstasyo, koté nou pwalé ak pakèt kòk pyé kaka sa yo?

Si pou gouvernman Amériken an ta obéyi a moun sa yo konnen gouvernman Amériken an ta pi fou pasé pakèt malfèktè sa yo, al gadé sou sit web Agro Service na wè nou menm, gras a bonDyé nan syèl la ; gras a Prézidan Martelly ak nèg bannan nan, kounyé a nou gen machine sa a ki rélé Motoculteur nan péyi d'Ayiti ké malandren pat janm menm pansé ak sa ditou.

Yo pa wont?

Nap pran tout vyé brimade sa yo dépi an 1957 rivé jiska 2011 lan pat janm menm gen yon lidè politik ki té kon menm révé bagay sa yo. A chak fwa ban chien 2 pyé sa yo lévé kanpé kont Prézidan péyi nou gen la a jodi a, mwen santim faché kont CEP a ak Prézidan Martelly paské dépi Laurent Lamothe pat nan vòlè, fè magouy, manjé moun, fè vyé rakèt nan péyi a yo pat sipozé bal kanè ; menm ké Jovenel Moise ta alé nan éléksyon an tou, men yo té sipozé mété Laurent Lamothe kòm yon gro pwa lo pou rétiré tout vyé lidè politik pouri sa yo sou moun, sé sak fè yap radoté sou zafè fraud kont gouvernman an ; si yo fè fraud sè ké yo fè fraud pou sové Ayiti, yomenm sé détwi yo pwal détwi Ayiti anba difé, koté nou pwal avèk yo?

Député Juda Éscariot la byen palé: pèp Ayisyen pakon anyen nan zafè politik sé sak fè yap voté kandida yo pou pi bo gason ak pi bèl fanm, ak bèl po, sé paské yo pakon sa rélé dévlopman ki fè yap aji konsa a, tèt mwen byen chita sou zépol mwen, yo té mèt rélé Prézidan nou bandi légal oswa pa bandi légal kanmèm li gen yon vizyon pou Ayiti, mwen kwè sa: si ti gato sa a rété nan men PHTK pou sèlman 15 ans ap gen yon gro diférans.

Kounyé a tout té gentan pou Jude Céléstin, manti wi ! Yo fou, yomenm ankò pwal kalé bouda Jude Céléstin byen kalé, mété difé nan tout kwen péyi d'Ayiti: fò Jude Céléstin alé.

Épi silvouplè sé pa ti mas pèp la kap fè sa ak volonté yo non ;

Lidè pouri yo ba yo yon ti plat manjé ak sigarèt, tafya, krak ak mariguana pou al fè tenten nan lari pou yo. Prézidan Martelly gen rézon: lèn Prézidan na konnen.

Ané sa a mwen nan bwa ké yo. Jean Claude Duvalier pèdi pouvwa a an
1986 ; sété sèlman Leslie Manigat ki té négosyé ak Gouvernman Amériken pou té bay pèp la manjé 3 fwa pa jou, mwen pat kon ki vyé deal li té fè ak Général Henri Nanphie okay bagay yo té pasé mal, Général Henri Nanphie té frapé léstomak li 3 fwa poul té di sa a yo pranl, yo pranl é yo pranl nèt, malérézeman li té volé gagè sou 2 mwa mwen pakon sil la toujou.

Men kounyé a si nou rési jwen yon Prézidan kap travay ak nèg bannan nan pou mété manjé nan plate nou èské nou ta oblijé kouri dèyèl pou nal rétounen nan kolòn rakétè, gran manjè, ansasen, machan dròg sa yo ankò?

Sim té wè yo van dròg la yap nouri pèp la, ba yo manjé, péyé kay moun ki pagen koté pou yo rété, fè gro plantasyon, jéré EDH byen, jéré la douane byen etc. mwen pa di sé tap yon bon bagay, yo pa wè pèp vré, men lè yo pasé bò lari a nan bèl machine yo, menm grosè plate poule yo ak diri, bannan, léti, tomate yap lévé nan men machan yo déyò a pou tèt yo ak pitit yo ak zanmi yo, épi mas pèp la: haaaaaaaaaaaam !

Sak pi fèm mal la, yo si tèlman malonèt ak égoyis, lè yo fine plen fal yo ak manjé, ti rès ki rété a olyé pou yo ta métél yon koté pou menm moun fou kap mouri grangou ta pranl pou yal manjé, yo préféré pisé, pété, vomi, bavé nan rès manjé a pou lòt moun pagen entansyon pranl pou yal manjé.

www.groservice.com
ak motoculteure sa yo gen yon chans pou péyi d'Ayiti, sé pi myé ké pè Lébrun.

Ané 2016 la PHTK ap byen vini sou chèze bouré sa a, men pa ban malandren kòk pyé kaka sa yo.

Related Article:

Haiti - United Nations Denies Allegations of Depute A. Rodon Bien Aime Accusing UNOPS of Elections Fraud

Haiti - The United Nations formally denies allegations by depute-elect Antoine Rodon Bien-Aime that UNOPS was involved in fraudulent activities in...

REPLY to this message

Return to Message List