Lord, I can only pray for my little country Haiti. Kote nou...

Figaro Estime - November 5 2015, 10:40 PM

Lord, I can only pray for my little country Haiti.

Kote nou bare ak pil politisyen sa yo?

Ce pays est pris en hotage par sa classe politique depuis plus d'un siecle.

Sanble depi yon neg desan setifika yo kwe fò yo prezidan.

WTF! Moise Jean Charles, ce gar est un enbarrassment pour notre nation.

Ce mec qui ne peu parler ni le francais ni le creole structuré veut a tout prix être president de la republique.

Cet type est dangereux.

Nèg la te tou jis sou radio Kiskeya lap proteste rezilta eleksyon e pandan kel nan lè a, swadizan la polis tire youn nan fanatik li yo?

Eske se mwenmen sèlman ki trove tout bagay ki rive nonm sa a twò konvenyan.

Poukisa se mouche sa a sèlman bagay sa yo rive?

Poukisa se misye sèlman ki trouve bilten e pwosè vèbal pal ki swa dizan tap boule, tou sèk pandan lapli tap tonbe?

Nou pa wè nouvo kandida pè lebren sa ap di e fè nenpòt bagay pou li eli prezidan?

Nèg sa a ki akize yon prezidan de pwazonnen yon jij san oken prèv. Mwen pa kè anyen pou Prezidan Mately mais soyons serieux.

Jude Celestin, Jovnel Moise, please, tanpri, s'il vous plait, nan non patri ya, aksepte e respecte rezilta eleksyon yo e ale paticipe nan dezyèm tou a pou nou mete yon nouvo prezidan pou peyi a. Pa pran nan pyèj ajitatè kriminèl nouvo kandida pè lebren an ki vle sèlman poul kraze brize sak rete de nasyon an. Mwen se yon ayisyen ki kite peyi a depi'm te gen 16 an. Mwen fè lontan mwen pat retounen pou rezon sekirite.

Finalman lane denye mwen retounen wè peyim apre 22 zan deyò.

Mwen ta renmen pli souvan antre nan peyim.

Tanpri politisyen yo, lache kle kou sa a nou mete nan gagann pèp la depi si lontan.

kite li pran yon souf. Pandan wap voye'l al boule pè lebren, machin, kay ak biznis moun inosan, investisè ki ta vle al investi nan peyi a pou creye anplwa pou bay pèp la jòb ap pote kapital yo lòt kote ke politisyen gen lespri e "common sense." Pandansetan wap manje kavia, wap bwè wiski e wap nouri chyen'w janbon.

Pèp Ayisien frèm ak sèm yo, oukwè nou konnen politisyen sa yo kap pouse nou devan pou wè kijan'n mache sa yo, chyen yo manje pi bien ke laplipa nou wi. Ki lè nap reveye e pran konsyans ke politisyen pap janm regle anyen pou nou. Sèl jan pou'w amelyore lavi'w se leve chak jou, bwè kafe, manje sa'w jwen'n, voye pitit ou lekòl, al travay, al lekòl oumen'm si'w kapab, apran'n pitit ou byen de mal. E pran swen de anvironman an pou ou ka kite on peyi ki abitab pou pitit pitit ou yo. Frèm yo, ayisyen lòtbò ak etranje vle vini investi e visite peyi nou an. Se konsa travay creye, e sèl kondision pousa apa de yon popilasyion ki edike, se stabilite politik e sosyal.

So, la proshèn fwa ke yon politisyen vin di'w al boule pè lebren pou li paske se li sèlman ki ka sove peyi ya, swaye janti, pa dil kolongyèt manman'l, sa pap poli, men pran yon bon souf e di nèg la on bèl alow lanmèd pou mwen tanpri.

Epi mwen envite'w pou'w jwenn mwen nan yon nouvo kanpay pou di ABA TOUT POLITISYEN DEMAGOG ki vle toufe peyi a.
Mèsi...

Related Article:

FLASH: Haiti - Team Jude CELESTIN will CONTEST Presidential Election results, they want Jovenel Moise OUT!

Haiti Election Update -- Former senator Jean-Hector Anacacis, a representative of LAPEH says, team Jude CELESTIN plans to contest the presidential...

REPLY to this message

Return to Message List