Wi pèp la fan an miyèt mòso, yap di pèp...

Patrick Princivil - November 1 2015, 4:08 PM

Wi pèp la fan an miyèt mòso,

yap di pèp, pèp, pèp, pèp !

Vòt pèp la yo bézwen pou yal sousé manmèl bèf la, si nap gadé ané sa a nou wè bagay yo vini trè konpliké, sa a sé tòkèt la chaje la dèyè.

Kòm mwen di nou: Prézidan Martelly ak Lamothe pa nonm mwen oswa fanm mwen, yo sé zanmim sou Facebook yo paka di ké mwen janm abésé figim dévan yo poum nan mandé yo travay, dabò au Canada sé mwen kap fè bak pou travay $18 a $19 jiska $21 de lè: sa vlé di sim fè 8 heures de tan map travay a $21 lèw rétiré 1 heure de tan poze pou manjé a map fè $147 Canadien.

Map chaché plis lajan toujou paském sé musik producer, mwenmixé jwé keyboard, mwen jwé gita, mwen jwé pa zòrèy é mwen li liv mizik, mwen gen program poum fè liv mizik, mwen chanté an soprano, alto, ténor, bass etc. si poum ta dévwalé tout talan kém genyen yo moun tap sézi.

Koté sèl mwen - menm ka dévlopé tout poukont mwen?

Sa kap krazé pèp nwa a sé paské yo trò égoyis, mwen konpran sa Ké Prézidan Martelly soti nan zafè sweet Micky li é li pat gen oken éxpépérians, poun wè sé ansyen sweet Micky sa a kap di ké Ayiti pat janm gen gouvernman sé sak fè péyi a nan éta sa a, an nou pozé tèt nou yon késyon jodi a?

Si pat gen gouvernman sak té genyen?

Men péyi a fini krazé épil di kél sé yon modèl pou péyi d'Ayiti.

Mwen blamé CEP a sou kozé sa a, yo paka kité pou plis ké 100 moun al kandida pou Prézidan d'Ayiti, sé yo menm ki fan pèp la an miyèt mosò; fò yo byen konnen ké chak kandida gen yon pati politik, pèp la déja fè 2 kabès sou Jovenel Moise, niméwo 1 sa yon ti jaden bannan plen dèt sou tèt li ka fè pou pèp la si tout lidè sa yo pa mété tèt yo ansanm pou yo édél?

Apa yon nan 6 Sénatè ki tap bay problèm yo di ké misyé sé gadyen bannan nan kél pa mèt bannan nan, jis pou kasé zèl misyé.

Ayiti pap fè yon pa paské sèvo pi fò nan lidè sa yo ak kandida sa yo pouri é santi kaka, pap gen wout pa bwa pou pèp la si yo pa pran sèvis bonDyé o séryé.

Au Canada pagen wout pa bwa pou moun ki pap sèvi bonDyé, men pou kounyé a konpayi yo pa nan gadé sou réligion ak sou sa ké nap mennen pou ba moun travay, Ayiti menm sé diféran: anvan pou moun jwen yon ti travay gen anpil vyé kondisyon ki ka apliké.

Lèm té alé nan gouvernman lakay ou nan Miami tout moun tap rélé Laurent Lamothe Prézidan san lè éléksyon an pot ko menm rivé, sa Prézidan Martelly té répon yo?

Misyé té di: rété tan ! Rété tan nap wè sal pwal fè, koté Laurent Lamothe?

Prézidan Martelly voyé misyé al chita nan yon kwen, sa pa gadé pil boudam paskémwen pa konnen sa Laurent tap mennen lèl té Prémyé Minis péyi a. Té gen yon rézon ki fè yo rélé misyé Roi koripsyon, soutou sé Kouzen zaka li tap bay glwa.

Tout sa sé yon gro défèt pou Ayiti, Prézidan Martelly ak yon gran majorité té trè faché pou tèt Réné Préval ki té fè anpil koken poul té mété bofis li Jude Céléstin Prézidan d'Ayiti, yon ti group ki té tòchonnen péyi a nan kaka, si tout pèp la pat anrajé sé sak ta pwal fèt.

Alò Prézidan Martelly pata ka dim poul ta nan fè vyé konplo poul ta mété Jovel Moise Prézidan san konsanteman pèp la, mwen ta kontan wè sa paské Moise Jovenel pa menm nan oken konpétisyon ak yon nan kandida yo, li parèt ak yon jaden bannan men rès yo pa parèt ak anyen, sé sèlman di yo pwal fè ak 2 pla men yo ak po gren yo ak po bòbòt yo. Men kijan Prézidan Martelly ak CEP sa a pwal parèt ak rézilta sa a nou pa konnen.

Men fò yo pa bliyé ké lè 53 lidè politik pran lari ak tout mas pèp la nan bouda Prézidan Martelly ak CEP a, Kòm Charles Henri Baker déja di li: ané sa sé mété gren nan bouda yo, lapolis pwal mété gren nan bouda yo pou bay yon bon sèvis rézonab, li fè sans pou mwen, si misyé pat vlé Réné Préval jis pran Jude Céléstin poul jis métél Prézidan konsa ou menm ou paka dim ou pwal fè magouy é mété Jovenel Prézidan konsa.

Bondyé pa yon twal sang nou pata ka rété zombi ak kapon pou tou tan. An nou fè yon bagay ki fè sans, yon vrè modèl sé yon bagay présyé, yon vrè modèl sé yon bagay gi atiré moun, sé pou Prézidan Martelly témwayé dévan tout moun sak fèl diféran devan nou - menm rès pèp la, ki sak fè prézans li enpòtan pou Ayiti paskél di pat gen gouvernman, nou tout kon sa. Saw pa vlé pou manmanw ou paka vlél pou vwazemw.

Konsèy mwen bay CEP a yo pa menm bézwen fè tenten ané sa a kou sa a pap ka pasé, si Jovenel Moise ta Prézidan péyi a sé tap tout yon fyèté pou mwen, soutou lè blan zyé ap moké mwen de péyim, map ka di yo kounyé a nou pa enbésil ankò nou kòmansé gen bon jan agrikilti lakay nou. Pagen tèt ansanm, prèské tout salopri sa yo sé dèyè vòlè yo yé, tout sa sé fòt KEP a. Si lapolis bayo dosyé moun sa yo pou yo mété mòd moun sa yo an fas Jovel Moise sé pou yo maré tèt yo séré péyi a ap tou fin krazé.

Map tou di nou sa jodi a: fason mwen té sipòté Prézidan Martelly a pa pwal menm jan an pou lané 2016 la, sé sak fè mwen ta renmen gen kèk bon lidè ki kanpé pou Ayiti pou lané 2021 an: sa vlé di fòk nou vini ak bagay séryé pou péyi nou; Jovenel Moise parèt ak yon jaden bannan, gen patate, manyòk, mayi, pwa, bètrave, zonyon, citron, kokoyé, papaye, zoranje, tomate etc.
Jovenel Moise bat sam wè la yo an lagan sou zafè devlopman ak progrè, yo pap bali chans paské yo égoyis.

7 Fevriyé 2016 fò Prézidan Martelly kité pouvwa a, pagen problèm, mwen ankourajé Jovenel Moise rétiré kòl nan éléksyon an jan Steven Bénoit ak lòt kòlègue yo té dil la. Menen koulèv la lékòl sé youn fèl chita sé 2;

Konsèy map bay pèp la: dépi nouvo gouvernman Ayisyen an pa ranjé zafè la mairie sa a kap sousé sang machan yo nan lari a sé fan nan bouda yo, dépi sé bagay ilégal nouvo gouvernman sa ap fè nan péyi a sé pou pèp la fan nan bouda yo, si poun voté pou yon kandida sé pou yo péyé $50 amériken pou vote la, yo monté gaz la monté pri machine yo san réfléchi, toute sak monté nan makèt la monté pa nou yo byen chè, yo fout trò méchan.

Kidnapè sa yo pwal tounen nan péyi a ankò nou pap gen problèm, jis priyé bonDyé ak la fwa, vòlè sa yo pa pwal ba nou oken chans fò nou pa jwé avèk yo tou.

pèp Ayisyen ouvè zyé nou tandé

Related Article:

Haiti Politik - PEP LA fann an miyet moso, chak moun genyen PEP pa yo, Vrai ou Faux?

Politik en Haiti konplike anpil... Tout politicien ap plede di 'pep, pep, pep,' ou pa konnen de ki pep y ap pale... Gen yon kandida ki di sou radio...

REPLY to this message

Return to Message List