Tròp démagoji sou zo do pèp la, prochèn...

Patrick Princivil - October 29 2015, 5:09 PM

Tròp démagoji sou zo do pèp la, prochèn fwa pou nou voté pou yon kandida sé poun fè kandi sa a péyé nou minimum $50 dola US, sé konsa poun éliminé ti maléré yo nan éléksyon yo, moun yo a 2 pla men yo sa yo ka fè pou pèp?

Sé baton nap bayo pou voyé la mairi al kasé ponyèt manman nou ak papa nou nan maché yo épi yo pa menm konpran sa; kité PHTK démélé gèt yo ak ti visyé yo, 2 mèg pa fri. Nou - menm pòv maléré yo piga janm voté pou yo ankò, jis sipòté PHTK gi gen plis lajan nan péyi a, si yon lòt pati vlé nou voté pou yo chajé yo 50 dola Amériken kòm pi piti.

Balon an nan pyé Prézidan Martelly ak CEP ak lapolis, yo konnen tou magouyè, rakétè, chimè, kidnapè, gran manjè, lougarou, malféktè, masonlòje, sanpwèl sa yo ; si pou Jovenel Moise pa pasé la sé lavi nou tout kap an danjé, nou bliyé sa yo té kon fè nou pasé dépi 1804 rivé jiska fen janvyé 2010 la?

Sa a mwen kwè sa, nou konnen mwen sé yon nonm négatif kont tout mové bagay kap mal fèt nan péyi a. Prézidan Martelly sé bon bagay, li pap banou mové lidè ka pwal sousé sang nou, mwen ta swété pou yo pa nan zafè dyab.

Men pou kou lyé a sé PHTK ki modèl péyi a, an nou goumen pou kèlkéswa Prézidan ki monté an Ayiti fè yon sèl tèt ansanm ak PHTK pou ranjé péyi a ; PHTK déja gen yon ékip ki déja kon travay la nou pa ta ka kité bann vyé kandida sa yo vin krazé baze la pou yal mété yo déyò épi pou yal ranplasé yo avèk yon pakèt kòk pyé kaka ki pa kanpé sou anyen.

Mwen pa kwè kaotchou, pè Lébrin, ak lagé kokayin nan tout rajé pou la polis ap dévoré péyizan ak lapolis parèy yo lè dròg la tonbé: bagay sa yo pa pogrésif, nou pa vlé yo, bagay sa yo pa yon métyé, Ouvè zyé nou.

Nou sonjé sa mésyé koopérative yo fè maléré, riche ak Diaspora?

Li lè li tan poun konpran sa kap pasé la a.

Pèp Ayisyen !

Piga nou troublé, apré papa bonDyé ki nan syèl Prézidan Martelly ak CEP a ak lapolis kon sa kap pi bon pou nou pou ané 2016 la ; kité yo désidé ki kandida yap voyé monté sou chèze bouré a. Vòte sé jis yon sondaje sa pa di ké sak dévan an sipozé Prézidan, bagay la pa yon piyaye, sé sak fè nou nan tout vyé sitiyasyon mizérab sa yo, si yon moun pa nan politik li voté pou yon kandida ki pa menm kon trou vide ki nan péyi a poukisa poul oblijé voté pou yon kandida?

An nou sérieux, mwen kon sa rélé fè politik map viv nan gran péyi, mwen wè ki jan bagay yo ap fèt, mwen antré nan politik konsa mwen kon pou kiyès poum voté.

Menm jan ak komèsan yo ki byen chita nan lokal yo an Ayiti yap kon pou kiyès pou yo voté.

Ti machan yo menm chita nan tout pousyè, labou, kaka santi, poule mouri, moun mouri santi nan nen nou, chyen mouri santi nan nen nou, fatra, malfèktè la mairie ap abizé nou pran sa nou genyen, kounyé a menm yap sèvi ak paròl tax péyi a pou déchèpiyé ti machan yo pi byen. EDH menm nan fèmen zyé pran ti kòb anba tab kité yo konékté kouran anba tab pou 10 kòb malvéyan sa yo fè soté des milyon Télévizyon, frizè ak frigidè ak télèfòn etc. pèp la menm yap dòmi yo pa menm wè sa. Avan nou voté pou yon kandida fò nou ta wèl touché bagay sa yo, afè la douane menm dépi 1804 a 2010 la sé krazé fyèl nou - menm Dyaspora kap voyé bagay nan konténè; rakétè ap fè lajan pa yo; chèf douane ap fè mové rakèt pa yo. Sa a sé bagay mwen wè ak zyé pam, pandanm té bò douane port au prince, té gen yon dyaspora ki chajé yon kamyon nan douane la pwal lakay li épi 2 vòlè menm té tou nan doune épi yo tap tan ni, yo té pandyé nan dèyè kamyon an dépi nan douane épi yap ralé bwat moun yo lagé a tè monté nan tout lari port au prince, yo té gen vòlè parèy yo kap ranmasé bwat sa yo a tè a pou yal séparé aprè; koté lapolis péyi a téyé?

Sak fè yo pa vin fè sa Canada?

Gen yon rakétè la douane ki dim lè nou lwé yon kamyon nan la douane poun poté konténè nou, Kamyon sa yo gen doub kabine andedan yo: sa vlé di prémyé kabine nan sé machandize nou-menm dyaspora épi 2ième kabine nan sé pou yo vòlè zafè nou, si yo chanjé sé kounyé a, mèsi bonDyé si sa ta fèt. Zafè vòlè tè moun menm sé dévoré, zafè vòlè kay moun menm sé piyaye; nou pagen oken sékou, nou pagen yon jije ak yon avoka nou ka fè konfyans, dabò lè vòlè abizé nou nan domèn sa yo, avoka yo mandé nou $ 2,000 (2 mile) dola Amériken avan yo kòmansé défan nou.

Dépi yon kandida pa répon pou chanjé bagay sa yo menm si yap acheté vòte nou pou $50 Amériken pa voté pou yo, gadé valè élèv lékòl kap soufri ! si yo paka répon pou yo édé nou san koupé nou dévan dèyè sou pròp kouraj nou an nou pa fout voté pou yo.

An nou rélé anmwé dèyè yo ané sa a, si yo pa akonpli tout bagay sa yo tout swit pa janm voté pou yo ak tout pati yo a ankò.

Banm banou zam poun dévantré yo, yo trò vòlè ak malfèktè.

Nèg yo pran konténè nou épi yo jélél pou plis ké 1 an pou yo ka vòlè yo; épi sak pi rèd la pandan nap tan konténè pou plis ké 1 an vòlè yo gentan fini déchèpiyé pifò bagay yo wi. Jean Bertrand Aristide ap vin pran pòze bon moun tandiské sou réjim li a an 1996 - 1997 anviron yo, mwen tal fè yon kat didantité, maléré kanpé nan yon ligne byen long yap jouré paské rakétè kanpé déyò a ap véyé dyaspora ak moun ki ka péyé $50 anba tab pou nou fè kat sa yo, yo di nou tout a klè sé pou chèf andedan yap travay; si nou ta wè ti gran moun yap fè monté tèt baryè pou tal fè kate sa yo sou maléré yo?

Sa fè wont, mété lòd nan lavi nou.

Ané sa a sé pwent mwen vine bay, fo kandida sa yo, gadé yon éléksyon ki sot pasé au Canada le 19 Oktòb, 2015 la épi 20 Oktòb, 2015 tout rézilta bay épi pati Libéral gen éléksyon an, pagen oken radòt 2ième tour, pa menm gen yon kaotchou ki boulé etc. nan péyi pa nou sé yon pakèt tralala paské tròp lépandyè bézwen rétiré pouvwa a nan men PHTK a pou ka fè gagòt avèk pèp la.

Sak pi fèm mal la kandida sa yo si tèlman nan malsité sé ponya yap pran nan men moun pou yal nan éléksyon, mézanmi nou tou konnen sé dèyè vòlè yo yé, véyé yo.

Related Article:

Haiti Elections - Biron Odige THREATENS Martelly: Either Moise Jean-Charles Becomes The Next President OR REVOLUTION!

Haiti post-election update -- Biron Odige of FOPARK, makes a direct THREAT to President Martelly and the Electoral Council (CEP) and the...

REPLY to this message

Return to Message List