Trinidad, se pwoblem sa nou genyen kom ayitien. Ti vakabon sa...

Cheria - October 29 2015, 3:36 PM

Trinidad, se pwoblem sa nou genyen kom ayitien.

Ti vakabon sa ki di betiz, ki mache toutouni, ki chante etc, fe plis pou ayiti pase tout lot filozof ki passé sou chez la. Chita la gade chyen sou aparans, nap toutou chire!

Vle pa vle, Martelly prezidan net! Tan pal la passé, se Jovenel Moise, yon timoun ki pa vakabon, tre poli, timoun andeyor, byen forme, bon travaye, ki retire tet li nan mize epi li retire plisye moun pov nan mize sof kel pa prezidan, ni senate, ni depite.

Li vini avek yon ide pou transforme agrikilti ayiti.

Nou pa vle wer timoun lan min se pou peyi nou lap travay.

Padan lot candida te chita la ap pale tintin de Martelly, Jovenel Moise tap mache toupatou pale avec pep la, explike yo koman li retire tet li nan mize et ki plan li genyen pou leve figi ayiti ate a. Sa ou panse pep la fe?

Yo wer se neg santi bon sa yo vle pou fini djob Martelly komanse deja a.

Rezilta oficyel poko declare, nou tout ap chire pit. Men dapre sa mwen wer sou sondag non-scyantifik sou intenet la, Jovenel Moise gentan pase.

Pep la pran feeling.

Yo pat kon vote en gwo paske nou pat prezante yo bon chwa. Kounyea, yo konnen gou djol yo. Martelly montre yo sa avek rezilta konkr.

Si yon candida panse pale anpil, kraze brize san motivatsyon, san anyen pozitiv pou avanse peyi a ap bali viktwa, li chire.

Ou pa oblige renmen Martelly, se chwa pa'w. De mem fason, si pep la vote yon lot chwa, ou dwe respekte sa. Se vot ki determine Prezidan.

Mwen pa kwer Neg ou a te genyen ase moun de byen deyel.

Nou paka mange'l, nou prefere krache ladan'l ou lye ke ou kite yon lot mange'l ban sawont!!

Response to:

Yon vakabon tankou mately dirige pays pandan 5 ans li...

Related Article:

Haiti Elections - Rony Timothee DARES Martelly to Install Jovenel Moise as President 7 Fevrier

Haiti post-election update -- FOPARK opposition leader Rony Timothee literally dares president Michel Martelly: 'I Dare you, Michel Malfini, If you...

REPLY to this message

Return to Message List