Bri sapate! Yon pakèt ti maléré parèy mwen...

Patrick Princivil - October 28 2015, 4:59 PM

Bri sapate !

Yon pakèt ti maléré parèy mwen kap jis bat dlo a pou yo fè bè, yon ban ti maléré ki a 2 pla men yo é a po gren yo koté yo pwal jwen lajan pou yo dévlopé Ayiti sa a?

Bank mondyal pap prété lajan tout otan yo pa péyé dète sa yo, anpil lòt péyi pap menm pété nan koton bay gouvernman Ayisyen an santi paské Prézidan Martelly pa menm ka péyé dète sa yo. Nou fè radio nou sipozé konnen bagay sa yo pi byen pasém paském jis Canada, radio fè konnen ké gouvernman Ayisyen an dwé pétro Carayibéyen an lajan, Prézidan Martelly pa menm ka péyé entérè a, gouvernman Petro Carayibéyen an mandé Prézidan Martelly poul sèlman bal mwatyé nan kòb la épi lap kité rès la ba yo, Prézidan Martelly ki gen aksè a gro lajan li pa menm ka péyé mwatyé lajan sa a ké yo mandél la.

Kisa kandida sa yo al chaché nan éléksyon an la a?

Kandida kòk pyé kaka yo ak po gren yo, ak po bòbòt yo épi yo bézwen Prézidan d'Ayiti?

moun yo san konsyans é yo pa réfléchi anyen mézanmi, nèg bannan nan déja gen yon pakèt dèt sou bannan nan men lap travay, ban pil kaka sa yo pagen 5 kòb yo pa menm ap travay olyé pou nou tout kolé tèt nou ansanm, fè maraton pou lajan antré poun fè péyi maché charonje santi yo sé plenyen pou pouvwa, plenyen ké yap vòlè vòte yo, préparé pou yo fè dézòd.

Ébyen al fè dézòd, men yon sèl bagay map di nou, tout otan PHTK koopéré ak lapolis nèg ap fè dézò, nèg ap pran gro kout koko makak nan pil bouda yo, nèg ap pran prizon e nèg ka menm mouri ; Moise Jean Charle té pran nan gaz lakimojèn nan ak dlo graté a déja mwen rékòmandé nou al mandé misyé sil dous oswa sil anmè avan yal fè tenten nan lari a.

Opinion pa mwen sé viv PHTK Prézidan de la Répiplik d'Ayiti, riche paka ap volé gagè pou ti pòv al kontinyé mal mennen nou, sa pa fè sans.

Sa yo déja gen lajan yo paka menm péyé grosè gro dète masif sa yo épi lòt sa yo menm ak po gren yo épi yo bézwen al fini ak pèp la?

Ébyen sé ta yon piyaye,

mwen konséyé CEP a fòl byen konnen sa yap fè a paské nou pap tounen nan pè Lébrin, krazé brizé ankò.

Prézidan Martelly fè prèské tout manda li ya nan touman 6 Sénatè ak Député Anel Bélizaire ak fanmi lavalas: fò Prézidan Martelly alé.

Prézidan Martelly - Laurent Lamothe ak Lapolis sot pasé yon trajédi éxtra - òdinè anba dominasyon kidnapè yo; yo gen la mairie yo kap fè ravaje nan marché yo ; yo gen gang cité solèy, gran ravine, Bèlè, dèlman 2 etc kap bay problèm ké PHTK ak lapolis poko ka menm ranjé sa; yo gen yon pakèt asasen nan provens yo kap lagé wòche nan lari nan provens yo lè swa rivé jiska 5 heures du maten, sa yap fè sé ralé zam sou moun mandé yo tout sa ké yo posédé, si yo pa bay yo sé touyé yo, PHTK poko ka menm ranjé sa, ki koté péyi a pwalé avèk rès pakèt ti lidè maléré sa yo. Gen anpil élève lékòl yo paran yo fini rédi mété yo lékòl, ki fini lékòl épi pou sé paran kap plédé rédi ak vòlè la mairie nan maché yo avan yo rési jwen yon ti mayi moulen pou yal kwit lakay yo épi pou sé paran sa yo ké yap mal trété nan lari yo ki toujou ap okipé élèv lékòl sa yo pou jistan yo mouri, si yo pa pati nan gran péyi étranjé yo kòm Canada - États unis etc. karyè yo ap fini pou tout rès vi yo.

Ban vòlè odasyé ! kòmsi la a yo pa wont?

Tout sa yap fè la a, talè Gouvernman Amériken an ap voyé ajan yo al mété lòd nan dézòd an Ayiti ak yon pakèt dola vèt Amériken anba tab pou yo fèmen fèy bèk yo épi yap di mèsi papa épi yap rantré nan koki yo. Jis kilè moun sa yo ap sispan fè réstavèg, ti sousou nan pyé blan zyé vèt méchan kap mal mennen péyi d'Ayiti dépi an 1804 jiskan lané 2015 lan?

Mété lòd nan lavi nou tandé ! Talè avion Jézi a pwal dékolé si nou pa répanti nou pwal péyé pou tout sa nap fè yo.

Related Article:

Haiti Elections - Steven Benoit : KONVIKSYON Stole my 1.8 million Govt Campain Money

Haitian candidate for president Steven Benoit came out complaining that his political platform KONVIKSYON stole the 1.8 million gourdes campaign...

REPLY to this message

Return to Message List