Bon Sabbat tout moun, Byen ké mwen nan Sabbat kouny&#233...

Patrick Princivil - September 26 2015, 4:49 PM

Bon Sabbat tout moun,

Byen ké mwen nan Sabbat kounyé mwen santi mwen paka rété tan solèy kouché poum bay opinion mwen nan dosyé sa a. Ébyen apa nap vini ! Nou pa bezwen ap rodé kò nou patou avan nou chwazi Jude Céléstin pou Prézidan, mwen pagen oken problèm ak oken lidè politik o kontrè sé pou menm afè l'union fait la force sa a map batay; Sé pou menm afè men anpil chaje pa lou sa a map batay san ipokrizi.

Kotém té wè fòskoté a sou réjim Fraçois Duvalier a, sé paské l'union fait la force paka mélanjé ak la réconnaisance c'est une lâcheté, sil vou plè! Mwen ajouté ti bout Fransè a e mwen pa menm konsilté diksyonèm, si nou ta wèm fè fot korijém men pa kritikém.

Si yon lidè ap di men anpil chaje pa lou pou sé menm lidè sa a kap antourajé vakabon ak vakabòn pou bay moun pè Lébrun, bloké wout mété difé, pou sé menm lidè sa a kap di klas pòv la lè yo grangou monté nan mòn nan pou al ansasiné moun riche yo. Èské lidè sa yo té kon kòman moun riche fè lajan sa yo?

Anpil nan moun rich sa yo sé nan pousyè ak labou santi port au prince yal chita fè komès yo, gen ladan yo menm vyé mouche ak lòt bèt ki sòti nan fatra yo ak labou santi yo mòdé yo e mennen yo anba tè.

Mwen té abité nan Pernyé sou wout frè an 1997; e sé bagay mwen té wè ak pròp zyé mwen. Té gen yon nèg nwa ki tap kondi yon pikup, misyé tap plonjé désan sou wout Pernié a tankou yon chien fou ak yon blan ak kagoul kouvri tout figi li, sèlman ti trou zyé vèt la mwen té wè.

Misyé té avèk yon gro zam fan fwa kenbé nan men li ap plonjé nan Pernié pwal fè méchansté.

Sété yon pure téyoris.

Lapolis té fèmen zyé yo sou dosyé sa a paské paské blan malfèktè sa a ka té gen lajan poul té négosyé anba tab; Tandiské Jean Bertrand Aristide té parèt ak yon zéro tolérans, sété plis jèn ti gason pitit sòyèt ki té plis viktim nan zafè zéro tolérans sa a; sété ranmasé jèn ti pèp Haitien nwa yo tout jounen, tout nan nwit al touyé.

Sil vou plè yon nèg ki di li palé 7 langue, ki intéléktyèl e ki té prèt katolik ki té méchan konsa a.

Mwen menm map di nou yon bagay klè! Si nèg Préval ak Lavalas pat nan fè konplo pou té vòlè konténè, wen mwen sa patap vin nan zafè politik pou map manyen moun konsa a, bonDyé sèvi ak konténè a poum mété lòd nan dézòd.

Ébyen sé sam té bézwen tandé nan gouvernman PHTK, pagen pou kandida ap pwal rasanblé ti ban sanpwèl fè tenten nan lari, boulé kaochou, mété difé ankò, kounyé a mwen apiyé Jude Céléstin a san pou san dépi PHTK apiyé misyé; Haiti sé pa yon gato li yé pou chak ti Sina soti nan chat charonje yo pou yap chaché dévorél al plen trip yo ak koden ak poul, kabrit, Bèf, Mouton, bèl Pwason etc. afè bagay pou ti pèp pitit sòyèt la paka menm jwen kaka zannimo yo pou yo manjé pou sé sèlman gro méchan yo kap mennen an fò sa fini. Prèv yo klè nan nannan zyé gro méchan yo; an nou kòmansé dépi 7 Février, 1987 rivé an 2015; gen anpil gro méchan ki tap mal fété an Haiti koté yo?

Yo déjà al bwa chat, mwen la poum mouri tou men sé pap nan mové kondisyon, sé pou yo té alé nan tonbo a avèk tout lajan yo.

Mwen pa bézwen nan oken palé anpil ak makoklen;

PHTK a déjà prété yon pakèt lajan nan péyi étranjé sé pati sa a ki pou dwé établi kòm konséyé an Haiti pou jistan Jézi rétounen, sa vlé di viv PHTK ak lapolis ak KEP pou tout rès vi nou. Nou tout la poun travay pou kòb nou, sé pa pansé piyé péyi a al chita nan yon kwen, al manjé ak fanmi ak zanmi.

Sé bagay sa a mésyé frè paran yo té kon ap palé a, bonDyé mété nou sou tè a pou nou viv byen yon ti group avard soti pou yo pran tout pou yo.

Dépi PHTK aprouvé Jude Céléstin pou Prézidan d'Haiti viv Céléstin pou tout 5 ans li a, kèlké swa pati ki fè dézòd, boulé kaochou nan péyi a ankò map pèsékité lapolis; sé paské ban vyé moun pa sivilizé sa yo chita nan Monréal Canada yap fè jan de tenten sa yo, pou lapolis Haitien oblijé akséptél nan men sovaje an Haiti; pa janm bliyé sa: Sé menm sovaje Haitien sa yo nan Monréal mété ak sovaje ilétré ak délenkan Québécois kap fè tenten sa yo nan Monréal. Lapolis Canadiens pa menm okipé yo paské yo kanpé abou pòtan pou ba yo masaje térapi.

Sak fè yo pa boulé kaochou O Canada tou?

Haitien sa yo nan tout Ottawa, Toronto e partou au Camada sak fè yo pa boulé kaochou, fè dézòd au Canada tou?

Ban sovaje sa yo nan tout Miami, Bouclin, New-York, Boston etc.aux Etats- Unis sak fè yo pa fè yo pa fè dézòd sa yo nan péyi dévlopé sa yo tou?

Ti péyi ti mès.

Viv Jézi anyways, viv PHTK, viv Jude Céléstin, men ak yon kondisyon: sé pap chasé PHTK pou 5 ans pou alé sou pouvwa a ak pakèt ban ti machòkèt ak ti apanti pou al pratiké Prézidan sou zo do pèp. Lè yap fè vyé bagay sa yo menm nou mem krétyen kap prié bonDyé yo nou péyé po kasé a tou.

Jude Céléstin ap byen vini au nom De Jézi, au nom de PHTK.

Related Article:

Haiti Elections - PHTK Candidate A Rodon Bien-Aime Openly Supports Jude Celestin for President

Haiti Elections Updates - PHTK Candidate A. Rodon Bien-Aime came out in FULL support of LAPEH Candidate for President Jude Celestin during his...

REPLY to this message

Return to Message List