Dabò sa misyé tal chaché nan zaf&#232...

Patrick Princivil - September 26 2015, 4:17 AM

Dabò sa misyé tal chaché nan zafè éléksyon an?

Sé pa misyé ki tap maché mété difè nan tout lari Port au Prince avèk tout malfrendeng parèy li yo sou prétèks fò Martelly alé.

Sang égoyis la kap fè yo aji konsa, nou sonjé kòman bagay yo téyé sou tan tonton makoute yo?

Nèg yo ougan, manbo ak masonlòj épi yo tonton makoute, sé pa 2 problèm non.

Mwen pa akizé André Michel dabò mwen pa kon sa lap mennen, men an nou fè yon ti kòmantè sou zafè misyé a; Imajiné nou ké misyé sé yon Avoka magouyè, sansi, ougan, masonlòj ak lougarou etc. épi pou nonm sa a monté Prézidan d'Haiti, yon péyi 99 pousan juge, ak avoka sé vòlè.

Lapolis menm kòmansé gen ladan yo kap jwé yon wòl pi séryé.

Sé pa mwen kap kréyé parole poum di sé radio kap bay yo oswa ki tap bay yo maten midi e swa.

Malfèktè a fin fè yon mové kou yo fout li nan prizon jodi a épi sil posib poul débloké yon lajan anba tab menm jou a li ka déyò nan lari lap sikilé tankou li pat janm fè anyen ki mal, épi sil vou plè viktim nan konnen malfèktè a nan prizon.

Tout moun nan lari sété yon sèl plenyen, mwen pa konnen sil pa la toujou, ansasen yo ap tranglé yon fanmi, bonDyé nan syèl la gen pityé pou yon ladan, li jwen yon mwayen poul kouri, moun sa a manché téléfòn ni épi li rélé lapolis, saw pansé yo répon moun sa a?

Dézolé machine yo pagen gaze pou nou ta édé fanmiw yo.

Gen yon dènyé bagay ki ankò pi kritikan sé lè vòlè ak malfèktè ak lougarou ak masonlòj ap opéré nan yon zòne épi yo rélé lapolis, nèg yo diw: sé nan ki zòne déga sa yo ap fèt?

Ekzanp: Gran ravin, oswa Bèlè, oswa Dèlma 2, oswa cité solèy, nèg yo répon: en en nou pa pwalé, malfèktè yo gen pi gro zam pasé nou. Sa a sé yon ti pòsyon mwen sité wi, nou konnen gen au Caye, Jérémie, Jacmel, Pétion ville etc.

Ébyen Haiti sa a sé yon bòdèl de merde.

Pakèt blan zyé vèt mété ak mulatre yap opéré nan fason pa yo, JPP tout moun ap fè afè pa yo, dézòd sou dézòd; gog magog.

Jude Celestin, tout kandida sa yo té témwen de bagay sa yo e yo pat ka fè anyen pou sa, Prézidan Martelly mwen té konnen ki ta pwal dérasinen vyé sous madichon sa a, mwen té tandé li té palé de yon nouvo gouvernman, wayan.

Laurent Lamothe ki té yon nan sèvo péyi d'Haiti, byen ké mwen pakon sal fè, a a a a a! KEP a kaka misyé; misyé di gen anpil kandida ki konpétan menm jan avèk li KEP a kaka yo.

Prézidan Martelly ak KEP a!

Mwen ta swété nou fè yon bon séléksyon pou lané 2016 la jiska 2021 an;

Paské nou paka dim pou sa nèg sa yo té rémèt an Haiti pou sé vyé Jude Céléstin nou fè plan poun lagé nan pil bouda pèp la; fè sur nou manipulé misyé byen, si misyé aksépté fè pòpèt PHTK mwen dakò ak sa.

Related Article:

Haiti Elections: Andre Michel Withdraws Candidacy for President, Platfom JISTIS is OUT

Haiti Elections Update -- Mèt Andre Michel withdraws his candidacy for President... The Haiti Opposition Candidate for President and his...

REPLY to this message

Return to Message List