Ahhhhh papa! Ti nèg pat kon planm, mwen pagen foli...

Patrick Princivil - September 7 2015, 11:58 AM

Ahhhhh papa!

Ti nèg pat kon planm, mwen pagen foli politik, nou pa nan grangou au Canada poukisa mwen fini étidyé istwa péyi Canada byen di poum té vin sitwayen Canadyen poum ta oblijé rénosé dim pa Canadien Haitien anko jis poum al dèyè ti plas léta an Ayiti?

menm gouvernman Canadien an tap dim fou. Kisa moun sa yo ofri an Haiti poum ta fè yon aktyon konsa?

ninpot ti travay pasé aspiratè, balé, ranmasé fatra au Canada ap péyé $88 pou chak 8 heures de tan; 12 heure de tan ap bay $132 Canadien par jour, sa a sé pou moun ki pagen ékspérians.

Mwen-menm mwen la a dépi an 1990 jiska 2015 lan. Sa léta Haïtien ap péyém nan séli mwen tap kenbé, mwen pa ni rakétè, mwen pa ni volè e mwen patap janm bay la cour des comptes oken chans pou akizém kom volè; sa mwen jis bézwen konnen sé konbyen kob gouvernman Haitien an péyé Prézidan, Sénatè, Deputé, Majistra, Kazèc, Asèc sal yé a konsa ma kapab gen plis chwa poum konnen si sa fè sans poum kité Canada poum al sèvi prop péyim kém té fèt la, kom mwen toujou di nou ké sé nan Pétion - Ville, rue Pierre Silly kém té fèt: sé la mwen té fè pwèl, ti pijon étc. pou jistanm té kité Haiti a 29 ans poum tal viv au Canada, kounyé a mwen gen 54 ans e mwen fyèr ke mwen sé Haitien - Canadien; paspo Canadienm nan ap rété nan poche mwen pou jiskaském mouri au nom de Jésus.

Diaspora paka Prézidan, Sénatè, Député; Mwen totalman dako ak sa, men sa Diaspora kapab yé nan gouvernman Haitien an konbyen yo péyé?

paské sé krétyen mwen yé nou paka nan fè koutay sou zafè lajan léta e nan tout bagay.

Pa bliyé sa mwen nan pati Conservative la au Canada, mwen pa gen foli léta, dabo map bay supo lajanm, chak lundi mal bayo 3 heures de tan gratis, éléktyon an pwal rivé mwen pwal bay pati nou an plis suport gratis.

Mwen té ka fèl pou gouvernman Haitien an tou, mwen pa menm bézwen kon ki réligion pati yo, men mwen pa pwal pèdi tanm pou magouyè ak rakétè kap sousé sang pèp. Dabo mode kandida sa yo mwen wè nan tèt éléktyon Haitien an sé jis yon tan pèdi, pifo ladan yo sé anstyen volè, rakétè ki té kon abityé sousé sang moun nan la Douane, volè bèl machine ak kamion Daspora nan la douane ak travo piblik, fè dézod boulé kaochou en Haiti étc.

Pèp Haitien, klas pov pitit soyèt la: maré fyèl nou, pa nan fè maniféstatyon, boulé kaochou etc. poun pa mouri, an nou rété tan 2021 an ak kouraje, lè sa a Laurent Lamothe, tout bon Diaspora ak tout bon Haitien ki andedan péyi d'Haiti a poté yon bon solution pou nou. Mwen konnen Prézidan Martélly gen plan pou fè Haiti pi bèl, men pakèt malfrendeng KEP a séléktyoné pou alé nan éléktyon an pou 2016 la sé tout yon gaspiyaje.

De tout fason tout bagay négatif yo ap tonbé sou la police ak tout KEP a.

Diaspora yo!

An nou démontré yo ké sépa pran pouvwa pou al sousé san pèp ki intérésé nou, an nou komansé kanpay nou an 2016 pou 2021 kont povreté, an nou fè pèp Haitien an témwanyé ké wi nou sé Diaspora kap travay pou devlopman péyi d'Haiti e kap poté bon jan soulajeman pou yo, poun démaské volè, rakétè, lougarou sa yo etc. nan figi moun.

Pran kouraje, nou pap ka li nouvo mésaj mwen souvan, map travay sou zafè konpayi nou ki ouvè dépi an désanm 2014 la, nou poko ken lot travayè sé pou sa nou pa tandém souvan, men mwen pa lagé nou map priyé pou nou, map fè tout éfom poum poté yon mésaj pou nou li mèt sé nan jou éléktyon an.

Bon kouraje nan bobDyé papa nou ki nan syèl la e ki kréyé tout bagay la.

Related Article:

FLASH: Haiti Elections - ZOKIKI Jean Renel Senatus Elected Senator in the First Round, BCEN Decision...

Haiti Elections Update --- 10:09pm Saturday, 05 Sept., Candidate Jean Renel 'ZOKIKI' Senatus post on his Facebook page: "Good afternoon, everybody...

REPLY to this message

Return to Message List