Sa sa vle di leuw Ayisyen

Davidson Jean-jacques - June 23 2015, 11:51 PM

Leuw Ayisyen ou panse se yon malediction lew fek komanse ak lavi, men leuw vin gade ki kantite bagay ou gen pou sumonte ak ki kantite defi ou genyen pou leve. Ou vin konprann ke leuw Aysisyen maledictyon kite deyè.

Bagay sa se le syèl ki metew la pouw montre sa yon moun ki detèmine pou li reyisi ka akonpli ak vil. Si "Etre Haïtien" se pa pi bon exemple "Selection Naturelle" Charles Darwin te pale a, mpa konnen sal ye ankò.

Se sam panse.

Nou gen yon gran pèsonalite yo bay pou Jacky Lumarque ki posede tout konesans ak eksperyans ou bezwen pou dirige yon peyi pwoblèm tankou Ayiti.

Jacky Lumarque apre yo fin di li bon pou li patisipe nan sa yo rele pou kous elektoral.

Map mande kote moun sa yo pral kouri.

Yo bloke Jacky nan wout li paske Konsèy Elektoral la ap pran presyon nan men lot kandida ki swaf pouvwa.

Se jan de defi sa yon ayisyen ki gen chanjman peyi a bezwen dwe sibi.
Depim piti map tande: « L'union fait la force ».

Saw tande ak saw wè telman diferan nan peyi sa, ou defwa ou ka vinn konprann ke pa gen inyon nan peyi a vre. Tout bagay sa se manti.

Nou wè moun nan Lari ki leve pou Jacky, nou wè tout mobilizatyon kap fèt pou ede Jacky jwen jistis.

Nou pa mande anyen ke jistis.

Kite espwa peyi pase mi mare ak chen yap eseye mete pou li a.
Mwen menm, mwen rele Davidson Jean-Jacques.

Mwen mante nou tout kap li la, al siyen petityon ku blayi sou entenèt la. Nap montre KEP a nou pap kitel touye espwa Ayiti nan elektyon sa yo. Ase Ase !

Mwen kote si ou ta vle patisipe nan petityon an :
ipetitions.com/petition/petisyon-i...

REPLY to this message

Return to Message List