Di misyé fèmen gro dyol li, menm-ké té gen...

Patrick Princivil - June 8 2015, 9:23 PM

Di misyé fèmen gro dyol li,

menm-ké té gen tranbléman de tè 12 Janvyé, 2010 la mwen kwè ké pati Lavalas, Inité ak tout lòt opposition an ta sipozé gen tout rékò travay ki té fèt an Ayiti pandan 25 ans avan réjime tèt kalé a; montré nou sa yo té fè an 1986-2010 e patajé tout foto travay sa Gouvernman Ayityen yo té fè nan ané sa yo sou FaceBook, Twitter, YouTube; épi pou Prézidan Martelly ak Lamothe montré tout sa yo fè pandan 4 ans yo épim pwal divizé 25 ans yo té fè a pa 4 ans Prézidan Martelly ak Lamothe la;

Si nou wè ké sé Prézidan Martelly ak Lamothe ki pi parésé, gran manjè nap tandé Député Danton Leger sa a. Men si sé sak té 25 ans nan Gouvernman Ayistien yo ki pat rémèt anyen, ké Député sa a al kalé kisa sayél ba mouche.

Dépi yo té wè Diaspora antré nan jwèt la nou ta tou konnen pagen pou Lavalas, Unité, ak Duvaliéris ak tout lòt vyé pati opozityon rat pa kaka yo ankò, pou date nèg sa yo ap gaspiyé yon péyi, men si yo ta wè ké pa pityé, nou-menm Diaspora yo nap chaché wè sa nafè pou Ayiti, fò ban san kontyans sa yo ta konpran sa, nou gen tout afè nou andedan kay nou nan gran péyi yo: dlo, frijidè, fou pou fè manjé, kouran e pagen moun kap soudé sou yo pou soté afè nou. Pagen la mairie kap piyé zafè machan yo bò lari pou yal fimen bòz. Bagay yo di sévré men nou pa osi mal ké sa nan gran péyi yo, soutou pou nou-menm citizen ak imigran yo, nou paka ap viv nan gran péyi poun ta oblijé pwal dèyè rétiré ti kasave nan bouche pòv. Moun sa yo ki nan klaus pòv an Ayiti yo ap chaché kité Ayiti pou nou-menm pou nou ta oblijé pwal fouré tèt nou pou fè malfèktè touyé Diaspora ki pi fèb yo a kout poude ak kout zonbi.

Si ban chien sa yo té vrèman konpran fò yo ta mét ajénou nan pyé Prézidan Martelly ak Lamothe pou di yo mèsi 50 mil fwa é di yo mèsi pou sak fèt la, pou mwen sa a sé mirak bonDyé, poukisa sa pat fèt dépi 1957-2009?

Nou pa pozé tèt nou kétyon sa a?

Pousyè nan lari a, fatra, kaka, chien mouri, moun mouri, afè lopital yo mizè, mouche, la boue, poupou, kochon, kabrit, bèf, bourik, etc yap maché sou moun men longè pil kòk yo, men lajè pil bòbòt bèt yo nan lari a pagen yon Gouvernman ki té menm pansé pou chanjé bagay sa yo, si pyé yon moun rantré nan yon trou régo an Ayiti sé tou koupél jété, chien an mouri sé lè sant charonje lan ap toufé moun tròp kèk sòlda de bòn volonté pran kaochou, bwapin ak alimèt pou boulé charonje lan, moun nan mouri nan lari a la mairie méprizé charonje yo tankou sé luxe. Salopri yo mété lavi tout moun an danjé; moun yo ap woulé machine, kamyon, motosiklèt etc san asirans, san lisans, yo pakonen stop, yo pakonnen limyè rouge si yo frapé yon moun sé kouri yo kouri paské yo vin pagen chwa yo pa menm ka manjé mwen pa bézwen di nou pou yo ta nan mennen moun lopital oswa bay moun swen ak manjé.

Moun yo mizérab, san konsyans; gadé la a Canada: asirans machine nou sé $325 pa mwa men nou an sékité, si yon moun frapé machine nou konpayi ki bay moun sa a asirans lan ap kouvri pou tout bagay, men si moun sa a tap kondi san asirans li mélé paské yap yon amande pou $5,000: ranjé machine moun nan, pandan machine ap ranjé yap bay moun nan yon lòt machine poun woulé padan yap réparé machine moun nan; si sa pa vo lapèn pou yo ranjél asirans lan ap banou yon lòt machine, foul asirans menm sé sa nèt, yo mété difé nan machine: yon lòt tou suite; yo vòlè machine nou: yon lòt tou suite.

Lè nou gen foul asirans nou gen tout sèvis. Yon moun ap maché nan lari Canada, yon machine frapél oswa touyél, oswa ta gen yon érè ki fèt yo ta bliyé yon trou régo e kitél san kouvri yon moun ta tonbé ladan pyé moun sa a ta kasé oswa moun sa a ta tonbé plenyen do fè mal etc. moun sa a mèt rété tèt frèt: lap manjé, bwè, pran swen nou san problèm, byen ké Prézidan Martelly ak Lamote pata ka géri kansè a nan 4 ans, nou victim pa machine kèlkeswa nan travay asirans ap kouvri pou nou. Byen ké sé pap fasil pou yon travayè nan wout piblik ta fè érè, kité trou nan lari pou moun arivé tonbé nan trou, men si sa ta rivé Gouvernman Canadien an ap pran swen nou pou tout rès vi nou. Épi nou pa bézwen pou sé malè ki pou rivé nou pou Gouvernman Canadien pansé ak santé nou, mal dent, lwayé: tout ladan.

Poukisa poum pata dwé fyèr kém Diaspora?

Ti malérèze ap viv an Ayiti maril kitél ak 10 pitit sou bra li pagen moun ki pou lonjé la men bali. Mèt kay la wè mizè fanmi an, pafwa mèt kay sa a gen gro mwayen: ahhhhhhhh, dépi kay la bout mèt kay san konsyans: dépi yo gen lajan yo pa bézwen chèf pou yo gen pouvwa, sé rétiré 2 fèy tòl san réfléchi: mété moun yo déyò malonètman.

Méznanmi sa nou fè nap péyé?

Gouvernman sak té la déjà yo, pou mwen sé anba kafé yo tal fè étude sou zafè dévlopman; lè mal sou Google épim tapé: agriculture, oswa farm; méznanmi sam wè mwen paka palé, mwen agonòm san mwen pa al nan lékòl agonòm grace a Dyé e grace a YouTube.

Mwen jwen bon jan rézilta sou tout péyi, men pa sou péyi nwa yo; Ti rézilta mwen jwen soutou sou Ayiti, ti plantatyon mizérab, ti bagay pòv nèt wi.

Pagen wout, lè nou rési jwen ti wout poun pasé al planté sé sèlman bourik ak cheval, mulèt, bèf ki pasé al ni viré tè, ni rékòlté; lè lapli tonbé menm, tèt chajé: labou, kaka chwal, kaka bèb: men lajè trou bouda bèt yo, sé pa ti pil kaka ki lagué nan wout sa yo. Gro dlo menm ap désan avè nou si lapli baré nou nan jaden nou mèt tou dòmi nan jaden sa a.

Pou fini pou jodi a, si Prézidan Martelly ta fè grave érè sa a pou lap baré Laurent Lamothe poul pa kandida pou Prézidan d'Haiti?

Si Prézidan Martelly pè pati Lavalas, Inité ak opozityon an pou jistan baryè nou-menm Diaspora fèmen poun pa édé péyi nou. Si Prézidan Martelly pè Prézidan pou pi piti: 15 ans an Ayiti e pasé chèze la bay Lamothe oswa yon lòt Dyaspora ki kalifyé, JPP. Klas pòv la am klas mwyèn nan kaka. Pandan okazyon sa a tout Dyaspora yo an nou mobilizé, an nou fè lagè ak grève kont opozityon an, men yon batay san baton, difé, ak zam. Batay la trè sinp: Nou-menm Krétyen Diaspora yo an nou òganizé 40 jou jèn ak priyè.

Tout Ayityen Krétyen kap viv Ayiti yo pran sak nou: an nou fè 40 jou jèn ak la priyè.

Bu jèn nan sé mandé bonDyé poul fèmen bouche vyé pati Lavalas, Inité ak tout opozityon an.

Dyaspora an nou fè grève: pa voyé yon dola Ayiti pou jistan problèm nan réglé; pa vwayajé al Ayiti, jis kité Ayiti men pa nan rantré nan al gaspiyé lajan nou Ayiti pou jistan nou démoli ban pay sa yo ki soti pou baré nou sou chémen nou. Nèg yo pèmèt yo pou yap di si pou nou--menm Diaspora sèvi péyi nou fò nou rémèt double natyonalité nou, lè nou pa nan pòs sa a ankò sa Gouvernman Ayistien ap fè pou nou?

Si yon dézièm tranbléman de tè pasé nou pa mouri kay nou krazé an Ayiti kiyès ki pwal ranmasé nou?

Èské paspò Ayityen an ap valab pou le monde antyé?

Moun ki mété lawa sa yo èské yo pa tonbé sou tèt yo?

Si nou pa fè sa nou mèt tou di nou pagen péyi

Related Article:

Haiti - A Transitional Government will Organize the Elections, Depute Danton Leger says...

Haiti Elections Update -- Ex Leogane Depute Danton Leger does not believe there will be any elections under the Martelly-Paul government... "A...

REPLY to this message

Return to Message List