Bagay yo pa pwal fasil, pou ni Prézidan Martelly, ni pou...

Patrick Princivil - June 5 2015, 10:41 AM

Bagay yo pa pwal fasil, pou ni Prézidan Martelly, ni pou Laurent Lamothe, ni pou pati Lavalas, ni pou Inité, ni pou MOPOD also opposition an etc. yon position pou plas léta sé pa yon gato.

Kounyé a sé travay map chaché tou tankou tout moun, pi dévan mwen pa pwal gen tan tankou jan map fèl la a kounyé jodi a men pa fatigué nou tout pwal chita nan sit internèt mwen e soutout média yo pou rafréchi mémwa nou. Intélijan yo sé pofité analizé opinion yo poun wè sil fè sans. Sak fè sans yo sé pran yo é mété yo an pratik sé madanm mwen map tan pou jwen yon travay avan, aprè sa ma désidé ki pozityon travay ma pran si sé nan nwit si sé la jounen: mwen pa yon épave ki pa kanpé sou anyen ki chita o Canada kap valé diri ak po poule kap palé tenten; Diaspora ki an Ayiti yo ki pasé nan lavi 2 ou 3 pitit o Canada, États-Unis gen dwa di nou sa, ébyen mwen ak madanm mwen nou gen 3 pitit: pi gran an Poko menm genyen 8 ans, alò nou pagen tan poun pèdi, kotém akoupi la a dépi yon Kandida vini mal map chajél, menm kém mouri sa ap gravé sou internet la kòm istwa.

Sa nap fè a pa bon. Tout moun gen bil pou yo péyé, kèlké swa 1 gourde pa mwa, pa fè sòt nou ak moun. Laurent Lamothe di ké gen kandida ki gen menm problèm avèk li yo bayo décharge poukisa yo pa bali tou?

Sa a sé yon gro kétyon ki dwé vin an piblik sou YouTube - FaceBook - Twitter ak tout lòt média yo.

O Canada konpayi yo pa jwé paské yap résévwa plis ké 100 aplikatyon pa jou, si yon travayè démisyoné nan pòs travay li san rézon oswa pou yon bagay li vòlè kèlkonk, konpayi a pap jwé avèk li, travayè sa a pap janm jwen oken chans pou tounen nan travay sa a ankò, paské gen tròp moun ki bézwen menm pozityon sa a. Mwen kwè diaspora yo dwé konpran sa menm jan ak tout sak pa Diaspora yo. Sé pou sak fè lè nou apliké pou yon travay konpayi sa yo toujou mandé istwa sou minimum twa travay nou té yé déjà e poukisa nou kité yo; lwayé kay menm kout baton an. Sé pousa lè nal pran yon travay, avan oswa ninpòt bagay konpayi an ba nou siyen aplikasyon an, nou dwé li tout bagay yo korèkteman avan nou siyen kwa ke se swa; dabò pyèj yo toujou ékri tou piti nan denyé pati anba aplikatyon an, pafwa sé linèt poun genyen poun li yo, nan kondityon sa a fò nou toujou ka wè tout bagay klè a san pousan poun pa viktim.

Sé pou dézòd sa yo kap fèt an Ayiti yo fini yon fwa pou tout, si yon kandida vrèman kalifyé pou yon pòs an Ayiti kounyé a tout zyé ap wè li men sil pa kalifyé tou sé sou yon boukan difé li pwal chita, sé onèt pou yo onèt. Mwen konpran sa ké gen nan chèf déta yo ki té trè malonèt e pou jiskounyé a gen ladan yo ki toujou trè malonèt sé pousa ki fè pèp Ayityen an té kon chaché jistis yo ak difé, krazé brizé mwen mandé malfèktè yo pa pofité sikonstans.

Mwen mandé tout moun kité mobilizé krazé brizé yo poun chita réfléchi e kopyé sou Canada, États-Unis ak lòt péyi dévlopé yo. Men sé maniféstan yo ki toujou viktim, nèg yo gen zam e yo puisan koté nou ka goumen avèk yo. Men pagen yon péyi séryé kap janm aksépté vyé jès krazé brizé, mét difé an Ayiti ankò.

Si sa fèt ankò tout blam yo ap tonbé sou do lapolis.

Rélé yo tonton makout pa rélé yo tonton makout, fò yo dwé kalifyé pou fè travay sa a kòrèkteman.

Moise Jean Charles santi li trè humilyé paské MUNISTAH nan péyi a tandiské si yo pat la misyé sèlman tap kalé dèyè Prézidan Martelly avan 5 ans li a e fèl alé.

Nou vlé si MUNISTAH alé lalé nèt poun pap nan gen alé rétou tan zantan nan péyi d'Haiti ankò, sa sé sovajeri.

Mwen mandé pou tout radio yo gen yon tèt ansanm avèk nou pou dénosé vòlè yo. An nou chaché konnen kòman kandida sa yo jwen lajan sa yo pou yo alé nan éléksyon sa a, èské sé pa nan kidnapé moun, touyé moun, van moun nan dyab, asasin, machan dròg etc.sé trè sinp. Sa pa déranjém gouvernman yo pa vlé wè nou-menm bon krétyen yo. Gen anpil moun ki pa nan léglize e mwen pap bay yo pou pakèt ban pastè ak ansyen léglize ak dyak léglize masisi, madivine, masonlòj, vaudou, sanpwèl sa yo kap dérasinen nanp moun nan légliz é yo. Si yon Prézidan santi li ka jwen tout moun neutre sa yo ki pa nan bonDyé sa a ké yo pa vlé wè a e ki pa nan dyab pou al travay nan palè a sa pap déranjém. Nan gran péyi yo pagen konpayi ki janm pèmèt yo pou yo dim ké si pou yo banm yon ti travay ké fò yo plimenm mété sou li; é mwen pa janm tandé madanm mwen plinyen de sa.

Sé bon jan chanjeman nou-menm diaspora nap mandé pou péyi d'Haiti poun ka rétounen, sé pa nou tout ki enbésil: nou mandé lapolis d"Haiti poul fè récherche kriminèl sou tout kandida sa yo, sé pa jis poté bouré foulé kandida ki pi kalifyé anba pyé pou ap van plas kandida bay koko-rat ki pa kalifyé e ki pa kanpé sou anyen pou ap kontinyé trennen pèp Ayistyen nan tenten.

Si yon vòlè monté sou pouvwa a an 2016 la map lagué tout charge la sou po do lapolis.

Si nap chaché pitit pitit Déssaline, Platfòm jistis, mwen sé yon ladan yo; mété nan tèt nou ké mwen sé Moise ki travèsé lamè rouge ak pèp Izraèl la. Sé pa ti Moise Jean Charles kap di sou YouTube: Prézidan Martelly ap rantré soti nan péyi d'Haiti ak yon pakèt paspò Ayisyen pou yo paka dékouvri si Prézidan Martélly sé volé li té kon volé lougarou poul ta tonbé nan péyi sa yo, ou kwè sé pou sa yon paspò la?

Pou kontrolé paspò moun lè yo rantré ak lè yo sòti?

Mwen kwè ké bagay la té pasé mal, moun nan aryopò pa ilétré nan pwen sa yo: map rantré sòti an Ayiti pandan 16 fwa paspòm gèn 32 so alé e rétou sou yo, sé nan Imigratyon Aytyen nan aryopò port au prince lan yo mété plis sa gouvernman Amériken ak Canadien mété sou paspòm nan. Ki tenten Moise Jean Charles ap banou kenbé la a?

Mézanmi sé pa nou tout ki inbésil, kòman yo té aksépté Moise Jean Charles Sénatè nan yon kondisyon konsa?

Ébyen moun ki travay nan aryopò sa yo avègle. Moun yo pa menm ka li yon paspò yo mété yo travay nan léta, sa fè wont. Ébyen fò vyé konstisyon sa a krazé yon fwa pou tout pou réfòmé Ayiti kòrèktéman.

Pagen nouvomPrézidan ki pwal monté Prézidan oswa rénouvlé Prézidan an 2016 la san yo pa ranjé problèm la Marie kap chipé komès ti machan yo, bat yo lè yo pagen ti kòb pou bayo anba tab pou yo ka chita ilégal nan lari a, pran tax ilégal, vidé wosh nan mitan lari a lè swa pou vòlè afè moun, touyé moun. EDH menm sé pou bay gouvernman Ayisyen an chans pou ranmasé kòb kouran yo, sé pa ap maché ranmasé ti kòb anba tab nan men yo pou inpozé yo péyé kouran, tout moun dwé gen kontè, afè la douane menm, komèsan yo pagen oken réspè pou moun kap bay bòdo nan douane yo, chajém kòrèktéman pagen afè pou lajan léta ap divizé, machan ap péyé yo anba tab, léta paka rantré asé lajan nan kès la; sé bon pou yo, yo pa vlé wè krétyen JPP.

Dènyé bagay map di nou sé konvèti, paské sa nap fè a pa fè oken sans, pakité Satan ak mové zanje yo akizé nou. Nou déjà wè jan map palé la a gren mwen plen menm au nom de Jésus. Sé konsa tou si nou ta tandé ké yo métém nan prizon pou tèt map dénosé ipokrizi ak koriptyon nan gouvernman yo ak légliz yo piga di nou té wè sa pou mwen paském palé tròp, map dénosé yo sélon soufrans pèp la, sa yap travèsé, pagen anyen ki kaché ki pap dévwalé, nap gadé ké moun sa yo kap travay man éstatyon radio yo pap jwé tou.

Si Laurent Lamothe pat nan vòlè nan gouvernman fòl kandida yon jou kanmèm e lap pasé, nou pa inbésil nou wè tout konpétans li. Men fò bonDyé ka sipòtél nan zèv lap menmen an, si yap akisé Prézidan Martelly ak Lamothe nan drog, sé pa yon bagay ki fè sans, si sé ta vré sé ranjé sa pou dyab la pa avili nou, Menm gouvernman Dominiken ap rélé anmwé diktatè dèyè Laurent Lamothe sé antan nou ak Dominiken paské yap pèdan e nap pi pèdan, pyé yo sou kou zansèt nou yo. Oké Laurent Lamothe konpétan sévré, menm pa konnem sa Laurent ap menmen.

Sa Jézi té di li yé a li té rété sal yé a pou jistan yo té touyél e pou jistan li té résisité, répanti.

Tout ougan, manbo, masonlòj, sanpwèl, lougarou, vaudou (witchcraft )

Rélé Patrick nan 416-274-9803

Niméro sa a disponib poum priyé avèk nou é nétwyé tout fatra idòl oswa éstati, imaj ak zan-nimo ké si nou genyen nan péristil yo ké nap adoré, sé séryé pakité dyab la koupé kou nou san lavi éternèl, sèvis la sé gratis; pran anbasad vin pran Jézi, nou pakon konbyen tan nou rété sé pran anbasad Jézi a vit; pandan nap pansé ak sa sèlman: di Jézi nou rémèt Éspri nou nan men papa bonDyé nou an ki nan syèl la, menm Jézi: avanl té mouri sou kwa a sé sal té di papal avanl té mouri, fè menm bagay la épi Satan ak mové zanje yo pap gen oken pouvwa sou nou ankò.

Ké bonDyé béni nou.

Related Article:

Haiti Elections - Laurent Lamothe going to BCEN to fight for his Candidacy

Haiti Elections Update -- Former Haiti prime minister and Candidate for President Laurent Lamothe is taking his fight for the candidacy to the...

REPLY to this message

Return to Message List