Ahhhhh papa! BonDyé genlè ap tandé priy&#232...

Patrick Princivil - June 3 2015, 4:58 PM

Ahhhhh papa!

BonDyé genlè ap tandé priyè mwen,

mwen wè yo ékri yon pakèt tenten sou internet sou zafè Prézidan an Haiti pagen dwa fè plis ké yon manda, o sé pasé chèze bouré a bay yon lòt kandida chak 5 ans, sa a sété lè Haiti pat gen Gouvernman kounyé a Prézidan Martelly gendwa fè sal vlé tout otan yo pagen prèv kél sé vòlè, Prézidan Martelly té di bagay la klè ké li pap jen-nen Laurent Lamothe men li pap bali décharge.

Sé konsa li yé menm nan tout konpayi, gro bòs la pa kon pèson nan konpayi yo, sé pou sak fè gen supervizè, gen manadyè.

Gro bòs la gendwa révoké manadyè a dépi sé pou yon bòn rézon; manadyè a gendwa révoké supervizè a dépi sé pou yon bòn rézon e supervizè a gendwa révoké ninpòt nan rès travayè ké li résponsab yo.

Mwen pa menm bézwen nan kasé tèt mwen poum kon sal fè, sal pa fè.

Prézidan Martelly ap fè travay li, sé konsa pou nèg yo mété lòd nan lavi yo.

Menm nan légliz sé pa fasil poun jwen yon moun nou ka fè konfyans, e moun nan monde koronpi sa a?

Zafè yo mèt di ké Prézidan Martelly sé diktatè; pito palè a ap fonktyoné avèk 5 moun pou 15 ans tan pou lap maché avèk 1000 chat maron ki pa kanpé sou anyen.

Mwen pa akizé Lamothe, men kité Prézidan Martelly fè travay li, tout chien niché kisa sayé yo jan yo konnen.

Viv Prézidan Martelly pou 15 ans.

Sé moun kap travay nan Parleman ki déjà konnen travay la ki gen priyorité sou zafè décharge, sé pa fè 5 ans ap maché frité nan lari a, kou sé éléktyon pou yap kouri al inskri kòm kandida, fò vyé bagay sa yo fini.

Related Article:

Haiti Elections - Out for DECHARGE, Why Laurent Lamothe and NOT Wilson Laleau?

Haiti Elections Update -- On Haitian radio Scoop FM Wednesday, journalist Gary Pierre Paul Charles asked why the candidacy of former Prime Minister...

REPLY to this message

Return to Message List