Mwen di mèsi a Woodrigue St Preux ki r&#233...

Patrick Princivil - May 29 2015, 3:46 PM

Mwen di mèsi a Woodrigue St Preux ki ré akseptém rétounen (subscribe) sou rézo a yon 3ème fwa, mèsi pou tout moun ki patajé kontanteman yo sou rézo a puiské mwen rétounen, gen moun ki di mwen prochèn fwa fè kòmantè yo an Français men malheureusement non; mwen sé Haitien e sé prémyé langue ké nou-menm Haitien nou palé menm-ké mwen pa ékril byen zafè moun kap dim vérifyé aksan mwen, yon jou konsa ma kon ékril byen pandan map pratiké a. Sé pou tout pitit tè a patisipé nan gato a, e fò nou tout pitit tè a jwen yon mòso gato pou nou manjé.

Sé pou Prézidan yo apran séparé gato a nan bon kondisyon pou tout pitit tè a ka jwen sé pa yon késyon de Prézidan, Minis, Député ak Sénatè ap lévé mas kòb yo chak mwa épi pou la police, kazèc, asèc etc. Paka mété bon kalson ak kilòt sou yo bagay sa yo pap janm fèm plézi menm, gadé Jean Bertrand Aristide! Pèp la lonjé dwèt sou li e yo di nan 2 ans ké li fè Prézidan an ké lap kouvé ($8, 000, 000:00 US) 8 million dola US. Byen ké sé mové bagay li tap fè.

Mwen pa di ké yon Prézidan dwé rété pòv, gadé Jovenel kandida pou Prézidan, gadé grosè plantasyon ban-nan ni?

Sil ta monté Prézidan d'Haiti épil ta toujou ap progrésé nan rékòt ban-nan nan, menm-ké mwen ta tandé li multi millionaire nan 2 mwa sé sèl bon kontab ki kalifyé kap kapab gen kontròl li paské lap travay fò épi sé yon nonm ki itil, gadé yo pa menm métél nan list Laurent Lamothe, Moise Jean Charles: yon Moise Jean Charles ki pa menm gen yon bon rézimé au sujè de dènyé 4 ans kél té fè Sénatè nan gouvènman Haitien an de 2011 jiska lané 2015 lan; a létranjé lè nal apliké pou yon travay yo mandé nou ki koté nou té travay pandan 2ans pou pòs sa a ké nou apliké a, pafwa menm building nan yo pap banou nétwyé si yo dékouvri nou pap ka li étikèt ki sou produi yo, mwen kwè ké tout Diaspora konnen sa. Gadé la a Ottawa - Canada !

Gen yon pakèt moun ki fini lékòl yo, apran gro métyé ki ta pou lévé yo a tè a, élas ! Yo pa janm ka jwen yon travay sou sa yo apran nan, si sé pa paren oubyen yon maren ki édé yo jwen yon ti travay, nétwayé, pasé aspiratè nan réstoran oubyen nan building Gouvernman yo pagen konpayi kap pran yo si yo pa gen éskpérians ki di ké moun sa a té kon fè travay sa a déjà au Canada, sé pousa philosophe ou pa prèské tout Haitien nan Canada tou vision yo sé alé lavé bouda ti granmoun yo pou yo ka touché yon ti kòb pi rézonab afè bagay infimyé, infimyè sa a menm bagay sa a pi fasil pou jèn ti moun ki pagen bill ké yap péyé.

Mwen sé yon kontab, mwen sé yon téchnicien an òdinatè e mwen gen diplòm Canadien nan tou deux: deux diplòm ki mété yon dèt $40, 000:00 Canadien sou po do mwen ; madanm mwen menm gen yon dèt $ 20,000:00 Canadien sou po do li sou menm afè lékòl sa a san konté lòt bill nou genyen,
mwen gen diplòm sa yo dépi 2010-2015; tout konpayi ap chaché moun ki gen 2 ans éskpérians fò nou travay poun gen 2 ans éskpérians sa a, lè nap rési jwen yon konpayi kap banou yon chans ti kòb yap banou an, yon moun ki fè 2 ans la balé, nétwayé ka touché plis kòb pasé nou.

Mwen gen yon certifica nan kondi kamyon ak trélè yo, kounyé a mwen gen 1 an éskpérians nan moman difisil ap kondi nan tout rak bwa Canada-US: pifò tan yo sé nan nwit, sa a moun pavlé fè li sé sak fè konpayi yo plis bay chans ladan yo, mézanmi bagay yo pa fasil isi a, li fènwa dòmi nan zyéw fòw dwé kondi kamyon an paské konpayi ap tan machandize la, bòs rélé nou kotéw yé! Ou an réta! Fè vit ! Mwen fin gen 1 an ekspérians mwen kité vyé travay di nan nwit la, kounyé a lèm rélé konpayi yo pou travay la jounen ké map kapab fini e kouché lakay mwen chak jou, sa a tout chofè yo ap chachél, konpayi yo dim ké yo konpran sa ké map kondi pandan 1 an men sé konpayi asirans kamyon yo ki di ké fò chofè sa a genyen 3 ans éskpérians.

Mwen gen yon pakèt lòt talan, sa yo menm yo pap pété nan koton banm santi paské mwen pagen oken papyé, oken preuve ki di yo ké mwen travay nan gro konpayi au Canada sou domèn sa yo.

Mézanmi mwen wè gen yon gro nwasè ki baré zyé Gouvernman Haitien an sou zafè kandida yo sé sak fè mwen pran tout tan mwen poum patajé bagay sa yo ak nou anpil jèn yo kap sakrifyé vi yo étudyé ap bénéfisyé ladan, fason Haiti ap avansé la a sé bagay ki pou ta fè nou-menm Diaspora yo wont e di nou pa Haitien e nou pap janm mété pieds nou nan péyi d'Haiti ankò.

1.) Maryse Narcisse ak Moise Jean Charles fè menm pati Lavalas la, sé yo menm kitap krazé brizé sou nom Aristide pou Prézidan Martelly alé avan 5 ans li ya, men kounyé Maryse Narssice gen yon pati ki réprézanté pati fanmi Lavalas.

2.) Moise Jean Charles menm vin ak platform pitit pitit Déssaline li pou kandida Prézidan tou, kòmanl fè li pa vlé koopéré ak Maryse Narssice pou yo gen yon sèl pati si vrèman Moise Jean Charles té nan kan Lavalas vré; tout mou konnen klè ké Moise Jean Charles té Sénatè, men fò sé sure ké moun sa yo ki pwal votél yo sé vyé vagabond parèy li yo ki tap boulé kaochou, krazé brizé mét difé, pandan yo pwal lakay yo yo tou vòlè wosh ak fèr etc ki té sanblé pou té fè travay léta ; Alò sé ban vyé moun sa yo ki kandida pou al rétiré moun sa yo kap pratiké nan gouvènman Haitien an e ki poko menm fin bon nan sa yap fè.

Sa fè wont lè nou al réglé yon sinp ti bagay nan léta: yon ti bout papyé moun yo ap tapé yo pran yon pakèt tan, tandiské nan gran péyi étranjé yo pou yon moun jwen travay nan domèn sa a fò moun sa a ka tapé konbyen santèn de mo pa minute pou lòt yo menm ap bétizé nan yon ti fèy papyé fè moun pèdi tan, sak gen kòb ap péyé ti kòb anba tab pou fè sak an réta yo pran dévan sak té la déjà, alò sé ban vyé kandida sa yo kap mennen an Haiti kounyé a.
3.) Jean Henri Séant sa a menm sé nan kòmansman éléksyon an mwen kòmansé ap tandé palé de li: moun sa yo èské sé moun kap bay sèvis nan Gouvernman Martelly a?

Na répon késyon sa a nan konsyans nou.
4.

Nou gen Laurent Lamothe, mwen konpran sa, réspè pou li, li té Prémyé Ministre e li tap travay di nan sèvis byen ké mwen pa konnen pwen fèb li kòm tout moun gen pwen fèb yo, nou tout wè bagay yo klè, e nou wè klè sé li menm ki sèvo péyi d'Haiti nan pami tout kandida ké mwen wè la yo. Si nou ta mandém pou kisa mwen tap répon nou: non sèlman li byen réprézanté pou nou-menm nan Diaspora a, li tap travay nan Gouvernman Haitien an déjà, li gen anpil talan poul changé koulè figui péyi d'Haïti e li kalifyé pou pòs Prézidan an. Bagay yo klè, li rémèt démisyon san sé pa Gouvernman Amériken ki métél déyò ak minòt nan bra li, é dépi 6 mwa li démisyoné a tout gro development yo bloké.

An nou pansé mézanmi !

Si kandida sa yo té bon konsa èské sé Michel Martelly ki ta bat yo nan éléksyon konsa?

Li bòs yo nèt e lap rété sou tèt yo pou yon lòt 8 mwa, tout sa ki fè dézòd ap pran gro kout koko makak nan kisa sa yé yo, li bat chèf police, li bat Sénatè: gadé valè gaze Moise Jean Charles pran, li bat Député, li bat Prémyé minis, li bat majistra e li pété nan figui intéléktyèl ki pap sèvi bonDyé yo kont li. Al sou Google e tapé: Sweet Micky épi patajél ak tout kandida sa yo ak tout intéléktyèl yo. Sam aprésyé de Prézidan Martelly sé paské li konsian de janl té monté Prézidan an: li di nan figui tout moun sé paské pat gen Gouvernman ki fè li té kon fè sal tap fè nan péyi d'Haiti, sa a mwen pa tandél ak pròp zòrèy mwen.

Mézanmi an nou révéyé nou, ka nou grave anpil ! Si Gouvernman Americain ka fè sal té fè an 2010-2015 la sou zafè éléksyon ki té fèt an Haiti a sé paské lI pagen oken réspè pou CEP a, si CEP. sa a fè pati de Gouvernman Haitien an. Men sé trè klè li pagen réspè pou léta Haitien e li pagen oken respè ni pou pèp Haitien e pou nou-menm Diaspora yo. Si pèp Haitien ap pran soufrans sa yo jodi a sé fòt kandida sa yo ak la police ki pavlé ini yo; nèg yo lévé yon guè sou zafè double nationalité a, sé pi gro boulèt Moïse Jean Charles té ka lagué sou Haiti pou té krazé li, kounyé a sal vin chaché?

Sé group frè parent ki gen rézon nan mizik li yo, si yon moun gen bon kè san prézans bonDyé épi ki pa kalifyé pou yon pòs lal pran ap yon pakèt moun soufri menm jan ak tout gro vòlè intéléktyèl yo, sim pat janm chita sou yon kamyon ak trélè pou mal kondi li mwen pwal touyé yon pakèt moun Prézidan Martelly ka faché pou sa map patajé la yo, men sé pa flèche map tiré kont li, sa pa déranjém sim ta wè kél fè 3 manda soutou jan mwen wè li menm ak Lamothe tap fè péyi a maché a, té gen tròp tra lala kont Prézidan Martelly ak Lamothe, kèlké - swa moun ap di ké sé foli pouvwa ké Laurent Lamothe genyen sé paské yo égyis, fò Lamothe ta démisyoné pou bagay la réglé, yo pa renmen Haiti vré ; 4 pi gro problèm Haiti ap traversé la a, kòm mwen tandé Laurent Lamothe ap di ké li pagen problèm ak moun nan guéto yo, si moun sa ap van drogue, tiyé moun etc. vote moun sa yo sé jis pran vòte sa yo e jété yo nan fatra, yon bon moun sérié paka gen problèm ni ak la police e ni ak moun nan guéto, menm nan légliz si tèt la pa bon tout kò a ap pouri, sé pousa sèvis la mairie, EDH, CAMEP, travo piblik, DGI, la douane etc ap mal maché, an tèm yon krétyen sim paka ékzòté moun nan guéto, mwen paka ékzòté moun la mairie, mwen paka ékzòté la police, mwen paka ékzòté Prézidan, sim paka ékzòté Roi, sim paka ékzòté reine e sim paka ékzòté pastè kap préchém nan mwen mèt tou al mété dèyèm nan yon kwen avèk lévanjil papa bonDyé nou an mété nan men nou e sim fè sa sé malèm, si sé bèl Kay ak oto ki pou ta fèm fèmen bouche mwen bonDyé papam ki nan syèl la mèt kitém mouri pòv. Si Laurent Lamothe nan pagen problèm ak moun nan guéto bagay sa a poko fin klè pou pèp Haitien.

Mwen konnen trè byen Prézidan Martelly ak Lamothe pa vin vòlè, men gen anpil vòlè nan Gouvernman Haitien e partou an Haiti kap ravajé Haiti kòman nou-menm krétyen poun ta satisfè nan jan de bagay sa yo?

Nou vlé yon Prézidan ki neutre sou zafè polik péyi d'Haiti ki pap nan toléré guéto, cité solèy, gran ravin, Dèlmas, bèlè, la Marie etc. Si nap toléré yo sè ké nou pa renmen yo e nap mété vi la police ak tout mas pèp la nan plis danjé.

Mézanmi nou pasé nan péyi étranjé nou wè kòman bagay yo ap fèt.

Bagay sa a té rivé François Duvalier ak Jean Claude Duvalier !

Ti bobo té vin santi li té gen tròp pouvwa paské li té zanmi ak François Duvalier, li té konpran poul té fè moun sal vlé men pieds François Duvalier té vin maré avèk li, sé té yon sinp ti jandam ki té fini ak ti bobo, ébyen lè jandam sa a té fin krazé ti bobo menm François Duvalier té santil délivré ak malfèktè sa a. Té gen Astrèl Béjamen nan aux Cayes, yo dim nèg sa a té bay problèm lè Jean Duvalier té rési pran sanksyon kont li a li té vin trò ta pou li.

Mwen pa yon politisyen men map viv de bagay yo, sé yon bon Krétyen méprizé ki kapab fè yon bon juge. Mwen gen yon tontonm ki té avoka an Haiti épi li té komisè du Gouvernman an Haiti, misyé mouri kounyé a, non li sé té Marcel St Juste;

Ébyen misyé té gen pròp féblès li men li pat vòlè, misyé té kon ap di mwen pandan gen yon séri de jigeman ki té kon ap fèt an Haiti moun ap maché souflété juge ak avoka nan figui yo, kraché nan figui yo, yo pran yo ak sabò, pafwa yo menm tiré yo nan tribunal la. Bon si sé pa sérié yo yé kòman pou moun réspékté yo?

Mwen ka konpran sa !

Afè léta pa mélé ak afè bonDyé, men sé sou menm kòmandeman bonDyé a grand puisans yo bazé épi yo mété lwa, sé sèlman sabba bonDyé a yo maché sou li; men Haiti sé tou diféran, ak lajan diaspora ak moun riche yo kap viv Haiti yo ka acheté prèské tout moun nan Gouvernman Haitien an, malgré plen koripsyon patou nan monde lan, si malfèktè yo kapab sé pou yal fèmen bouche léta zyé vèt yo au Canada-US yo ak fèy dola vèt?

Pa di sé sòt mwen sòt ! Pagen malfrendeng ki ka achetém pou vyé dola vèt.

Prézidan Lamothe !

Map démaské yo ba ou, sa pa konsèném si wap sèvi bonDyé ou Satan, sa a sé zafè paw ak papa bonDyé nan syèl la. Siw kapab vin pran travay difisil sa a, siw pa kapab pa fouré tèt ou, paské pèp la vin pagen oken réspè pou vòlè yo menmké nap soufri.

Nou sipòté Prézidan Martelly poul fin fè manda li a, men aprè tout sa ki fin dévwalé la yo, nou pa pwal jwé ak sa, siw vrèman bon: sé sèlman bonDyé ki bon, men siw pa vòlè mwen kwè wap ka fè travay
la, pa bliyé kéw paka fè anyen san Jézi.

Map fè travay sa a sé paské nan okazion sa yo gen moun kap pran konsyans ka pwal sèvi bonDyé, alò pa bliyé sa: pou kounyé a mwen pa prè pou mwen al boulé maji nan péristil ka bòkò an Haiti, sèlman si moun nan ap péyé biyè avion an pou mwen.

Si gen ougan, manbo, sanpwèl, lougarou, vaudouyizan, masonlòj (witchcraft) etc. ki bouké ak vyé zèv satanik, dyab la paka bay la vie éternel, avan Satan ak mové zange yo koupé kou nou rélé Patrick Princivil nan niméro poum nétwayé fatra yo pou nou, rélém nan Canada nan:
416-274-9803.

Ké bonDyé béni nou e bon Sabba.

Related Article:

Haiti Elections 2015 - The 4 Strongest Presidential Candidates in the Race

Former Minister Ralph Theano says there are only 4 strong Presidential Candidates in the race for the presidency in Haiti out of 70 who are likely...

REPLY to this message

Return to Message List