Ahhhhhhhh papa! Bagay yo pa pwal fasil menm non! Gog e Magog...

Patrick Princivil - May 26 2015, 9:45 AM

Ahhhhhhhh papa !

Bagay yo pa pwal fasil menm non! Gog e Magog ! Dyab ap akizé dyab! Sa a sé kòmansman doulè a ! Nou dwé fè yon bagay ki fè sans.

Map édé nou démaské vòlè yo édém tou sé pou sa mwen préféré unsubscribe nan belpolitik.com poum rétounen jis nan sémèn jou éléksyon an, mwen pa bézwen pou chak moman pou map li tròp tenten nan email mwen sé sak fèm unsubscribe men mwen la pi rèd map li bagay yo lèm vlé sou page web la.

Dépi yon moun paka ranpli kondisyon sa yo sé sou boukan difé li pwal monté an 2016 la, men kondisyon yo:

Ahhhhhh papa!

Mayèt la dwé rété nan men Prézidan Martelly, li fè konnen kél sé yon modèl pou Haiti mwen paka konparél ak lòt Prézidan ki té pasé déjà yo, sa vlé di sa li di kél yé a ké sé sal yé vré nou pap lachél yon may, dépim fèt sé sèl Prézidan ki pa wont manyen pikwa poul planté ak péyizan; sé sèl Prézidan ki pa wont kenbé pèl li ak balél nan men ni pou lap travay, li koopéré nan prèské tout travay konstriksyon en Haiti; sé yon Prézidan ki pagen oken konplèks; sé yon Prézidan konsa nou tap chaché, pagen wout pa bwa sé li nou vlé fixé biznis la mairie kap maché vòlè komès ti machan yo nan lari a an Haiti.

Afè vidé 2 kamyon wosh nan lari nan nwit pou vòlè e piyé afè moun nan nwit, la douane ap sousé sang nou, EDH ap pran ti kòb anba tab nan men kliyan inpozé moun yo al péyé léta kouran, moun ap soudé sou kouran soté télévizion moun, soté frgidè ak frizè moun; Afè bagay moun ap vòlè tè moun, kou nou-menm Diaspora fèmen pòt Kay yo pou mèt Kay fè konplo ak vòlè pou al ouvè pòt vòlè ap vòlè b afè nou; afè fò nou genyen lajan poun acheté la jistis an Haiti, afè pou kriminèl ak vòlè ap péyé ti kòb anba tap, rentré nan pòt prizon an é sòti nan pòt dèyè prizon an pou al lakay yo pa dwé gen sa ankò.

Sé zam sa yo ki sou pyé la a kounyé a kap chouté sou kandida yo e kap chouté sou Prézidan Martelly ak Lamothe kounyé a pou yo dwé chanjé yo; kounyé a nou pagen problèm Prézidan, nou gen problèm ak vòlè ak kriminèl nou vlé sé nèg sa yo ki pou chanjé yo oubyen yo pasé mayèt la ba yon gren plen tankoum pou chanjé vyé sistèm konronpi sa a. Nou vlé pou Prézidan Martelly sispan gouyé nan kanaval ak vòlè, asasen sa yo. Nou vlé pou Prézidan Martelly pa nan al jwé boul ak pakèt vyé vòlè, kidnapè, asasen nan Delmas 2, gran ravin, cité soley ak bèlè etc. yon Prézidan sé pa yon ésklav men travay yon Prézidan ké vòlè ak asasen pa dwé menm kon koté Prézidan an yé.

Jan de bagay sa yo sé travay police undercover pou invéstigué sou vòlè, machan drògue, asasen, dépòté ak kidnapè etc. pou arété tout rézo a;

Batay sa a sèlman fè ti foto ti malérèze ak ti pikwa, parèt ak ti projè mizérable pou al kenbé pèp nan pòvreté; sé yon késyon de gro machine traktè technology kap palé la: machine ap raché manjé, menm machine nan ranmasé li, pay pasé yon bò e bon gren yo pasé yon lòt bò, sé yon késyon de wout ak pon pou tou machine pwa lou ka antré nan jaden yo pou al fè sèvis yo. Si Prézidan Martelly ou Lamothe pagen asé konésans pou fè travay sa yo yo pa gen chwa sé mété pròblèm nan dévan government Américain poul dégajél chwazi yon Haitien kap viv nan gran péyi dévlopé yo e ki kalifyé pou répon ak tout bagay sa yo e jis voyé moun sa a al kandida e pran péyi d'Haiti e dévlopél kòrèkteman.

Alò ! viv candida ki ka fè tout travay sa yo.

Related Article:

Haiti Elections - Contestation LIST - Presidential Candidates

Haiti Elections Update -- The electoral council has released the complete list of Presidential Candidate contested. We have the list for you here...

REPLY to this message

Return to Message List