Réspè pou PHTH, sak fè tout lòt pati...

Patrick Princivil - March 19 2015, 6:00 PM

Réspè pou PHTH,

sak fè tout lòt pati politik yo pa fè menm bagay la tou?

Sé paské Prézidan Martélly pa gen tròp òguèy wi ki fè lap chaché koopéré avèk yo konsa a, yo guenlè pa ka wè sa!

Bwa ké yo nan men Prézidan Martélly, bagay Jean Dominique la chita trè klè nan 2 pla mains gouvernman tèt kalé a. Anpil moun akizé nan afè lanmò sa a si yo pa vlé koopéré yo pwal nan prizon ta lè.

Kounyé a nou pa gen problèm Prézidan e nou pa vlé mòd kandida sa yo, sé pa moun ki gen oken expérience travay non, tout ralé bouda yo dèyè, yo pat janm Ministre péyi d'Haiti, yo pat janm Sénatè nan péyi d'Haiti, yo pat janm Député nan péyi d'Haiti, yo pat janm kasèk, yo pat janm
Asèk nan péyi d'Haiti sé mòd moun sa yo ki bézwen vin pran pouvwa a nan main Prézidan Martélly wi!

Sé jis rasanblé yon pakèt ti ban sanpwèl yo patou nan péyi d'Haiti pou al dèyè chèze bouré a pou al kontinyé fè pitit Bondyé pasé mizè, pou tout travay sa a ké Prézidan Martélly fin fè nan la douane ak EDH yo pwal pasé nan gagòt vré mésyé?

Non fò bonDyé di yon mo, pami tout kandida sa yo sé sèl Charles Henri Baker mwen konnen ki gen 4 ti factori en Haiti, poukisa nèg yo pran Haiti la a Mézanmi?

Yon Haiti ki gen ambassade Américain, Canada, la France, Sen Domeng étc ladan, yon péyi ki bézwen bon jan kontab sérié pou kontrolé kès léta; yon péyi ki bézwen bon jan expert an ordinatè pou véyé pirates ( hacker) yon péyi ki bézwen bon injényè ki ka sèvi ak lojisyèl (software) pou dévlopman;

Yon péyi ki bézwen bon jan moun sérié pou dévlopé Haiti kòrèkteman, sak pi fèm mal la, ti ban sanpwèl sa yo pa menm fè yon bon édikasyon non, sou zafè lékòl ak réligion pou sé yo menm ki pwal rabouré pati tèt kalé yo mét déyò, pou sé mòd moun sa yo kap maché fè tenten nan lari a ki pwal chita nan buro léta, sak pi fè mal menm yon mòso kasav yo pap bay pòv yo, menm yon ti dyòb servant ak jéran lakou avan yo bay pèp la li yo mandé pou yo tayé moun yo mét sou li. Sé pofitè yo yé sé map péyé lékòl la pou ou men fòw banm yon bagay, men ki bagay pou yo bay moun sa yo mézanmi?

Sak pi fèm mal la fanm yo plimen fanm parèy yo pi rèd pasé gason.

San intélijans menm tout fo pastè ak fo manm légliz yo pran nan pyèje la paské yo pa kanpé sou anyen.

Paran moun légliz sa yo ankò pi koronpi dépi yo wè lajan yo yo fèmen zyé yo e di ti moun sa yo fè afè nou pitit mwen, yo pwal péyé sa si yo pa konvèti tout bon.

Moun légliz yo pi méchan ké moun kap benyen nan labou péché déyò a.

Jézi pwal vini fixé kozé nou ak bonDyé avan malè rivé nou ban parésé.

Related Article:

Haiti Elections - PHTK Political Party confirms participation in upcoming elections

Haiti Pesident Michel Martelly's political party, Pati Haitien Tet Kale (PHTK), confirms their intent to participate in the upcoming elecitons.....

REPLY to this message

Return to Message List