Mwen kanpé fèm sou désizionm men s&#233...

Patrick Princivil - March 16 2015, 4:28 PM

Mwen kanpé fèm sou désizionm men sé Bondyé papa nou ki nan syèl la ki dènyé mo a poul di pasé li wè pi lwen pasé nou menm krétyen, nan zyé pam mwen pou kounyé a mwen pa wè pi gro lidè en Haiti ké Prézidan Martélly, dézyèm nan ki té ka Lamothe li ralé kòl dèyè pou byen des rézons kém pa konen sil vrèman bon pou Haiti konsa a li ta sipozé ba nou yon démonstraksyon ké menm si li pa Prémyé Ministre ankò men lap toujou ap travay ak Prézidan Martélly sou lòt domèn, lap fè zèv de charité, lap vini ak bon diskou itil sou zafè dévlopman an Haiti la a mwen ta métél nan yon position lidè en Haiti.

Nou gen yon pakèt lidè en Haiti ki pa menm aktif koumanm ta fè al voté kandida konsa?

Prézidan Martélly réyini moun li fè diskou nan diskou li ké sé yon Prézidan kap palé, Lamothe té fè menm jan an byen ké nou poko bézwenl Prézidan Haiti pou kounyé si sé pa pou vòlè yo chasél nan systèm nan.

Plis ké 150 ké 150 kandida en Haiti koté diskou yo?

Koté plan dévlopman yo gen pou Haiti?

Nou pa konnen.

Si yo té bon konsa a gadé yon agonòm fèk parèt avèk yon plan plantasyon bannan e li di ké sé yon prè dix million pwen deux pou cent de dollar kél fè poul réalizé plan sa a, tout moun wè ké sé yon nonm kap travay, mwen mandé bonDyé poul pa kité siklòn krazé jaden e poul bloké gouvernman Américain an poul pa voyé siklòn ak lòt mové tan krazé yo kounyé zyé nou ouvè nap priyé bonDyé e véyé yo.

Sa fè sans pou mwen, lidè pap travay yo bézwen Prézidan?

Sa pa fè sans, dépi en 1804 la douane ap maché a lanvè ou tèt anba, nèg fè gagòt ak E.D.H.

Sa pran moun ki kon manyen gro lajan e ki pap fè tenten pou dirijé richès péyi d'Haiti.

Sé pa yon késyon de kaché U.S- Canada-La France étc. Fè postitisyon nan gran péyi san éxpérience politik e rentré en Haiti al péyé anba tap pou kandida, fè vakabon ak vakabòne boulé machine, magazen ak kaochou pou nou pou pla Prézidan.

Sé sak fè gouvernman Américain an maltrété nou kon sa a. Nou pa vlé ti sistèm mésken sa yo ankò.

Si Jézi ta désan Haiti kounyé a, si poul ta mandé pou tout kandi sa yo dépozé rézimé yo (résumé), pou yo ka inskri pou kandida républik d'Haiti plis ké 150 kandida sa a ta rédui a 2 ou 3 kandida paské tout sa sistèm nan mandé a sé anba tab yo acheté papyé sa yo.

Aprè sak fin pasé an Haiti a de 1804-2010 la zyém vin pi ouvè kounyé a. An nou pansé mézanmi !

Gadé nan ki éta Prézidan Martélly té al rapé yon pouvwa nan men Réné Préval ak 134 kandida politik, sa té fè wont au nom de Jésus nou pa vlé yo ankò, sa démontrém gouvernman Américain pa renmen nou ké sé sang nou ké yal sousé an Haiti.

Sé sak fè lèm tandé yon salòp ap vin gonflé kou li nan radio an Haiti ap gonflé kou yo tankou kodène e pou yap di ké yo sé intéléktyèl e yo fè étude yo en France whatever pou yo kité tout malpròpté sa yo fèt nan zyé yo mwen santi sé ak sabò mwen ta pran yo, sé tonbo blanchi yo yé.

Nou trò dézòd fixé nou, gen yon pakèt moun an Haiti ki mété rad blan yo sou yo e yo rélé tèt yo doktè yap opéré moun, yap fè fanm fè dilatation e yo pa menm kon li ak ékri kòrèkteman li pa fè sans.

Moun nan ap fè jéran lakou kay yon moun ki mét ansèy doktè an Haiti, jéran lakou sa a sé jis sa sèlman li té konnen, li tonbé nan masisi ou madivine ak patron an o o saw tandé a li doktè menm jou a rad blan li sou li lap opéré moun janl pasél pasé (JPP), moun ap mouri, zòt ap di sé lougarou kap manjé yo, mét lòd nan lavi nou. Kounyé Moise Jean Charles pèmèt li pou lap vin fè vyé akizasyon, kotél té yé?

Jean Bertrand Aristide ki di kél sé intellectuel ké li palé 7 langues sa sa itil nou en tèm yon Prézidan.

Mwen réspékté opinion Maryse Narcisse la, mwen déjà wè tout bagay daprè tout recherche mwen sou Haitien ké sé mésyé yo ki pi dézòd nan kondisyon sa yo, puiské sé konsa yap aji nou paka al pran chans ak fanm sou chèze bouré sa a ankò nèg magouyè sa yo a détounen yo paské bib la di ké fanm pa dwé lidè sou zafè sa yo.

Prézidan Martélly prèské gen 5 ans sou chèze bouré, li konsantré li poul bay moun édikasyon, li bay auto bus gratis, lap fè bon bagay rézonab nan péyi d'Haiti, sa kouvri tout magouy li té fè poul té ka Prézidan an Haiti yo. Pou évité jan de vyé dézòd sa yo pou yo pa janm fèt nan péyi d'Haiti ankò, nou té chwazi li fò nou dwé kenbé li pou pi piti 15 ans, sa a ba nou yon idée yon prochèn fwa poun pa pran nan maskarade sa yo ankò ni nan men Américain e ni nan men gouvernman Haitien yo ki tap toléré yo a. Pran Jézi mét lòd nan lavi nou.

Related Article:

Haiti - LAVALAS di Maryse Narcisse di ap genyen Election Presidentiel la a 79 pousan

Haiti - Yonn nan dirijan LAVALAS yo di nan Radio Haiti ke Maryse Narcisse di ap genyen election presidentiel la a 79 pwen 2 a 3 pousan... Ki vle di...

REPLY to this message

Return to Message List