Tandé map di nou yon bagay! Moun pa menm bezwen pèdi...

Patrick Princivil - February 6 2015, 3:47 PM

Tandé map di nou yon bagay!

Moun pa menm bezwen pèdi tan yo pou yap palé kaka kont Prézidan Martélly, afè pou moun ap vin di ké Prézidan Martélly ap fè konplo pou chanjé sési, Prézidan Martélly ap fè konplo pou chanjé sélaba kenbé sa nan poche nou.

Mwen déjà fin wè tout bagay, Prézidan Martélly plen défo sé vré, puiskél gen volonté poul fè anpil bon bagay séryé pou péyi d'Haïti, puiskél pa moun kap ni kouri ak kès léta, puiskél pa moun kap sousé sang pèp la, pran lajan voyé séré anba tab nan lot péyi lot bo dlo e kité Haiti nan fatra ak tout sot de malpropté, alo li té di nan gouvènman lakay Miami kél sé yon modèl nan gouvènman Haitien an e sé sal yé vré mwen pa wè poukisa poum ta jaloux, li fè yon diférans vré koman poum pata renmen nonm nan. Mwen di bonDyé mèsi pou kanpé lwen sa a li bay ex-ministre Lamothe nou poko bezwenl vin Prézidan pou kounyé a, si papa bonDyé nan syèl la pa gentan voyé yon bon krétyen al ranplasé Prezidan Martélly Lamothe sipozé parèt tèt li nan éléksyon aprè Martélly fin fè 3 manda ké yo vlél ké yo pa vlél lè sa a Lamothe mèt vin parèt tèt li nan éléksyon sil té démisyoné pou yon bonne rézon.

Rézon ki fè sé konsa mwen prézanté sa devan bonDyé papa nou ki nan syèl la sé paské mwen wè au Canada sé konsa tout Premyé Ministre yo fè li e li maché vré, pagen afè Prémyé Minis fin fè 5 ans aprè li pran yon poze pou 5 ans, aprè 5 ans li tounen vin kandida anko, nou pa nan vyé détay sa yo, Prézidan an pa parésé lap travay e nou aprésyé bon travay lap fè yo nap fout votél chak 5 ans pou moun pa vin plenyen di sé diktatè men nan tèt nou Prézidan la pou pi piti 15 ans, aprè 15 ans na fout désidé nou poun kon sa na fè nou kon sa nou genyen men nou pa kon sa nou pwal pran.

Aux États-Unis sé menm kout baton an, malgré féblès Prézidan Obama prèské tout gro zotobré yo mété ak klas pov la pou yo pou votél pou yon long tèm, li fè sans pou mwen paské sistèm nan maché vré menm si yo gen problèm ak bonDyé papa nou ki nan syèl la ki té Kréyé Adan ak Êve la Ségnè a pa wè pi bon pasé yo nan gouvernman yo e li aksépté yo konsa ki moun poum ta yé poum pata akséptél janl yé a?

Opinion pa mwen!

Mwen sé Canadien citizen, mwen fout fyèr kém sam yé a, avèk paspo Canadienm nan mwen ka fout alé nan péyim vlé san palé anpil nan imigrasyon yo, men péyi orijin mwen sé Haïti em fyèr kém sé Haitien, mwen té fèt nan rue Pierre Silly- Pétion-Ville-Haiti;

Sé lam té fè ti zozo, sé la pwèl mwen té komansé pousé e sé lam té fè tout afèm, pa di ké vant mwen chajé ak diri ak po poul ak po koden map palé kaka.

Opinion pam!

Nou rémèt Prézidan Martélly charge poul chanjé e réfè sistèm gouvernman Haitien nan fason li wè kap pi konfortab pou li, pagen afè kél chazi yon moun épi pou avanl bay chans ak lot moun pou voté moun sa a ou pa voté moun sa a pou yon lot ti group malfrendeng ap plédé rédi avèk li pou ké yap di yo pa vlé moun sa a tankou sa nèg Moise Jean Charles yo té fè avan yo té rési chwazi Lamothe pou Premyé minis nan péyi d'Haiti.

Yon Prézidan pa dwé yon diktatè, Prézidan Martélly té nan trop tralala ak Moise Jean Charles, Prézidan chwazi yon nom, nom ap fè dézod fout li yon kout pyé sou plas ou métél déyo sé pousa bonDyé mété Prézidan yo; bagay la pat bon konsa mézanmi, Prézidan Martélly pran 4 ans poul té rési fini ak ban malfrendeng yo, li soufri anpil sé pou sa menm ké li gen dwa fè chanjeman li vlé.

Related Article:

New Haiti Government System: President, Vice President, Single Legislative Chamber, What do you think?

Haiti Senator Francois Annick Joseph speaks of a secret plot to change Haiti's system of government and turn it into a President / Vice-President...

REPLY to this message

Return to Message List