jeune et université

Felix - September 28 2014, 10:51 AM

Gen anpil moun ki panse depi u fini lekol u fin rive pou sa.
An Ayiti fini lekòl la se youn men jwenn moun k'ap panse pou u lè u fini an se 2.
Lè knsa u fini, w'ap leve kouche sèlman, lè u santi 'w nyè lè u kouche twòp ou oublije al chita nan mitan anpil jèn gason ki pa fè lòt bagay ki pale de fanm, bwè kleren, ranse, apre u lage...

u t ka fini u al fè yn jwob pwofesè MENFP kounya mande pou tout pwofesè gen papye, tèt chaje.

Bon sak pou sove 'w se ale nan UEH men gen tèlman moun k'ap prepare, e menm moun ki nan yon lòt faculté andan UEH la, ap enskri tou, ouwè u pa fouti bon sou moun sa yo, an plus sa ki gen marenn parenn ap mete yo e université prive se tèt chaje, yn ti bokit lajan, sak pi tris la, tout kou u jwenn toujou twò chè pou moun ki vle ede'w la.
Sak pi trip la, lè u t lekòl u pa t' janm konn double klas kounya u vin ap double klas lavi a, paske u ap fè 1,2,3...

chita epa rans, e u ap vin rabi. Gen yn lè menm 2Ã--7 ou pa p' konnen.

Haiti se yn peyi knsa li ye. Ou menm ki fini u jwenn moun panse pou u di DIEU mèsi.
MÈSI BON DIEU !!!
Bon sa ki pi fòkè a dè fwa elèv ki te pi kreten nan klas u a wi, u tande li nan science ceci, science cela, bon e nèg lè u g fini ki t'ap fè rheto, philo u menm u konn ap travay avèk yo a, yo fini al aprann, u ret son beton an.
Lè Bon Dieu vre ta vin leve 'w atè a, oubyen ou antre nan yn bgay u ap aprann oubyen yn bourse d'étude ki pa fasil du tout, kounya u tande yo vle manje 'w lol. Bon an touka bgay la se dandi li ye, rete Rèd, pa nan anyen négatif.

REPLY to this message

Return to Message List