LAVI PÈP AYISYEN August 21, 2011 at 4:06pm LAVI PÈP...

Ernst Registre - September 15 2014, 5:08 PM

LAVI PÈP AYISYEN
August 21, 2011 at 4:06pm
LAVI PÈP AYISYEN
Lavi pèp Ayisyen, li pa ka bèl,
Anverite, li pa ka dousè lajwa,
Lè yo konnen se sou san frè-l
Peyi Lafrans souse bon siwomyèl
Moùn ki fouye byen fouye Listwa
Wè lavi, an Ayiti, pa fouti bèl
Lè yo konnen ak chuichuichui,
Byasou, Edouvil, Rigo, Blanchè,
Revòlt yo-a pa t'ka wè klè
Lavi pèp Ayisyen te tou koule ak ma
Avèk Yayou, Kristòf epi Jefra
Ki fin pran Belè ak Kapwa
Manniganse rèd-chèch enpi touye Desalin
Lavi pèp Ayisyen pa fouti siwolin
Lè Listwa aprann kouman Yanki
Pa t'ezite touye k'oun rat
Oun Nèg vanyan tankou Peralt
Lavi pèp la lan di, yo klase-l kòm kokorat
Dèske pòv malere pa biwokrat
Poutan se swadizan boujwa gwo-vant
Ki lage peyi Ayiti sou move pant
Se jodi mas-pèp la ap pran degwo espant
Zwazo mechan vle toupizi-l ak pataswèl
Bèt la mande l kraze demokrasi-l
Pou li mete, ak gwo kout-bèk, oun lòt lan gou-l
Lavi pèp Ayisyen p'ap janm fasil
Sitou lè li derefize kondui-l an tyoul
Li fin konnen ak Tant Siya anyen p'ap koul
Sèvis la divize-w pou se li k'tou pran fil
Ernst Registre 2004
Like

Related Article:

Haiti - Maryse Narcisse calls plan to remove Aristide's security details an assassination attempt...

Maryse Narcisse, the general coordinator of Fanmi LAVALAS, is not very happy about the fact that USGPN officers assigned to the security detail of...

REPLY to this message

Direct replies to this message:

Oui la vi pep mwen an pap janm dous le se pouchist...

Return to Message List