Paul Dnis (INITE) sa a pa ta men-m gen dwa pou lap pal&#233...

Patrick Princivil - September 1 2014, 9:27 AM

Paul Dnis (INITE) sa a pa ta men-m gen dwa pou lap palé de zafè éléction en Haïti, sèlman si yo chanjé nom (INITE) a!

Mwen ta ren-men yo sonjé sa yo té fè nan éléction 2010 la pou yo té monté Jude Celestin Prézidan, mou-n sa yo pa dwé pou yo tap palé de éléction en Haïti, yo pat bay bon éxzanp.

Rété tèt frèt, nèg té couché en croix pou gouvernement lakay pat bay diaspora okin chans pou patisipé nan zafè éléction ak politik en Haïti lè jour a té rivé yo té freeze, sé men-m bagay la ki pral rivé, pa gen malfèktè ki ka blocké pòt sa ki byen, tout mou-n ap criyé pou koté ki fè yo mal, tout mou-n ap batay pou entérè pèsonèl yo, men fòk richès payi a byen séparé pou tout Haitien ka sousé yon zo.

Afè ti plédé rédi ti Sénatè yo ap fè la a sé labouyi pou chat.

Sé yon bagay ki trè klè, Haïti sé pa yon gato li yé pou chak 5 ans pou diferan group ap vi-n pran yon mòso pou you al chita plen fal yo, pòv maléré yo bézwen ède nou.

Pou réspè nou-men'm diaspora yo devan Américains, LaFrance, Canada e ak tout lòt payi rich yo, mwen ta ren-men pou nou fè yon diférans.

Zansèt nou yo té goumen pou yo té pran indépendans en Haïti, les Jamaïcain yo té wè sa tout pèp esclav Jamaïcain yo té éséyé fè men-m bagay la, gouvernement British la té pan-n yo yon aprè lòt pou jiska sé ké ésklav yo té abandoné batay la, jiska sé ké pou jis kounyé a sé men-m gouvernement British la kap kontinyé dominé Jamaïcain; èské sé bon Haitien pi bon pasé yo?

Mwen kwè ké non, poukisa nou pa antan-n nou pou nou ranjé payi d'Haiti?

Tout la jounen, tout nan nwuit nou sou do cheval la nou pap bal manjé, nou pap bal bwè, nap touyé-l anba baton, kouman pou-l fè ba nou bon sèvis?

Opinion mwen,

hing hang ki gen nan mitan mésyé politicien sa yo dwé sòti, Prézidan Martelly, Lamothe ak la police d'Haiti gen yon charge trè lou nan men yo, sé jis yon jòb di ké yap fè, sé nòmal pou mou-n ki tap fouré men pran yo pa vlé wè yo. Jézi ki Jézi gadé kijan énmi nou yo té maltrété-l e touyé-l

Ké Prézidan Martelly ak Lamothe e avek la police travay nan yon sèl kò pou bay bon jan sèvis nan payi d'Haiti, ké tout Prézidan ak Sénatè etc sòti nan gouvernement lakay.

Haïti pa bézwen kòk kalité ki pou ap batay yon ak lòt tou tan, ké tout malvéyan dwé pèsékité e jété nan prizon.

Ké gouvernement lakay vi-n trè puisan, ké gouvernement lakay tounen yon boul dòzè, ké gouvernement lakay tounen yon roulo konprésè, pa pou krazé brizé nan payi d'Haiti, men yon gouvernement ki vrèman ini.

Rézon ké map batay jis nan zo pou bon chanjeman fèt nan payi d'Haiti, mwe vlé tounen nan payi d'Haiti pou-m vi-n planté tè a, si-m déyò kounyé a sé paské lakay pa bon, men yon you la bon au nom de Jésus, men sak fè mwen ak Madan-m mwen ak twa timou-n yo nap tren-nen au Canada toujou?

Kisa yon mou-n bézwen an Haïti pou nou surviv sé yon frigidè, yon four a gaz, Wifi Internet, yon fou éléctrik, yon ti kay twa chan-m a couché ak yon salon, yon ti bout camion pou-n na'l ran-masé manjé nan jaden, dlo éléctricité, nou ta renmen acheté tè a pou nou pa bézwen ap kasé tèt nou pou-n jwen lajan pou-n péyé tè ak kay ké nou loué.

Nou bézwen asiré nou ké ti mou'n yo pa al chita nan vyé lékòl krazé an Haïti, lè tremblement de tè pasé pou ti mou-n pa viktim.

Nou pa gen moyen sa yo, sé pou sa nap drivé nan Canada, en Novembre ki pral rivé la a tè a pral freeze mou-n pap ka planté la tè sé pou sa mwen vlé tounen lakay, pa bliyé ké sé mou-n Pétion-Ville ké mwen yé, mwen pat jan-m kon-n planté nan vi-m.

Mwen gen vizion sa a sé dépi-m té rantré au Canada en 1990, mwen wè pakèt gen-n melon, papay, tomate, citron etc kap gaspiyé, lè map pasé nan yon séri de koté en Haïti machan yo ap jété gren sa yo tou, sé sak ban-m ambition pou'm planté.

S'il vous plaît bay payi d'Haiti yon chance.

Sé sérieux, si nou kon-nen sé manti, al Croiffè nan zòne Bélladè, mandé pou kay ti Nènè, alò sé konsa yo identifyé-l pi byen, men-m jan yo rélé-m ti papa nan rue Pierre Silly nan Pétion- ville paské yo di mwen té sanblé ak papa-m.

Alò lè nou rivé Croiffè mandé pou kay ti Nènè, épi mandé-l infòmasyon sou Patrick diaspora ki marié ak yon Jamaicaine e ki gen 3 pitit, lap ba nou tout vérité.

Anpil Haitien ki pa jan-m voyajé e kap fè foli pou payi étranjé yo fout gen plis richès ké anpil nan nou-min'm diaspora yo, pè tèt yo ka pa kon-n ki jan pou yo jéré byen yo.

Map viv au Canada pendan 24 ans nou poko ka acheté men-m yon ti bout kamion ki van-n men-m $30,000:00 Haitien, sé pou sa ki fè-m déyò toujou paské-m kon-nen sa mwen bézwen.

S'il vous plaît ban-n politisyen pouri, bay pays d'Haiti yon chans, nan ignorans nou sa fè Haïsyen kap viv en Haïti soufri, e nou fè anpil nan nou-men'm diaspora yo soufri tou.

Nèg kenbé tè yo byen di anba men yo san yo pa fè anyen ladan yo, men-m dimwatyé yo ta ban mwen yo pou-m planté nou ta séparé manjé yo, non! Sé goumen yap goumen pou pouvwa léta, nan kaka nou na wè grès nou.

Viv Prézidan Martelly-Lamothe avi

Related Article:

Haiti Elections - Paul Denis (INITE) thinks the International Community is playing games

When it comes to the Haiti Elections at the end of the year, Paul Denis of the INITE political party thinks the International Community is not very...

REPLY to this message

Return to Message List