Mézanmi nou wè sak ap pasé a! Candida yo gen...

Patrick Princivil - July 9 2014, 2:34 PM

Mézanmi nou wè sak ap pasé a!

Candida yo gen jiska le 12 Juillet/2014 la pou inscription fini, sa vlé di ké plis candida ap vini rivé 12 Juillet/2014.

En nou pozé tèt nou yon késyon?

Gardé ki jan Prézidan Martelly ak Lamothe kité bèl payi pròp nan diaspora a et yo sacrifice tan yo pou chanjé image payi d'Haiti, si tout 108 candida sa yo ta mét tèt ansan-m pou yo ta aidé Président Martelly ak Lamothe pou acheté boîte fatra ak bon jan camion fatra ak sachè fatra pou néttoyé Haïti correctement, fè arangeman ak mou-n ki gen biznis sou la rue yo pou peinturé Kay yo correctement, nou wè kòman figi Haïti tap chanjé?

An nou pansé! Si tout mou-n sa yo ta acheté bon jan marchine agriculture pou jis loué ak diaspora ak Haitien en Haïti ki gen moyen yo et ki vlé planté tè a en Haïti, débouché route jardin, mété bon jan sistèm pou jéré dlo pou nou rouzé tè a pou-n fè manjé, la a Croiffè pou moment sa a yo pa men- m bézwen nan rouzé jardin kòmansé nan mois de mars jiska Octobre, sa yo fè dèyè a de mois mars jiska Octobre sé pistache ak maïs, bèl mango ak zaboka ap pèdi nan fatra paské pa gen route pou mou-n pasé avèk yo al nan ville.

Mwen pa kwè nou-men-m pèp Haitien ta inbésil nan yon pwen, yo dwé kon-n ki yès pou yo voté.

Pèp Haitien nan grangou, yo paka manjé yo pral marché kolé papier pou tou candida vòlè, malonèt etc. sa yo pou yo ka manjé, men si nou ta mandé yon portion nan mou-n sa yo èské yo vrèman pra-l kolé papié pou candida sa a anpil ladan ap répon-n ké sé lajan yo ké yap fè yo kon-n pou ki yès pou yo voté, gen yon lòt portion kap di ké candida fou sa yo gen lajan pou gaspiyé yap manjé

Si pèp Haitien an nan grangou sé pa fòt Prézidan Martelly ak Lomothe, travay yo lourd anpil men yo pa cochon mwen wè sa, dépi sou bèl prézantation yo fè a fè anpil sans pou mwen et pi yo pasé nan gran payi tou yo wè kòman bagay yo ap fèt. Imajiné nou aprè lè Jean Claude Duvalier té fi-n tombé sé té yon Prézidan tankou Michel Martelly ki té sot nan gran payi étranjé et ki ta mété ak Lamothe pou kontinyé dévlopé Haïti sou tout bèl bagay Prézidan Jean Claude Duvalier ak François Duvalier té kité nan payi d'Haiti a, imajiné nou kòman payi dHaiti tap bèl jodi a?

Mèm-si payi d'Haiti té pran yon tremblement de terre ak anpil siclòne payi d'Haiti tap toujou fè anpil éfò pou-l vi-n pi bèl kòm Sen Domeng pran yo tou payi yo rét bèl.

Pèp Haitien pa découragé, kité candida sa yo al gaspiyé lajan yo nan kolé papié fè tintin sou place public, sa gen pou-l fini yon jour, nan tan pa nou an nou pat nan vyé frustasyon misérable sa yo, dépi nou pat nan politik nou té kon-n marché lè nou té vlé et manjé té kon-n produi tout koté malgré pa gen route, nou kon-nen avek tonton makoute sovaj yo vòlè pa tap pran chance pou al vòlè nan jardin mou-n. Men aprè 22 Mai nan fèt makoute pi fò Habitant kité province pou al fè méchansté nan port au prince, men yo payé sa tou.

Pèp Haitien pa découragé zyé Bondyé panché sou Haïti kounyé a, an nou pran patience avek li, li vlé béni Haïti kounyé a men-m jan li fè pou pèp Izraèl la. Pa gen coco- rate candida ki ka vi-n tren-nen Haïti nan plis la boue kounyé a, sé sèlman tout candida ki gen bòn volonté yo kap réusi nan lute sa a kounyé a, zyé nou vi-n ouvè kounyé a.

Nou konen sé diaspora ak bank mondiale kap souteni Haïti, si nou tout ta fè grèv nou rétiré kò nou nan afè Haïti gouvernement Haitien an tap mét 2 mains nan tèt yo et yo rélé anmwé.

Diaspora yo! An nou sispan égoïste nou wè Prézidan Martelly ak Lamothe ka fè travay la mwen kwè ké yo paka vi-n vòlè paské bank mondiale ap kontrolé lajan yo byen séré, men sé nou ki pou dwé kon-n sa nou vlé mou-n sa yo pa ka nan aidé nou jéré fatra ak la mizè, an nou mét tèt ansan-m pou-n aidé Prézidan Martelly bat candida vòlè, marchan cocaïne, masonlòge, demon etc. sa yo nan éléction sa ki gen pou-l fèt la a.

Malgré tout vyé bagay salòp Prézidan Obama ap dévlopé aux États-Unis Américains yo bal-l moyen pou-l fè 2 mandats sou pouvoir et li riské pwal fè yon 3ème manda aux États Unis, mwen encouragé nou, supòté Prézidan Martelly ak Lamothe pou bat candida vaut rien sa yo nan éléction, pou kounyé a mwen pa wè pasé yo, mwen kwè tou sé pa mou-n ki pwal nan fè tintin pou lajan, péyé Sénatè pou ranpli boîte vòte pou yo, sé mou-n sa yo nou bézwen pou dévlopé payi d'Haiti, si Prézidan Martelly pa fè éléction an nèg tap di sé diktatè, fò éléction fèt chak 4 ans nan payi d'Haiti men nou kon-n pou ki yès pou nou dwé voté, yo déjà gen experience kòman yo ka fè payi a marché, nou paka nan chita ap fè tout vyé candida vi-n pratiké Prézidan plen pòche pou yalé, mwen kwè sa, Prézidan nou gen la a ap travay honètman.

An nou pa kité Prézidan Martelly alé, s'il alé nou kaka, diaspora mèt bliyé afè tounen lakay.

Mwen rentré Haïti souven, mwen wè travay kap fèt, sé pa ti bagay coco-rate kòman pou-n fè kité yon ban-n candida ki pa jan-m men-m al saint Domeng et ki pa canpé sou anyin vi-n kaka nan payi d'Haiti pou détrui travay Prézidan Martelly ak Lamothe fi-n fè yo.

Diaspora yo an nou maré tèt nou séré pou-n voyé Prézidan Martelly ak Lamothe monté nan éléction an.

Mwen tou pofité avèti nou, si nou kité occasion sa a pasé nap kaka wi, sé éléction an map tan fini, nou pa pwal résévwa mésaj mwen fasil konsa non, mwen kanpé la a pou-m souteni Prézidan Martelly ak Lamothe pou rénouvlé manda yo kap yon gran aveni pou nou men-m diaspora yo ak tout Haïti. Sé yon chauffè camion ak trailè yo ké mwen yé et mwen renmen ni paské travay camion an ka ban-m pa pi piti ké $4,200.00 Canadien pa mois, raison ki fè mwen la kounyé a sé paské nou gen 2 pitit gason ki gen 4 ak 5 mois dépi yo kité yon lékòl Anglais ké yo té yé et nou mété yo nan lékòl Français ki yon Avantage pou yo au Canada et lè yo rentré en Haïti et yo men-m alé a Ottawa-Monréal- Canada etc pou yo ca cominiqué avèk fan-mi nou etc nan 4 langue:kréol, Français, Anglais, Espagnol koté nou gen payi voizin nou ki parlé Espagnol tou avek Anglais Jamaïcain an kòm Madan-m mwen sé Jamaicaine.

Mwen ap travay trè fò pou-m aidé yo pou yo ka li et ékri Français a pou yo pa gen problèm nan dévoir yo, aprè sa lè-m gayé nan ragé Canada ak États-Unis ak Mexique avek yon camion nan men-m mwen pa pwal gen tròp tan dévan-m pou-m nan bay opinion-m sou rézo yo non, pa fè érè sa a sé voté Prézidan Martelly ak Lamothe, si nou voté pou yon lòt candida fò nou asiré nou ké candida sa a pi avansé ké Prézidan Martelly ak Lamothe.

Yon compétion ki pa dwé gen division yon conpétision tèt ensemble ki pap geyin critiké lòt sou radio, Internet ak télévision sou journal etc. en nou fè yon sèl kò diaspora pou na'l fè yon sèl kò ak pèp Haitien ki pa vòlè en Haïti yo pou na'l crée travay, mwen-m sé yon diaspora ki gen 24 ans au Canada, men-m pa-p gen okin-n complèx pou-m ta pran kontra ran-masé fatra, jété fatra en Haïti pou gouvernement Haitien an dépi ya-p prè pou payé-m pou pi piti: $4,200.00 Canadien par mois. Kèlké swa sa-l yé a.

Tout sa nou kon-nen yon travay diaspora ka méprizé et yo pa vlé fè en Haïti, ban-m fè-l dépi sé pa yon péché kont Bondyé et kont l'humanité.

A sa gouvernement Haitien tap payé-m nan anpil fan-mi ak voizin kap viv an Haïti tap bénéfisyél.

Related Article:

Haiti Elections - 108 Partis Politique inscrit pou Patisipe nan Election 26 Octobre 2014 la

Mezanmi... Men Nouvèl... Voici la Liste des 108 Partis, Groupements et Regroupements des partis politiques inscrits au Conseil électoral...

REPLY to this message

Return to Message List