Haitiens, si nou koute politisyen k-ap preche vyolans, preche kou deta, n'ap tonbe nan menm bagay 2004 la

Marckau - November 18 2013, 5:24 PM

Ayisyen fòk nou entèlijan nan 21eme syèk sa, paske si nou koute politisyen ki vin ap preche vyolans, preche kou deta, n'ap tonbe nan menm bagay 2004 la, epi n'ap gade nou wè peyi a vin pi mal.

Bagay sa yo pa ede peyi avanse, okontrè se fini yo fini avèk peyi.

nou gen yon plè tranbleman de tè ki poko menm finn geri, nou gen plè siklòn nan dèyè nou. pito nou goumen pou stabilite nan peyi a pou envestisè al envesti nan peyi a pou redui chomaj avèk povrete nan peyi a.

paske se sèl travay ki ka fè yon peyi avanse epi ki ka bay moun pouvwa akizisyon pou ka akeri byen avèk sèvis.

panse avèk tèt nou, desten nou nan men nou, etudyan sispann pran lajan nan men moun pou nou manifeste e kreye enstabilite, lè nou rive vin yon profesyonèl kijan nou pral fè travay si peyi enstab?

envestisè pa envesti nan peyi ki pa stab politikman e ekonomikman.

etudyan, univèsitè se lumyè yon peyi, se son group moun ki la pou panse sou avni yon peyi.

panse pou demen pa panse pou jodi a sèlman.

Related Article:

President Martelly invite population an Soti VERTIERES pou ale OKAP Ap pye...

Prezidan Martelly fek sot bay diskou li Vertierres pou komemore 18 novanm 2013 batay Vertieres... Li mande population an pou akonpaye-l rantre...

REPLY to this message

Return to Message List