Inogirasyon yon kouran nan Tidedi n.

Georges Jean-baptiste - April 5 2012, 1:16 PM

Nan non pam ak pep Tidedi n nan prezidan mwen bese byen ba pou m salye w.Pep Tidedi n banm angajman pou m fe w gwo kokenn chenn envitasyon sa a pou li kap fet nan lakou Petit Dedi n ki chita pli espesyalman nan do Leste ki nan Latibonit kap inogire yon kouran ki fet pa diaspora a kise pitit Tidedi n kap viv deyo peyi a ki we bagay yo yon lot jan fok yon chanjman fet nan zo n sa a.Son ekselans ou menm ak tout manm nan gouvenman w nan nou pran angajman n pou n voye kokenn chenn envitasyon sa a pou nou e nou kwe prezans nou pap manke jou sa a kise 25 Daout 2012 la nan lakou Tidedi n nap ret tann prezans ou ak tout manm nan gouvenman w nan.Elot ti bagay nap mande w ka fe l pou nou nan jou kap vini voye CNE yo pou fe yon ti ameliorasyon nan wout tidedi n ki soti Leste pou rive jous pliba Osous kise denye limit zon sa a e kise limit peyi dayiti mesi.

REPLY to this message

Return to Message List