Keksyon map poze se pouki sa tout Diaspora panse fok yo vinn...

Monel - March 19 2012, 9:57 PM

Keksyon map poze se pouki sa tout Diaspora panse fok yo vinn pwezidan pou yo fe yon bagay pou ayiti?.

Fok diaspora panse tout avantaj gen enkonvenyan li tou.ou paka renmen kawot la, an menm tan pou renmen baton-an tou.
Nan vi-a chak moun gen yon chwa, men ou ta dwe reflechi a chak fwa ou vle fe yon chwa.
Konstitisyon ameriken-an bay tout diaspora yon limit, mwen pa janm tande nou mande pou yo modifye'l.li di;depi yon moun pa fet sou te-a, moun sa-a pa ka pwezidan usa.
Dan pouri toujou gen fos sou bannann mi. pouki sa-a se konstitisyon 1987 la nap mande pou yo modifye,
Se vwe nou voye chak ane des miliya de dola pou fanmi nou peye lekol, fem kay, pou achte manje, ou byen pou mete etaj sou yon kay nou te kite se tre byen nou pa kite fanmi nou tonbe sou la graba.

men fok nou panse dabo oganize nou, pou nou ede peyi-a tou, nan bati kek lopital, lekol,kek otel 200 chanm bqagay sa yo ta dwe pote non Diaspora, men'm pa we sa non.
nou pito ap plenyen, ke yap bare nou, nan ki sa-a?fok nou fe jefo ak tet nou tou, oganize nou.nan kreye bon jan asosyasyon regyonal pou komanse ede zon bo lakay nou, olye nou chita ak akize yon konstitisyon depi'l fet yo pa janm mete'l an aplikasyon.

Si nou pwan egzamp SINEUS, si vwe man li te renmen ayiti, etan milti milyone, li pa te bezwen fok se prezidan selman pou'l ye pou ede ayiti, sa nou we depi li te an kontadiksyon ak konstitisyon-an, nou janm tande li pale de ayiti.

Mwen konnen nou diaspora paka prezzidan usa, men nou si telman ap pleyen, nou divize patou kote nou ye.tout lot nasyon plen CITY COUNCIL, MAJISTRA,Depite ak senate etan ke diaspora lot peyi.nou menm ayisyen nou pa janm anyen nan sistem nan.
Nou fe gro etud se vwe, nou travay di nan fe 2-3 djob pou nou ede tet nou ak fanmi ak zanmi.men sa yo pa ase, nou dwe fe plis jefo anko. se pa sel vinn pwezidan dayiti ki ka fe nou ede ayiti.

Nan konstitisyon amande-a, yo fe yon premye pa pou diaspora-a.le yo pemet li pou premye fwa li ka vote nan eleksyon.menm jan nou ka vote nan eleksyon ameriken yo.
se pou oganize nou, gonfle ponyet nou, pou nou voye yon moun nou fe konfyans nan diaspora, vinn represante nou nan eleksyon yo.mwen tou mwen nan diaspora, mwen panse jwenn yon moun pa osi fasil, paske nou pa oganize, yon pa fe lot konfyans.

Mezanmi ban nou pran konsyans se pa konstitisyon 1987 la ki bare diaspora, se diaspora ki bare tet li nan pa mete okenn estrikti janmb kanpe pou nou ta represante yon fos, pou yo ta tande vwa nou.
VOYE LAJAN AN AYITI BAY FANMI NOU SA PA YON FOS.li vinn pi afebli sosyete-a paske depi yon ayisyen gen yon moun nan diaspora li pa menm vle aprann lekol, paske sel panse yo, rete tann lajan chak mwa kouche domi, epi tann le tou rezidans pa yo rive.
MR AND MRS in the DIASPORA stop being a crying baby, komanse pa oganize nou pito, pa bay manman lwa peyi-a pote fado-a.

Response to:

KONSTITITION D' HAITI ESKLI double...

Subject:

Introduction of the Haitian Constitution of 1987.

Here is the introduction of the Haitian Constitution of 1987 Ensure Haitians of their absolute rights to life, liberty...

REPLY to this message

Direct replies to this message:

M'pa kwe 3-4 millions Diaspora bezoin prezidan Nou ka...

Return to Message List