pouki sa nou tande lapwes an haiti.tande sa pale nasyonal di selman.

Monel - February 19 2012, 2:56 PM

Se yon abaerasyon le map tande reaksyon tout moun sou sa ki ta pase devan fakilte Etnoloji-a.
Mwen santi yon paket emosyon nan reyaksyon, depi pale nasyonal fe paret kominike ke yon gwoup etidyan agrese kotej pwezidan-an.
Apwe kominike sa-a fin'n soti tout moun tonbe akise lapwes, swadizan ke se lapwes ki foge deblozay Michel Martely fe, an tet yon gwoup zenglendo dechouke swadizan yon bann kanaval, ki te gen mwens yon santenn moun.
Kisa ki te pase?

Martely soti a pye depi MANCHIZ nan tet yon bann RARA ki pat gen menm san moun. a 3 ze nan apwe midi yo rive sou channmas bo fakilte etnoloji-a, kote te yon kolok entenasyonal sou tem"ki wol etnoloji nan yon sistem modenn".

Nan kolok sa-a te gen patisipasyon etidyan ak pwofese ayisyen ak moun ki soti nan entenasyonal-la tankou:beljik, frans,Etazini, ak kek peyi sou kontinan afriken-an.
Martely ki pat gen envitasyon nan kolok sa-a, te vle rantre an dedan fakilte etnoloji-a pou li patisipe.

etidyan yo te femen barye-a, pwezidan pat rive rantre, apwe sa-a moun ki te avek martely yo te tonbe voye woch sou fakilte-a, kraze tout vit machinn patisipan etranje yo ki te pake nan lakou fakilte-a.
Etidyan yo ki pat rete gade agrese'r zenglendo yo ap finn kraze yo ak woch, yo te replike.

Sekirite ki te ak martely yo tonbe tire ak voye anpil gaz lakimojenn an dedan fakilte-a.Etidyan ak patisipan etranje yo ki pat vle mouri ak gaz, tap chache chape poul yo soti nan fakilte-a.
Pandan yap kouri soti, gwoup zenglendo dechouke ki te avek Martely yo, swadizan yon bann kanaval, moun sa yo te tonbe dechepiye etidyan ak patisipan etranje yo ki tap kouri soti, yo te pran LAPTOP ki te nan men yo ak valiz ak bous yo.
Anben WASHINGTON POST di Martely an fas etidyan nan editoryal li, epi se pwes ayisyen yo ki pa gen bon do.
Sa se yon wont pou Ayiti, pandan yon paket etranje ap patisipe nan yon kolok, epi yon bann zenglendo agrese, piye ak vole LAPTOP yo, epi ya mache di "HAITI OPEN FOR BUSSINESS"
Se pou tande sa pale nasyonal rapote, pa tande sa lapwes ayisyen di.se sa ki fe Martely pa gen okenn respe pou jounalis, li joure manmanyo, li twuipe yo, se paske li ta renmen yo di-l selman sa ki bon pou li.mwen pa kwe metye jounalis la fet konsa.epi yon paket moun ale nan menm lojik ave-l.

Related Article:

Haiti - Rocks Thrown at President Martelly From the Faculty of Ethnology

Yesterday afternoon, news spread in Haiti that President Martelly survived another attempt. Rocks were thrown at the president and his entourage as...

REPLY to this message

Return to Message List