Jeanine Joseph, mwen felisite'w pou kominike mal pou won't...

Monel - February 18 2012, 2:08 AM

Jeanine Joseph, mwen felisite'w pou kominike mal pou won't sa-a, ki fe won't sevi kole pou kache tout deblozay paranoy ke pwezidan martely ap komet denye tan sa yo pou vire atansyon sou pil gwo ak paket Kris kap sakaje peyi-a, tankou keksyon nasyonalite pwezidan-an.
Nou pap bwe kominike" crackhead " sa-a, ki ta vle fe nou kwe yo ta agrese kotej prezidan-an sou channmas bo kote fakilte etnoloji-a.SE MANTI.

Ki sa ki Gen nan bagay sa-a.
Te geyen yon kolok entnasyonal ki tap dire 3 jou nan fakilte etnoloji-a, sou tem " ki wol etnoloji-a nan sistem moden nan".te genyen patisipan ki Soto:Beljik, Canada,France, USA,ak kek peyi sou kontinan afriken-an.
Ebyen Pwezidan paranoy la, Michel martely Soti depi nan Manchiz a pye a la tet yon gwoup kidnape zenglendo ki pat plis yon santenn moun, swadizan di yon bann kanaval, men se te yon bann "kanibal" ki swaf bwe san.
Le yo te rive sou channmas a 3 ze nan apwe midi, pwezidan kanibal la ki pat envite nan kolok la te vle rantre andedan fakilte-a pou'l ta'l patisipe nan kolok la, etidyan nan fakilte etnoloji yo pat asepte pwezidan rantre.

se menm le sa-a, gwoup bann madigra kidnape zenglendo yo tonbe voye woch andedan fakilte-a, ak kraze pi fo vit machine patisipan etranje yo ki te nan lakou fakilte-a.sa ki pi Sal la, pandan asasen sekirite drug dile yo ap tire gaz lakimojen andedan fakilte-a, etidyan ak patisipan ki paka reziste anba gaz, ap chache chape poul yo, pandan yap soti gwoup zenglendo ki te ak martely yo, tonbe dechepiye etidyan ak patisipan yo, tankou:
yo vole LAPTOP ak BOUS etidyan ak patisipan etranje yo ki tap soti nan fakilte-a pou gaz pat tiye yo.sa se yon won't Li ye pou peyi-a, kote ya di "HAITI OPEN FOR BUSINESS".

Subject:

Bureau de Communication de la Pr

Bureau de Communication de la Pr

REPLY to this message

Return to Message List