ann nou pwopoze kek bagay ke lide Ayisyen yo ta dwe mete anplas pou demare

Special Agent - May 11 2011, 2:58 PM

1- Oganizasyon ak planifikasyon chak etap aktivite ki pou mennen peyi nan devlopman tout bon vre.

Egzanp.

a- Kaptaj dlo, bati lak atifisyel ou koline, irigasyon, kanalizasyon, anmagazinaj dlo, distribisyon dlo, atrave tout teritwa peyi a pandan yon peryod 2 zan. Travay sa a dwe fet nan yon fason sanpran souf epi san koken.

Sa ta dwe yon plan nasyonal pou non selman pou repanse yon sistem agrikilti ki pral pemet pou remanbre peyi a sou tout nivo, men tou, sa ta va kreye travay pou tout moun, piti, jen, vye.

b- Kreye pepinye tout kote pou fe levasyon plantil pou sevi alimantasyon aktivite rebwazman pou nou rive mete kanpe anpil fore ak zon pwoteksyon tout basen vesan ak tout sous dlo yo.Ki donk, olye pou nou na pe pou lapli pa tonbe pou fe inondasyon, aves yo ta ede nou avanse pi vit nan pwoje pou nou rebwaze ak pwoteje peyi a kont tout dezas natirel yo.

c- Fe levaj pwason atrave tout peyi a pou nou eksplwate dlo lak yo ak tout lot kalte espes ki viv nan dlo pou alimante popilasyon an epi sa ta pemet tout ke nou komesyalize pwodiksyon an atrave teknik petit ak mwayen endistri.

d- Delope epi eksplwate sistem eneji sole, mete moulen van nan tout tet mon yo pou nou rive eksplwate tout resous enejetik natirel sa yo.

Apre 2 premye lane sa yo nan travay konsantrasyon sou rebati peyi a natirelman, apresa nou ta komanse avek yon sistem agrikol pwodiktif ak rantab pou tout nasyon an.Tout rekol nou yo ta va sevi baz pou konsomasyon ti moun ak pwofese lekol yo, paran yo ak tout lot moun ki enplike nan travay edikasyon ak pwofesyonel moun k ap viv nan peyi a ak lot jenerasyon ki pral vini yi. Menmsi ke nou ta nan bezwen pou enpote kek lot pwodui, sa ta sevi kom konpleman selman.Peyi a ta dwe kapab soutni pwop tet li.Nou ta dwe cheche epi jwenn kontra pou pwodiksyon nou yo pou nou kapab kreye plis riches pou peyi a.

Konsa, nou ta dwe ankouraje devlopman agrikol la pou nou tabli sous revni pou vre sitwayen peyi a yo ki se peyizan yo.

Gouvenman yo ta dwe kreye epi fonde anpil lekol politeknik atrave tout peyi a. Teknisyen ki soti nan lekol sa yo ta devni mote devlopman peyi a.

Repati ONG yo dapre bezwenn ki defini pa gouvenman an, eli loko yo, popilasyon an.ONG yo pa ta dwe mele nan tout aktivite alafwa.

Ministe planifikasyon ta dwe yon bon enstriman pou oryante travay ONG yo nan peyi a.

ONG yo ta dwe sevi kom levye pou travay devlopman peyi a si e selman si gouvenman te gen kapasite pou administre tout opotinite ke yo ofri yo.

Delopman yon konsyans nasyonal pou devlopman ta dwe yo kredo atrave tout popilasyon an. Legliz yo ta dwe enplike nan travay sa a yon fason odone.

Akote sa, anvan yon gouvenman al prezante devan asanble nasyonal pou ratifikasyon premye minis ki pral jere peyi a atrave ministe yo, plan devlopman peyi a pou yon dire senkan ta dwe pibliye sout sit entenet, epi soumet bay palmante yo ak senate yo pou lekti, analiz, kritik ak konsiderasyon.

Sa pa ta dwe yo sipriz oubyen yon blof, menmjan sa tout fet pou tout gouvenman ki pase deja yo.chak 6 mwa, pep la, palmante yo ta dwe fe evalyasyon travay k ap fet yo, jouk tan yo montre a ki pousantaj gouvenman an reyisi oubyen echwe.

Konsa, se sou baz sa a ke popilasyon an ta oryante vot li le va gen lot elksyon.

Si yo blofe pep la tankou denye gouvenman blofe sa ki te di ke li genyen yon plan pou 25 kan epi apre 5 kan nou selman konstate ke se nan poch yo yo boure tout lajan 25 kan, ebyen, ta dwe genyen yon repons peyizan ki pa kon manje manje bliye pou tout moun ki te patisipe nan gouvenman kowonpi sa a pou nou ta rive trase yon bon egzanp pou montre lot gouvenman k ap vini yo, ke pa gen plas pou blof anko nan peyi a.

Byento, mwen va vini ak lot pwopozisyon sou koman yo bati yonb plan nasyonal devlopman pou peyi sou devlope tankou Ayiti pou nou.

REPLY to this message

Return to Message List