opinyon pam

Ddorvil Jonel - May 3 2011, 6:46 AM

Mwen swete ke w devni yon tre bon prezidan.

Yon prezidan k ap respekte konstitisyon Peyi a. Kap vini avek yon bon fos lame nan Peyi a. Pou nou ka rejwen n souverente nou kom pep sou late. Ki pap fe nou wont. Kap mete vole kap souse e kraze zo peyi nan koripsyon anba kod. Tanpri Prezidan Martelly, pa kite neg inite yo ki akapre Palman an ni nan chanm Depite a ni nan Chanm Sena a bloke w nan pwogre ke gen pou w fe pou Peyi a. Epi tou pa kite eritye sistem peze souse a ki nan Bod ou a fe w echwoue.

Mwen vote w paske m we nan ou yon nonm ki gen foug pou chanje sistem sa. Pa fe m wont. Mwen se yon fonksyone leta, mwen ta rennmen we sa chanje nan fonksyon piblik la kote afe moun pa va fini tout bon vre.

mesi paske wap li ak konpran n mwen. Bon chans Prezidan Martelly.

Pa bliye ke w se Prezidan tout Ayisyen.

Dorvil J.

REPLY to this message

Return to Message List