Mwen pa cre gen pati politic ki an majorite an Haiti.nou...

Sergo Jean - April 30 2011, 3:14 PM

mwen pa cre gen pati politic ki an majorite an Haiti.nou selman gen oportunis neg cap veye ki cote dlo a coule pi fre pou yo ka al fe cob.Le preval te vinn prezidan li te vinn sou banie OPL, ESPOIR et cote pati politic sa yo?kounie a li transforme an INITE.

se menm bagay la pou FNCD kite vinn ba wou OPL. Micky ou we ki elu prezidan chef baron pati sa ki se Repons peyizan te di yo rale ko yo deye Micky paske se group neg nan zafe humanite ki soutni Micky kom prezidan se pa branch politic la men kounie a Micky prezidan langaj yo pral chanje demen paske yap bezwen pos.menm FANMI LAVALAS te plen tret andan e se kounie a FANMI LAVALAS vinn yon vre pati politic ki gen mounn ki pral defann li avec liv blan pati a paske Aristide demaske tout neg sa yole li retounen apre 7 ane deyo. Group sa yo rele INITE a se yon group Neg ki te couvri avec lot banie politic ou bien melanj politic.Map di si Prezidan Micky vini avec plan reyelman pou devlope Haiti apre 1 an tout neg sa yo ou we nan palman pral mache deye prezidan paske lap ka controle yo nan panse, lajan, e ot Paske docun pami yo se yon pil parese ki pa conn travay sof blofe mounn pou fe cob.Gen ladan yo se pou viza yo la avec rezidance e se sac fe ou we counie a depi gen yon problem wap we USA di retire viza yo avec rezidance yo. Haiti vann depi le Aristide kite Haiti 7 ane pase sa nou we la yo just bezwen mounn ki acsyone ki pa pe mounn pou vinn nan tet peyi a pou ka fe pep la domi pou lot peyi yo ka regle zafe yo pandan ke yap lese pep konnen se pou yo yap travay, si se te zafe pep ki tap regle ou tap we gen yon biro an Haiti ki tap di tout ayisyen ki vle investi nan peyi yo men poucentaj yap jwen sou $ 500 chac mois kote tout ayisyen tap we yo doue investi nan prop peyi yo. bagay sa ki gen anba se zafe blanc avec yon tigroup neg.men sel bagay mwen cre gen yon lot Dessalines cap vini avec Toussaint.

li fet Venezuela, Bolivia,Equator, Cuba,mwen panse nan 20 ane anko Haiti pral pran place li tou pami peyi sa yo.

Related Article:

Why Did INITE Try So Hard To Win The Majority In The Haitian Senate?

Food For Thought - President Preval and his INITE party tried by all means to win both the presidency and control of the Haitian parliament... Why...

REPLY to this message

Return to Message List