Viv Ayiti, Aba moun Renmen Poch Yo

Thony S Jean-baptiste - April 21 2011, 9:25 PM

Mwen pata swete ou swiv tout lot neg yo ki pat fe anyen pou ayiti a, mwen ta swete ou se yon leson nouvel pou jenerasyon sa kap vini an, yon nouvel ayiti, yon nouvel prezidan, tou rev mwen, mwen ta renmen we ayiti cheri vin pi bel pase peyi vwazen, yo choute deye trop ayisyen nan sendomeng, se pou tout ayisyen tou konn lwa peyi a, pafwa pep la ap jete fatra nan lari a paske yo pa kann ki lwa ki di sa, men si yo konnen yo pap fel, yo konnen si yo fel, yap peye yon aman-n, yo dre montre nan tout lekol, televizyon, radyo, tout kote aprann ayisyen gen respe pou drapo yo, le yon drapo ap monte, yo dwe kanpe until drapo a fin-n monte, edikasyon an franse e an kreyol, ayisyen se yon pep dous, se bal edikasyon an franse e an kreyol poul konprann tout bagay, viv tout moun ki renmen BON DYE, viv tout ki renmen ayiti cheri a, aba tout moun ki pa we ayiti cheri, aba tou moun ki we poch you ak tout fanmi yo, bay pep la moralite tou, ayiti ap chanje nan NOM BON DYE PAPA-N KI NA SYEL LA.

REPLY to this message

Return to Message List