La m'ap we si Haiti pa gen chans toutbon!

Marie Lourdes Miracle - April 20 2011, 6:03 PM

Jer lajan peyi tetanplas.

Pa we pou mouri nan ja lajan epi pou pep ki eli ou yo ap viv nan fatra.

Politik fatra kraze sa net Montre devan tout lot Peyi sou late, Haiti se moun. Replase touris la menm jan sou Divalye kote tout bato t'ap antre vin pote lajan nan Peyi a. Refe figi peyi avek bel plant, bel plas, bel plaj kote tout haisyen ak lot etranje renmen.

Nou bouke rete nan peyi etranje pou nou pe di nou se Hayisyen.

Ti Hayisyen ki fet a letranje pa renme Peyi a ditou yo pito Sendomeng Sa sa vle di. KOTE 1804 la pase?

Refe patriyotism kay Elev yo. Mete yo an kontak avek lot Nasyon.

Fe yo pale de Haiti an byen. Revalorize anseyman.

Aristid te komanse voye anpil elev Lekol.

Mete tet ansanm avek li pou sa. Fe bel politik moun debyen.

Apre 8 an kite yon lot imaj de hayiti.

Ankouraje ti komes la.

Fe yo patisipe nan devlope zon kote yo ye. Fe konpetisyon kote tout katye gen Ajan devlopman k'ap panse ansam pou amelyoraasyon figi Haiti.

Ede tout moun ki pedi kay nan tranbleman rekonstui.

Kote President Aristid te jwenn siman a twa dola pou pep la, fe yo jwenn anko. Pa bati kay avek gwo blok, bati avek ti brik epi bwa. Tout jen.

tout granmoun fe yo tounen ajan devlopman.

Nou kapab si nou vle. Si ou rive laa Ou kapab.

Mete bon moun bo kote ou Veye yo. pa kite yo pran lajan peyi a. Fe boujwazi a tounen
pi gwo byen nan peyi a. Fe yo we sipo yo enpotan pou Peyi a, pou tout pov epi pou gouvnman.

Se yo ki pou bay travay.

Youn odit chak trimes kote 3 moun nan gran sekte lavi a dwe patisipe.

Mete Pep la okouran de rezilta odit la. PEP LA SEL JIJ. Pa kite lezot fin vole epi se ou ki pral pote chay. PITO LAKWA ALE KAY PAPA OU PASKE LI AL LAKAY OU"
Itilize e mail pou fe jen yo o kouran pwoblem peyi a epi pou yo cheche solisyon avek ou. Pa dirije pou kont ou. Dirije avek tout sekte peyi a. SI OU ECCHW SE YO MENM KI ECHWE.

Pa fe yo we w'ap byen menen epi yo menm y'ap trennen.

Cheche manje tout kote pou pep ou epi fe tout moun plante.

Lakou lakay tout moun pou tounen jaden.

Lagrikilti pa bzafe neg mon selman.

Lontan tout lakou te gen banann, pye mango, pye kokoye.

Poukisa paka gen sa anke. Pandan lot peyi ap ede nou se pou nou prpapare demen nou. Nou pa ka tout tan soukont zot.
Rezime: Lekol, Tourism, Devlopman kominote, Agrikilti, ti komes men nan men avek boujwazi

REPLY to this message

Return to Message List