martelly: ki sa boot sistem nan ye?

Toulimen Legrand - March 12 2011, 5:24 PM

Boot system nan sinifi nan lang angle Bill Operating On Transfer ki vle di nan lang manman nou ak papa nou Fakti operasyon sou tranfe e nan lan franse a Facture D'operations via Transfert.

Yap vini konstwi tout sa ou bezwen nan peyi a e yap kreye yon fos kontrol ki pap pemet moun vole pou yo ka antre lajan yo an nan yon peryod dis lane e si tout bagay mache byen selon nivo profi ke yo konte fe a, yap remet ou li pou ou ka jere li apre. Le yo fe sa yo mande ou kreye yon plan soti ak yo avek sekte prive nan peyi pa ou a e ou menm an tan ke leta kom patne pou yo ka transfere aktivite yo ba ou. Se sistem sila ke Ameriken itilize avek plizye biznis tankou BP nan gof state Mexico e tout hotel nan peyi Etazini e estasyon gaz kap mache yo ak tout lot restoran tankou McDonald e latriye.

Mwen pa kwe nap derefize yon sistem konsa.

Nan peyi la dominikani Fernandel di si li pat adopte BOOT System nan lane 1996 Dominikani tap pi led pase Ayiti e se sak fe yo genyen touris kap vizite peyi yo a konsa.

Le ou gen yon boujwazi koronpi ki de refize kreye travay pou ede pitit pep la e retire yo nan welfare Diaspora a se yon system konsa ke pou ou mete sou plas pou fe ke biznis ka kreye andan peyi a. Martelly pre pou li fe chanjman sila e sak pa kontan an bake. Le ou pa vote Martelly se plis bak ke ou pral fe. Mwen ak li tout bon e ak tout kem si li pa chanje, men tou si li ta chanje map fout choute bouda li paske mwen pa atache ak peson e mwen kwe ke lap kenbe promes li yo.

Eske BOOT la kle kon dlo kok pou ou?

Di mwen sa ou panse de sistem sila a?

Eske ou panse lap ka pran an Ayiti tankou la dominikani avek Fernandel?

Pa ezite di sa ou panse, Micky se yon jenn gason ki gen anpil eneji e li pral fe bagay yo mache tout bon vre. Li se yon lide ki dinamik e pragmatik tou, mwen kwe tout bon ke bagay yo pral mache.

Sa ou panse?

Pale tande e deba ouve nan tout lang ke ou vle ke mwen reponn ou. An nou bay Micky chans li pou nou ka fe bagay yo mache.

REPLY to this message

Return to Message List

Comments

Patricia says...

Yes it will work,Because Mr Martelly already show what kind of people who is around him by the way he runs the campaign he already make history the... more »