RE: Haiti Election 2011

Radioespacefm Dadi - March 12 2011, 10:21 AM

Nap mande pou tout moun fe chwa kap bon pou peyi ya.Nou rive nan yon kalfou kote nou dwe deside...

deside mache avek menm ansyen panse yo, deside rete ak menm ansyon vizion yo...deside swiv menm group moun ki depi plis 20 lane pa ka jwenn rezilta malgre tout plan yo genyen.Yon peyi pa viv de plan...

yon plan tre enpotan se le rezilta soti ladan li.Apre 25 lane yon klas politik paka jwenn solisyon a problem peyi ya epi pou nou pata wont pou nap rele moun sa yo intelektyel.Mwen respekte konesans tout moun men pou ka Ayiti ya klas sila pa ekziste.Yon peyi genyen intelktyel pou moun toujou ap travay late ak manchet, ak wou...moun ap pouse bouwet nan tout peyi ya...yon kesyon moto taxi anvayi nou.Kote moun kap panse.?..

ou pa bezwen nan pouvwa aktyel la pou vini ak bel ide.Yon intelektyel trete gran sije kap ede pa selman sosyete lap viv la men tout mond lan.O venezuela genyen problem moto taxi ya, moun kap panse nan peyi fe gran meeting ansanm nan manye pou yo ka jwenn yon rezilta.

Yo mande pou otorite an plas la entedi kek jou nan semenn nan kote moto taxi pap ka pran lari. Ti pa ti pa, yap jwenn yon solisyon.

Mwen vle di ke li le li tan pou nou sispann ap tatone...

Mouvman sa ke Michel Martely vini avek li yan, se pa yon bagay semp li ye.Se kole pep la fe...

grand majorite ya ap soti 20 e yap mete li prezidan.

Mwen konnen anpil ap fache, men map fe yo konnen yo pa pran pouvwa san travay di.

Stiven Benoit bay yon ekzanp kle koman yo fe politik.

Li te genyen yon ide, li batay pou li, malgre li pa jwenn rezilta li tap cheche pou pep la. Li te kanpe tankou yon gason serye poul defann nou. Li jwenn repons la nan men nou.

Madam te ka jwen chans sa tou sil te konn travay pou nou.

Nap vote we pa we Michel J Martely...# 8 ...20 mas an mas....

Mwen renmen nou anpil

REPLY to this message

Return to Message List