Mwen te comanse carie militan politic an 1985 nan lycee...

Sergo Jean - March 11 2011, 8:59 AM

Mwen te comanse carie militan politic an 1985 nan lycee pinchinat de Jacmel, paske se la force nou te bezwen pou fe action an te chita.Men bagay yo fet pandan ke wap veye ki mounn ki avec ou e ki es ki cont ou, pou ka pat ale nan peyi san chapo avan le men mounn sa tou te pre pou fe sacrifice pandan ke li ka mouri ou petet pa conn li paske li pral fe face avec directe lecol la avec profese ki nan camp leta ki sou pouvoi.

mouvman sa yo te gen lide men se mounn ki pi actione a kap chef mouvman men nou pat gen pati politic.

Le neg ki di yo se lide politic yo we mouveman etudian lycee yo ap fe, yo vin tou costume avec col nan kou pou prezante yo, le yap pote ticob pou bawou ti gout dlo nan la ru e se consa yo vole mouveman nan men nou, Le yo te prezante met Gerard G.kom pi bon candida sou Dejoie pou vin prezidan d'Haiti le nou di pou CNG bay pouvoi chef mouveman sa yo te vin gen kec ti pos pou calme ou, epi pou ka we ou inpotan men li te depan nivo etude ou pou ta jwen yon pos ki ro, mwen pat janm konen si se konsa bagay yo te mache se nan denie minut yo di mwen map vin presidan biwo de biv nan election 29 Novemb la kite craze e menm peye yo pat peye mwen, juska prezan leta doue mwen kob sa.sou election kite pote Manigat o pouvoi, avan elecsyon sa fet se yon baton boua mwen te pran epi mal nan biwo bed jacmel pou di neg yo peye mwen cob sa foua sa si non map declanche roulo a sou yo kife mwen te touche cob mwen pandan ke mwen di yo mwen pa prale nan biwo de vot jou elecsyon an pou rezon pa mwen. An 1990 neg costum yo paret avec FNCD pou fe nou cre yo gen solution nan men yo, Le yo prezante Aristide kom candida pou prezidan pou fe neg Makout yo pran la fuit bocote pam mwen pat dako paske mwen te toujou cre nou tout se Ayisyen, bienke mwen te gen menas yap boule avec pe le brun mwen pat pe pou di sa mwen panse, men mwen choizi pou pa rantre nan camp FNCD a epi avan jou elecsyon an mwen declare a chef mwen nan BEC ki resposab rejis pou elesyon an, mwen demisione kom prezidan de biwo de BIV, fe vice prezidan biwo a vin prezidan e se depi le sa, mwen pran tichez ba mwen map gade tout neg kouman vi yo pase nan politic epi fason neg trete yo paske yo chef. condicip mwen ki ofri m job politic mwen di yo cote mwen ye a mwen bon paske mwen pa vle chanje travay, bien ke gen anpil promes kote ke map vin rich.mwen sou ri ba yo, paske pou mwen, bien ke nou te chita sou menm ban sa pa vle di ou connen mwen se caractem paske se mwen ki connen tet mwen.tout sa ou we ki tap fet Haiti nan zafe Elecsyon ou bien pouvoi tout se te blof se concluzuon pa mwen, paske sa nou tap batay pou li a;Aristide montre nou li le group ki supote li yo antre nan Universite l'etat pou craze system Educasyon nou an, se sa ki te fe mwen yon tijan pe Micky le li di kisa kite Educasyon avec diplom kisa mounn sa yo fe depi 30 ane nan peyi a.Men pou mwen li se Ayisyen tan kou tout lot yo.se sac fe mwen di Aristide gen doua pou tounen Haiti, Jean Claude e tout lot yo.Mwen trouve mwen nan 2 candida yo paske Mirlande e Micky devoile plan ke yo gen yen pou Haiti soti kote ke li ye la map canpe an tan ke Ayisyen pou supote yo e contunie renmen peyi mwen e si posib bay consey si yo vle nan plan developman yo genyen paske nou tout forme nan domene pa nou men pa pou detwi peyi o profi de lot nasyon, men se permet nou jwen intelijans pou ranforce peyi nou pou produi ase pou pep la e menm vann a lot peyi intelijans sa tou si yo vle. Paske nou se yon gran nasyon yo di ki pov e lot peyi kinbe sou presion pou pa avance paske nou gen yon lang ki pi facil pou apran e facil a comunikeb avec lot mounn ki se creyol epi tout manje nou yo se produi naturel ke yo ye san produi chimic ladan .map di ou se rezon sa ou we nou divize.Men nou te gen gro lide nan pase kite fe Histoi pou nou e kite l, kom Toussaint Louvertures ou we jodia se Ide l avec panse l cap travay a trave le mond nan ONU pou permet lot mounn lib e respe de doua humen .menm le yo pap di nou konnen sa premie pei noir sou tout la ter ki lib epi ki creye prop lang li pou liberte sa te ka reyel.

se sac fe mwen se yon supote de Wyclef Jean ki supote Micky e mwen supote Mirlande Manigat ki pa yon problem pou mwen e si demen yon bagay pase elecsyon gen pou fet Wyclef candida map di Mirlande mwen sorry foc mwen bay Wyclef vot mwen, paske se yon bagay comun nou gen ansanm se pa kessyon de cob, men se peyi avec Vizion jan nou we bagay yo. rezon mwen bawou Micky ka prezidan se paske nan mesaj li yo li montre cleman nan mesaj li lap divose avec le pase men lap bezwen yon ekip pou fe sa, men ki pa pral facil pou li, men mwen konnen tou lap canpe nan figu tout senate ou depute INITE yo, pep la te vote m si ou pa contan sam di la anbake epi lap gen yon mas popule deye li epi li ka di ninpot parol le sa ou pral gen plus problem epi wap oblije bezwen yon abit ki ka OEA.men li ka fe yon bon Prezidan e nap oblije acepte l paske li ap choi pep la, ki pral ba l prezidan ke li vle ya kise Wyclef

Response to:

Sergo;even that we both have a different opinion...

Related Article:

VIDEO - Haiti Presidential Debate - Martelly Vs. Manigat (9 Mar 2011)

Watch the FULL Debate - There was a live presidential debate in Haiti yesterday, March 9, between candidates Michel Martelly and Mirlande Manigat...

REPLY to this message

Direct replies to this message:

Sergo min denye nouvel la gason Haiti - Elections ...

Return to Message List