Neg lakay, nou tandew e nou kompren vale enpil koze ke ou voye...

Carmin Prioleau Boston - March 6 2011, 12:03 PM

Neg lakay, nou tandew e nou kompren vale enpil koze ke ou voye monte jodia.

Nou tout kon ke se edikasyon ki pi bon chemin.Nou tout ta rinmin pitit nou diplome.

Nou tout ta rinmim we ke edikasyon vin yon priorite nan peyia ak nan mentalite nou.
Se pa sa kap diskite laa. Sa kap di laa seon ti choy kle kon dlo kokoye

Se pa ley elecktyon nou vle politicien ap vin pale ke edikasyon se priorite, pase edikasyon sipoze priorite tout ten. Se pa ley elecktyon nou vle politicien ap vin babye de imoralite, pendan ke imoralite te la devan zie yo tre kle tout ten. Se pa leu elecktyon nou vle politicien ap vin esplike nou de droi femm pendan ke droi femm ak ti moun sipoze priorite tout tem.

Sergo, se pa yun kestyon de kieys ki pa pale ki lang avek tel moun non, min se yun kestyon de ki sa moun nan pral di kelke soi langaj li pral itilize poul palea ou kelke soi kiyes ki pral tradui pouli.

SE PA LANGANJ LA, NI SE PA JEN OU DIL, MIN SE SA WAP DIA KI GEN VALE. KE LI EN KREYOL KE LI EN ANGLE KE LI EN FRENCE OU CHINOI OU ARAB, DEPI SE YON PAROL KI PAGEN NANNAN KI VID LAP VENTE NAN VEN. MIN SI YON PAWOL KI BON BAGAY LADAN MIM YON YON MOUN KI SOUD KA TANDEL.

E bien se nan sens sa generatyon saa di ke yo fatige tende parol vid ak bel mot kreyol e france.

Yo vle pren chans yo ak moun ki te avek yo ki kompren langaj yo ki kompren soufrans yo ki kompren maleu yo.

Lot moun yo pa regle enyin mim ak edikasyon yoa. Min yo edike yon gen diplom yo pale france ak panyol kankou rat.
Sa edikasyon ye si ou pa aide yon lot avel. Yo pa aide peson.

Sa yon diplom ye si ou pa aide yon lot apren li poul gen diplom pali. Yo pa aide peson.

Sa lajen ye si wap gaspiye borici bolotbo epi ti moun pa mouri grangou.

Yo ba regle enyin pou peyia.

Ou ta rinmim mande sam regle pou yo mwen mim. Frera ou pa gen ten poum ta esplikew depi kile map batay pou timoun manje.

Frer Sergo, moun ki te nan troua avew gen plis chans poul aidew soti nan troua ke moun ki pajem tandew ap rele nan troua pendan ke li tap jete fatra ladenl

Nou we ke ou ka femin zieww pouw gade ak lespriw e nou apprecia sa nan diasporaa.

kimbe la frere Sergo.

En nou koninye bat tambua pou timoun ka we yon pil bel demin.

Ke yon gen yon diploma ke yon pagen yon diplome yo sipoze ka manje ak boue yon ti dlo.

Response to:

mwen cre si ou cont Education nan la vi ou,ou manke...

Related Article:

AUDIO: Michel Martelly Slams Mirlande Manigat In Cap Haitien

What has Mirlande Manigat done in her 30 years in Haitian politics? This is the question Michel Martelly is raising... Micky says in Cap-Haitien...

REPLY to this message

Return to Message List