Mwen pa cre Mirlande Manigat supote jan da bagay sa yo.chac...

Sergo Jean - March 3 2011, 10:09 PM

mwen pa cre Mirlande Manigat supote jan da bagay sa yo .chac mounn lib pou yo choizi good or evil. Mirlande te choizi pou rete sou ban l'ecol pou apran e eduke prop tet li.gen lot mounn ki te choizi pou desann pantalon yo pou fe cob.men mirlande te toujou gade tet li com yon fanm onet e viv avec yon sel mari.epi map di ou an politic ninpot mounn ka soutni yon candida pou vin prezidan, le yon mounn fe zac ou la justice doue pouswiv ou selon la loi.e si te gen Justice an Haiti map di ou gen neg ki pa tap ka candida jodia pou zac yo te fe nan pase.mwen panse wap compran sa mwen di la paske nou tout se ayisyen.mwen te pami mounn ki te fe 1986 posib paske mwen te fe pati group lycee pinchinat de Jacmel mwen te gen yon ti nom pep Jacmel la te ban mwen Rambo pou action mwen le Colonel kite vil Gonaives la te tranfere pou Ville Jacmel, te gen Henry Jacquet kite soti camp des leopard, colonel Achild ki te soti camp des lamantins carrefour mwen pat pe chef sa yo e mwen pa cre gen mounn cap fe mwen pe .mwen te pran conje nan zafe politic pou mwen pat janm pale nan zafe sa anko men le mwen we peyi a ap fe back mwen anvi mete costume militan politic la anko pou pitit mwen yo pa vin di kisa mwen te util nan peyi a bien ke lap gen tout prev efo ke mwen te fe pou Haiti te ka chanje, men lap connen tou mwen pat interese deye job leta.sel bagay map di ou soue pa mwen si Mirlande ta moute kom prezidan moun sa ou di ki rep jeunes sa yo si ou connen nom pretres sa yo se pou ale nan tribunal pandan ke wap acompanie victim sa yo pou yo ka jwen Justice, se moyen sa mwen te utilize an 1986 pou te dechouke Maitre Colson ki tap fe la pli e le bo temps andan lycee pinchinat Jacmel menm jan mwen te jwen soutien tout mounn yo nan ville la, mwen swete ou pral jwen supo pep la pou moun sa yo ki victim lan jwen justice.

paske temps blofe yo ap pran fin an Haiti.

la verite pral clere tout je e tout zorey pral tande la verite epi fos fenoi pral blayi cote ki gen fenoi.

lumie toujou pouse fenoi bien loin e mounn ki nan fenoi toujou we ecle lumie bien ke yap toujou renmen fenoi paske se la yo ka fe zac malonet.mwen panse mounn ou we ki di yon lot fe yon bagay ou ladan tou loske ou pa ka prouve sa.Si ou conen sa pou kisa ou pa rapote l bay la police, pou mwen ou se yon complice selon la loi. boite de nuit yo Haiti te fonde pa ki?Mirlande te toujou L'ecole ap apran zot te toujou nan banboch pa gen mounn cap vin pran Educasyon pou mete li deye pou bay banboche vin fe gagot.

Response to:

YES YOU RIGT,GOOD FRUIT DO NOT GIVE BAD FRUIT AND BAD...

Related Article:

AUDIO: Michel Martelly Slams Mirlande Manigat In Cap Haitien

What has Mirlande Manigat done in her 30 years in Haitian politics? This is the question Michel Martelly is raising... Micky says in Cap-Haitien...

REPLY to this message

Direct replies to this message:

Declaration de Lesly Manigat: Les Haitiens Sont Des...

Do you know she stole lesly from his first wife.Good...

Return to Message List