Mwen te pwomet ou avek konfyans ou tap ganye la majorite ak...

Ricardo Charles - February 24 2011, 10:20 AM

mwen te pwomet ou avek konfyans ou tap ganye la majorite ak diskou politik ou. ou dwe konstate sa, ou pa bezwen fe tet ou ilizyon si wap genyen eleksyon, fe yon analiz selman e we ki kote ou soti e ki kritik yo fe sou pou te boy kotew.

remake ke si elekte yo te aksepte move imaj yo baou-a ou pat tap rive la, analiz saa di moun ki konn bay poumwa yo deside metew prezidan pou chanje sistem lan paske yo we nan ou yon moun malgre enpefektyon ou ki kanpe deye sa li fin di. kounya ou bezwen ganye konfyans elekte yo nan politik general ou si tou nan egzijans Ayiti ye jounen jodia sou sa ki konsene rekonstriktyon, sante, koz moun ki nan tant yo, sekirite,enfrastrikti routye-elektrisite-agrikilti e edikatyon.

si pwogram ou an konvenk pep la enben 20 mas se pou ou. paske peyi-a bezwen tout moun kelkeswa mod de vi moun lan depi li kab fel mache li ka pran lidechip li. paske depi dezapwentman jean claude Duvalier 25 an pase anpil neg ki konnen akgwo lespri pran tet peyi-a ap diije yo pa remet anyen anpil neg ki te prezidan fe bel diskou nan natyon zini men nan reyalite payi-a yo pa remet anyen, se aktyon peyi-a bezwen se chanjman pou tout ayisyen viv jan moun dwe viv nab respe ak jwa, pou ayisyen jwenn respe li nan peyi etranje menn jan ak eropeen ak emeriken nan lot peyi

se te: cesec ricardo charles

REPLY to this message

Return to Message List