Ayiti pap peri

Ayiti Cheri - February 22 2011, 1:38 PM

Mwen salye tout Ayisyen kap soufri an Ayiti depi menm avan tranbleman te a. Yo sevi avek yon slogan pou fe kob sou nou pou di Ayiti se peyi pov. Manti Ayiti pa pov. Nou bel lame kap gaspiye.

Nou soley la kap gaspiye.

Nou fatra ki se yon gwo sous ki bloke majorite vil nan peyi a.Nou sekte touristik la ki neglije.Nou gen yon paket resoussouces humaines ki oblije ale itil lot Peyi akoz pa gen ankadreman pou yo nan peyi a.
Tout bagay sa yo posib, kesyon etik ak imoralite a ap dimye chak jou pi plis an Ayiti.Jenn yo pa gen okenn model.

Peyi nou loreya nan koripsyon.

Se tout negativite sa yo ki anpeche peyi avanse.

Nou bezwen desantralizasyon peyi Ayiti.

Nou bezwen yon edikasyon modern pou tout timoun ak jenn.
Nou bezwen universite ki gen menm sdanda entenasyonal
Nou bezwen gwo lopital lavil kou nan pwovens
Nou bezwen refom nan agrikilti nou an, nou gen anpil dlo kap gaspiye padan ke peyi yo ap veye lapli pou yo plante, sa pa di pesonn anyen.

Anpil fre ak se nou ap sibi vyolans ak rasism sou tout an Repulic Dominicaine.

Nou bezwen yon gouvenman moral, eklere,ki ka konbat koripsyon nan administrasyon leta a ak ONG yo.Epi dote peyi a yon enfrastrikti, dlo potab, elekricite, yon stabilite sekirite.Epi konsa to chomaj la ka fin pase 20 ou 25% olye 70% ou plis. Ann bay peyi a yon chans.Ann montre blan an nou kapab e nou ka pran reskonsabilite nou.
Ayiti te bel e Ayiti ka toujou bel. Ann pran konsyans, konsa ak pasyans jenerasyon kap vini an va gen yon meye vi.
Ann sispann itilize pep la nan entere pesonel nou, ann pito bay priyorite a Peyi a konsa menm lanati va souri bay nou. Ann pa kontinye vote pou 10 gd oubyen pou yon plat manje konsa nap ka pran desten peyi a an men ak yon gouvenman ki gen moralite, etik ak konsyans, le sa Ayiti va souri, touris ak envestise va soti nan lemond antye pou n vin an Ayiti.

"Ye we can", "Change wull not come if we wait for some other person or some other time. We are the ones we've been waiting for. We are the change that we seek" Barack Obama.

Love and Hope for Haiti.

Haiti cherie je t'aime.Que Bon Dieu benisse Haiti et ses enfants.

REPLY to this message

Return to Message List

Comments

New Jersey says...

Nou tande'ou Ayiti Cheri, nou tande Ronald Altieri tou. Kimbe lanmou nan coeun. We are listening to Ti Manno songs. Na rive avek lanmou nen coeu nou... more »