1)Pep la pa kwe nan okenn lide ki sou teren an konnye-a...

Tijas - February 10 2011, 1:16 AM

1)Pep la pa kwe nan okenn lide ki sou teren an konnye-a. 2)Gouvenman tranzisyon BONIFAS-LATORTUE a rete yon kochma pou pep ayisyen.

3) Majorite ayisyen pa gen santimam patriotik anko. Yo pret pou sede peyi- a bay etranje, pouvi ke yo ba yo kek ti sache diri oubyen pou yon viza. Se sa ki pi gran danje pou egzistans peyi-a.

Danje ki menase peyi-a se ke pa gen anyen nan konstitisyon an ki respekte, pandan ke nap pale de demokrasi.

Pa gen domokrasi san respe lalwa.

Preval pa respekte 7 fevrye -a. Lot prezidan kap vini-an pap respekte li. Epi nap toujou gen kolon blan kap vin pase restavek li yo lod. Se imilyan pou tout ayisyen konsekan, byen ke sa fe afe anpil lot kap ranpe.

Related Article:

Yesterday's Anti-Preval Protest Downplayed By The Haitian Media

Yesterday's Protest was a JOKE - After listening carefully to Haitian radio yesterday evening, it seems the anti-Preval / Anti-MINUSTAH protest in...

REPLY to this message

Return to Message List