ayiti cheri

Ayiti - February 7 2011, 12:07 PM

AYITI CHERI

Ayiti cheri pi bon peyi pase ou nanpwen
Fok mwen te kite w pou mwen te kap konprann vale w
Fok mwen te manke w pou m te kap apresye w
Pou m santi vreman tout sa ou te ye pou mwen
Gen bon soley bon rivye e bon brevaj
Anba pyebwa ou toujou jwenn bon lonbraj
Gen bon ti van ki bannou bon ti freche
Ayiti Toma se yon peyi ki me che

Le w lan peyi blan ou gen yon vye fret ki pa janm bon
E tout lajounen ou oblije ap boule chabon
Ou pakab we kle otan syel-la andey
E pandan si mwa tout pyebwa pa genyen fey
Lan peyi mwen gen soley pou bay chale
Diran lane tout pyebwa ap bay lonbraj
Bon briz de me toujou soufle sou no plaj
Ayiti Toma se yon peyi ki me che

Kon w lan peyi blan ou we tout figi yon sel koule
Lanpwen milatres bel marabou, bel grifonn kreyol
Ki renmen bel wob bon poud e bon ode
Ni bel jenn neges ki konn di bon ti pawol
Lan peyi mwen le tout bel moun si la yo
Soti lan mes ou soti lan sinema
Se pou gade se pou rete dyol lolo
A la bon peyi se ti Dayiti Toma!

Le w lan peyi blan ou pa we mango ni kok di tou
Lanpwen sapoti ni bel kayimit vet ou vyolet
Lanpwen zanana ni bel ti pom kajou
Ki ban nou bon nwa pou nou fe bon ti tablet
Ou jwenn zoranj ki soti an Itali
Men qui fennen qui toujou mwatye pouri
An Ayiti sa si bon se koupe dwet
E sou se rapo nou bay tout peyi payet

Le w lan peyi mwen kote ou pase tout lon chemen
Se bonjou kompe e makome e pitit la yo?

Sa'n pa we konsa manyen rentre ti bren
Pou'n bwa ti kichoy pou nou jwe de ti kout zo.
Fin bay lan men se rentre lan gran pale
Se politik se movez sitiyasyon
Sa pou nou fe se pou nou pran li kou l ye
Men bon Dye si bon la ban nou benediksyon

Le w ou lan peyi blan ou pe promennen nwit tankou jou
Tout moun pe mache prese prese wa di se chen fou
Kote yo prale pouki yap kouri konsa?

Yo pe pedi tan yo pa janm di: kouman sa?

Lan peyi mwen moun pa rete avek le
Genyen libete ou gen tan pou pran freche
Kote ou pase se bonjou se bay lan men
Moun pa janm prese yo koze tout lon chemen

Le w an Ayiti ou pa janm manke tan pou soufle
Sak pa fet jodi ou kap fe li demen si ou vle
Kan demen rive kel bon ou kel pa bon
Sa pa fe anyen tout moun konn di bon dye bon.
An Ayiti moun pa janm dezespere
Nou gen la fwa lan yon Dye ki pa janm manti
Nap fe jodi kan demen pa asire
A la bon peyi o mon Dye, se Ayiti

REPLY to this message

Return to Message List