Mwen remesie ou pou repons ou, men map di ou yon bagay pou ka...

Sergo Jean - January 28 2011, 9:19 PM

Mwen remesie ou pou repons ou, men map di ou yon bagay pou ka esye we cle. Haiti gen yon 2 pati politic ladan ki se pati Francois Duvalier et RDNP paske se li ki te vin pran pouvoi apre Jean claude te pati, tout lot yo rele groupman politic, apre 1986 nou genyen FNCD, ki divize e bawou OPL ki separe an 2 ki bay FANMI LAVALAS ki produi ESPOIR ki vin donnen INITE .sou gade andan yo wap we menm figu moun yo sof Aristide ki pala.Gen lot Neg yo ki al forme lot group ki bay tet yo nom Oposition map di ou tout wrong paske gen yon sel pati oposition an Haiti pati Francois Duvalier a paske tout nom ou we nan tet la te mete ansanm pou elimine pati sa pou 10 an san li pa gen doua nan anyen an Haiti, ki se yon blof paske yon pati ki fe 30 an o pouvoi zombifie tout mounn avec lide e panse.Poum di ou FANMI LAVALAS vin yon Pati politic counie ya, paske menm le Aristide deyo ou we li gen mounn ki rete soude avec li, sa vle di mounn sa yo ki ladan acepte IDE e PANSE lide ki nan tet la sa vle di gen VIZION avec REVE pou pati, malgre zac malonet yo comet nan peyi a sou inocent le yap fe represion pou lide yo ki wrong e mwen swete counie ya yo aprann de febles yo pou yo ka vin pifo.RDNP se yon Pati politic paske li pa janm divize e li rete soude avec IDE, VIZION epi REVE li san james separe.

Apres 25 ane toute lide sa yo te pase ap galbende san regle anyen, kounie ya li se moman pou 3 lide sa yo ki se Aristide, Duvalier,Manigat pou vin chita ansanm pou bay Haiti yon direction politic onet san ruz, pou montre pep Ayisyen lesprit patriot cote yap mete de cote sa ki divize nou yo pou nou ka avanse et cote yo tout pral bay Lajustice doua pou apreyande tout mounn ki comet zac malonet sou inosan andan peyi a.le mwen di yo 3 paske depi yo paticipe nan elecsyon ki onet tou les 3 pati sa yo pral gen mounn ki pase nan elecsyon sa ki pral bawou yon palman ki gen balance san fos cote, ki pral vote des lois pou fe peyi a fonctione san fos cote. sa vle di VIZION, REVE, IDE epi PANSE pral jwen oplas yo.

Response to:

Guin 2 bagay m'ta rinmin di: 1- Leu guin problem dlo...

Related Article:

Can Sweet Micky Win The Haiti Presidential Elections? A Haitian College Professor Comments

Now that Jude Celestin is out of the race, we are left with Michel 'Sweet Micky' Martelly and Mirlande Manigat for round 2 of the presidential...

REPLY to this message

Direct replies to this message:

Kankou'm toujou di'w m'kwe nou tou apecie keu ou sou...

Return to Message List